Ansyen Testaman 2022
7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraham 1–2: “Vin Yon Pi Gran Disip Jistis”


“7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraram 1–2: “Vin Yon Pi Gran Disip Jistis,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraram 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Abraram ak Sara

Ilistrasyon Abraram ak Sara by Dilleen Marsh

7–13 Fevriye.

Jenèz 12–17; Abraram 1–2

“Vin Yon Pi Gran Disip Jistis”

Kisa Sentespri a te anseye w semèn sa a lè w tap etidye Jenèz 12–17 ak Abraram 1–2? Asire w ke ou bay manm klas la opòtinite pou yo pataje sa Sentespri a te anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou bay manm klas la opòtinite pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan Jenèz 12–17 ak Abraham 1–2, yo chak ta kapab chwazi yon moun ki mansyone nan chapit sa yo epi konplete yon fraz tankou sa a: “Abraram te anseye m ” oubyen “Sarah te anseye m .”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jenèz 15:1–6; 17:15–22; Abraram 1:1–19

Bondye ap beni nou pou lafwa nou ak dezi jis nou yo.

  • Eksperyans Abraram ak Sara ki anrejistre nan Jenèz 15; 17; Abraram 1 kapab ede manm klas la mentni lafwa yo ke dezi jis yo ap ranpli nan tan Senyè. Kijan w ka kòmanse yon diskisyon sou prensip sa a? Se yon ide pou envite klas la chèche nan Jenèz 15:1–6 ak Abraram 1:1–19 epi pou yo dekri dezi Abraram yo ak sikonstans difisil li yo. Kijan Abraram ak Sara te demontre lafwa yo nan moman difikilte? (gade nan Ebre 11:8–13). Kijan dezi jis yo te ranpli finalman? (gade nan Jenèz 17:15–22; 21:1–3; Doktrin ak Alyans 132:29; Abraram 1:31). Kijan nou ka demontre lafwa nou lè dezi jis nou yo poko ranpli jan nou ta renmen yo ranpli a? Petèt manm klas la ta kapab pataje kijan Sovè a te sipòte yo nan sitiyasyon konsa?

  • Kèk manm nan klas ou a kapab pa resevwa anpil sipò nan men fanmi yo lè y ap fè efò pou yo viv levanjil la—e yo kapab menm fè fas a opozisyon. Kisa nou ka aprann nan egzanp Abraram nan Abraram 1:1–19 ki kapab ede moun ki ap fè efò pou yo viv dwat yo nan sitiyasyon sa yo?

  • Ou ta kapab mande manm klas la pou yo li Tradiksyon Joseph Smith lan, Jenèz 14:36–40 (nan apandis Bibl) epi pataje sa yo aprann sou lafwa Abraram ak dezi l yo. Yo ta kapab pataje tou jan yo te beni lè yo te egzèse lafwa yo pou yo peye dim.

Abraram 2:6–11

Alyans abramik lan beni nou tout.

  • Pou ede manm klas la konprann sa alyans abraramik la ye, ou ta kapab pataje deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson nan “Resous Adisyonèl yo” (gade tou nan Sijè Levanjil, “Alyans Abraramik,” topics.ChurchofJesusChrist.org). Manm klas la kapab te aprann enfòmasyon sou alyans abraramik lan Abraram 2:6–11, jan yo sigjere nan plan semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 Petèt manm klas la ta kapab pataje sa yo te aprann yo, oubyen klas la ta kapab etidye vèsè sa yo ansanm. Ki pwomès ak responsablite nou resevwa atravè alyans abraramik lan? Video “Special Witness—President Nelson (Temwen Espesyal—Prezidan Nelson” (ChurchofJesusChrist.org/media-library/video/2011-04-18-special-witness-president-nelson). Kisa nou bezwen fè pou nou resevwa benedisyon alyans sa a? Kijan nou kapab beni “tout fanmi sou tè a” antanke desandan Abraram? (Abraram 2:11).

Jenèz 14:18–19; Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:25–40

“Melkisedèk se te yon nonm lafwa.”

  • Akoz de retablisman levanjil la, pifò manm Legliz la abitye avèk Prètriz Mèlkisedèk la, men gen kèk moun ki pa konnen anyen sou nonm ki te rele Melkisedèk la. Pou ede manm klas la apran plis sou li, petèt ou ta kapab envite yo imajine ke yo te mande yo pou yo prezante l bay yon moun ki pa t konnen l epi fè yon lis sou tablo a konsènan sa yo tap di. Yo ta kapab baze bagay sa yo sou sa yo te li nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:26–27, 33–38 (nan apandis Bib la); Alma 13:13–19; ak Doktrin ak Alyans 107:1–4. Kisa nou aprann osijè Prètriz Mèlkisedèk la nan vèsè sa yo?

    Imaj
    Mèlkisedèk ki ap beni Abraram

    Mèlkisedèk beni Abraram, pa Walter Rane

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Benediksyon alyans abraramik la

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Alyans Bondye te fè avèk Abraram nan e ke li te reyafime nan apre avèk Izarak ak Jakòb la gen yon siyfikasyon ekstrawòdinè. … Senyè a te parèt nan dènye jou yo pou renouvle alyans abraramik sa a. … Avèk renouvèlman sa a, menm jan avèk mesye ansyen tan yo, nou te resevwa prètriz sen an ak levanjil etènèl la. Nou gen dwa pou nou resevwa plenitid levanjil la, jwei benediksyon prètriz la, epi kalifye pou pi gwo benediksyon Bondye a—ki se lavi etènèl” (“Alyans,” Lyawona, Nov. 2011, 87–88).

“Dènye benediksyon alyans abraramik lan se nan tanp sen yo moun resevwa yo. Benediksyon sa yo pèmèt nou vin avanse nan Premye Rezirèksyon an epi eritye twòn, wayòm, pouvwa, prensipote, ak teritwa, pou ‘egzaltasyon ak glwa nou nan tout bagay’ [Doktrin ak Alyans 132:19]” (“Special Witnesses of Christ,” Ensign, Avr. 2001, 7).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj souvan. Temwayaj senp e sensè ou sou verite espirityèl la kapab gen yon enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. Pa egzanp, ou ta kapab pataje yon temwayaj senp sou kijan alyans yo te beni lavi w.

Enprime