Ansyen Testaman 2022
14–20 Fevriye. Jenèz 18–23: “Èske Gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?”


“14–20 Fevriye. Jenèz 18–23: ‘Èske Gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Fevriye. Jenèz 18–23,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Sara ki kenbe tibebe Izaak

Sara ak Izaak, pa Scott Snow

14–20 Fevriye.

Jenèz 18–23

“Èske Gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?”

Pandan w ap prepare w pou anseye, met nan tèt ou ke anpil manm nan klas la kapab te gen pwòp eksperyans siyifikatif pa yo pandan yo t ap li Jenèz 18–23. Kisa w ka fè pou ankouraje yo pou yo pataje eksperyans sa yo ak ide sa yo? Anvizaje kite ide sa yo enfliyanse diskisyon klas la.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Tès nou yo ak eprèv nou yo vin tounen moman desizif nan lavi nou. Jenèz 18–23 dekri plizyè moman konsa nan lavi Abraram ak Lòt. Petèt manm klas la ta kapab pataje yon vèsè yo te twouve ki dekri yon moman desizif posib pou Abraram pandan etid pèsonèl yo semèn sa a. Yo ta kapab pataje sa yo te aprann de li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jenèz 18:9–14; 21:1–7

Senyè akonpli pwomès Li yo nan pwòp tan pa L.

  • Istwa ki nan vèsè sa yo kapab inspire manm klas la ki ap mande tèt yo si pwomès Bondye te fè yo a ap reyalize vre. Pou kòmanse yon diskisyon, li kapab itil pou w envite manm klas la revize avèk yon lòt moun nan klas la istwa pwomès Bondye te fè Abraram ak Sara nan Jenèz 17:4, 15–22; 18:9–14 ak akonplisman pwomès ki nan Jenèz 21:1–7. Kisa nan vèsè sa yo ki enpresyonan pou manm klas la? Ki verite nou te kapab tire nan eksperyans Abraram ak Sara a pou nou pataje avèk yon zanmi ki ap pèdi espwa ke Bondye ap akonpli pwomès li yo? Ki lòt ekriti ou eksperyans pèsonèl nou ta kapab pataje? (gade, pa egzanp. nan Women 8:28; Ebre 11; Mòmon 9:19–21; Doktrin ak Alyans 88:64). Ki eksperyans kote pwomès Bondye yo te akonpli nan lavi yo manm klas la ta kapab pataje? Kijan nou soutni lafwa nou lè benediksyon Senyè a pwomèt nou yo gen dwa pa akonpli nan lavi sa a? (gade nan Ebre 11:8–13).

Jenèz 19:15-26

Antanke disip Jezikri, nou ta kapab fui mechanste epi pa gade dèyè.

  • Ki leson ou santi manm klas ta kapab aprann nan istwa fanmi Lòt ki t ap fui Sodòm ak Gomò yo? Gen yon leson posib ke yo sigjere nan deklarasyon Èldè Jeffrey R. Holland nan “Resous Adisyonèional Resources.” Petèt ou ta kapab pataje l avèk klas la apre ou fin rezime evènman ki dekri nan Jenèz 19:15–26. Nan ki fason oswa nan ki sitiyasyon nou “[gade] dèyè” pafwa (vèsè 26) lè nou dwe gade devan avèk lafwa nan Sovè a? Petèt manm klas la ta kapab pataje eksperyans ki ilistre enpòtans pa gade dèyè. Kisa Lik 9:62 ajoute sou konpreyansyon konsèp sa a?

    Imaj
    Ilistrasyon Lòt ak fanmi l ki ap kouri kite Sodòm ak Gomò

    Kouri kite Sodòm ak Gomò, pa Julius Schnorr von Carolsfeld

Jenèz 22:1–14

Volonte Abraram pou l sakrifye Izaaak se yon similitid Bondye ak Pitit Gason L lan.

  • Istwa Abraram ki te ofri pitit gason l lan kòm yon sakrifis kapab anseye nou sou sakrifis Pitit Gason Pè Selès la. Yon fason pou eksplore istwa sa a se pou bay mwatye klas la responsablite pou yo medite sou Jenèz 22:1–14 nan pèspektiv Abraram ak Bondye Papa a, pandan lòt mwatye a ap medite sou aksyon sa a nan pèspektiv Izaak ak Jezikri. Mande manm klas la pou yo pataje ide yo te jwenn yo. An patikilye, kisa manm klas la aprann ki apwofondi gratitid yo pou Pè Selès la ak Jezikri? Kòm yon pati nan diskisyon sa a, ou ta kabap afiche foto Abraram Ki Mennen Izaak Pou l al Sakrifye l la nan(Liv Ilisitrasyon Levanjil la, no. 9) oubyen pase video “Akedah (The Binding)” nan ki nan (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
additional resources icon

Resous Adisyonèl

“Lafwa toujou ap gade nan direksyon lavni.”

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Li posib ke mandanm Lòt la te gade dèyè avèk move santiman kont Senyè a poutèt sa Li te mande manmzèl pou l kite dèyè yo. … Donk, se pa t sèlman gade li te gade dèyè, li te gade dèyè avèk anvi ak nostalji. An brèf, atachman l a lepase a te depase konfyans li nan lavni. …

“… Mwen sipliye w pou w pa ni panse a jou ki pase deja yo ni atache pou granmesi a bagay yè yo, kèlkeswa jan bagay yè kapab te bon. Moun dwe aprann de pase yo men yo pa dwe viv nan lepase. Nou gade dèyè pou nou retire chabon dife yo nan eksperyans gloriye yo men pa nan sann yo. Epi lè nou aprann sa nou bezwen aprann nan epi nou vini avèk pi bon eksperyans nou te fè yo, lè sa a nou gade devan epi nou sonje ke lafwa toujou gade nan direksyon lavni. …

“… [Madan Lòt] pa t gen lafwa. Li te gen dout sou kapasite Senyè a pou ba li yon bagay ki pi bon pase sa li te genyen anvan. Aparamman, manmzèl te panse ke anyen nan sa ki te devan l yo pa ta ka bon menm jan avèk sa li t ap kite dèyè yo

“… Panse a lavi pase, sa ki enkli fot ki pase yo, tou senpleman pa bon! Se pa levanjil Jezikri a” (“The Best Is Yet to Be,” Ensign, Jan. 2010, 24, 26–27).

Amelyore ansèyman nou

Pwomèt benediksyon. Pandan w envite moun w ap anseye yo pou yo aplike sa yo aprann yo, temwaye tou sou benediksyon ke Bondye te pwomèt moun ki fè sa yo. (Gade tou nan Anseye nan Fason Sovè a,35.)

Enprime