Ansyen Testaman 2022
4–10 Avril Egzòd 14–17: “Ouvri Je Nou Pou Nou wè Jan Senyè a Pral Delivre Nou”


“4–10 Avril. Egzòd 14–17: ‘Ouvri Je Nou Pou Nou wè Jan Senyè a Pral Delivre Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“4–10 Avril. Egzòd 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Lamè Wouj

Lamè Wouj la

4–10 Avril

Egzòd 14–17

“Ouvri Je Nou Pou Nou wè Jan Senyè a Pral Delivre Nou”

Reflechi sou jan eksperyans timoun Izrayèl yo aplike a manm klas ou a. Ki eksperyans ki ap pi itil pou yo diskite?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Egzòd 14–17 plen avèk istwa memorab. Yon manm klas la ta kapab desine foto yon evènman ki soti nan chapit sa yo pandan lòt manm klas la ap devine kisa l ap desine a. Mande yo pou yo pataje sa yo te aprann nan istwa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Egzòd 20:14

Pè Selès la delivre nou lè nou suiv Lespri a.

  • Lamè Wouj la te sanble avèk yon enpas pou Izrayelit yo, men Bondye te konnen bagay yo pa t konnen. Revize istwa travèse mirakile Lamè Wouj la ta kapab raple manm klas la moman kote Bondye te delivre yo anba eprèv yo. Ou ta kapab mande manm klas la pou yo revize Egzòd 14 epi pou yo pataje sa ki plis enspire yo konsènan istwa sa a. Ankouraje yo tou pou yo pataje eksperyans yo avèk delivrans anba eprèv, ansanm avèk vèsè nan chapti la ki bati lafwa ke Bondye kapab delivre nou.

  • Li ta kapab enteresan pou nou li ansanm Doktrin ak Alyans 8:2–3. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou Moyiz? Kijan prensip sa yo afekte fason nou panse sou evenmen nan Egzòd 14yo? Kisa yo sigjere sou jan nou chèche delivrans nan eprèv nou yo? Reflechi sou kisa deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab ajoute nan diskisyon sa a.

Imaj
yon fi ki ap ranmase lamàn

Lamàn Bondye a te nouri Izrayèl fizikman; nou bezwen lamàn kòm nouriti espirityèl chak jou tou. Tablo Leopold Bruckner

Egzòd 15:23–27; 16:1–15; 17:1–7

Senyè a ap reponn bezwen nou yo pandan vwayaj nou nan lavi sa a.

  • Egzòd 15–17 la bay anpil resi ki bati lafwa manm klas yo nan pouvwa ak dispozisyon Senyè a pou L reponn bezwen fizik ak espirityèl nou yo. Petèt chak manm klas la ta kapab etidye youn nan pasaj sa yo, pandan y ap chèche mesaj espirityèl ki nan Egzòd 15:23–27; 16:1–15; 17:1–7yo. Bay plizyè manm klas la yon chans pou yo pataje sa yo te jwenn. Kijan nou ta kapab itilize istwa sa yo pou nou ankouraje yon moun ki gen bezwen tanporèl ak espirityèl ki pa satisfè?

  • Manm klas la ta kapab li vèsè sa yo tou epi idantifye egzanp sou mimire. Kijan nou ta kapab eksplike yon moun kisa mimire vle di? Ki konsekans mimire genyen ki rann ni danjere? Petèt, manm klas la ta kapab pataje konsèy sou kijan pou nou evite tantasyon pou nou mimire kont Senyè a lè nou ap travèse eprèv difilisil?

  • Sa ta kapab ede manm klas la pou w konpare lamàn ke yo dekri nan Egzòd 16 la avèk nouriti lespri nou bezwen yo. Ki resanblans nou wè? Ki leson espirityèl Senyè a kapab te vle anseye Izrayelit yo lè L te voye lamàn nan jan L te fè a? (gade nan Jan 6:31–35, 48–58). Ou ta kapab pase youn ou plis nan videyo nou jwenn nan “Resous Adisyonèl” yo tou.

Egzòd 17:8-16.

Nou beni lè nou soutni dirijan nou yo.

  • Istwa Aawon ak Hur ki kenbe men Moyiz la ilistre kijan li enpòtan pou nou soutni moun ki resevwa apèl pou yo anseye nou yo. Ou ta kapab envite kèk manm klas la pou yo jwe senaryo sou eksperyans lan pandan yon lòt manm klas la ap li l awotvwa. Ki resanblans ki genyen ant efò Aawon ak Hur te fè pou yo te kenbe men Moyiz la ak efò nou pou nou soutni dirijan nou yo? Nan ki fason nou montre sipò nou pou dirijan nou yo?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Ou kapab resevwa direksyon pèsonalize.

Sè Michelle Craig te anseye:

“Antanke disip fidèl [Sovè a], ou ka resevwa enspirasyon ak revelasyon pèsonèl ki konfòm a kòmandman L yo, ki koresponn a bezwen w yo. Ou gen misyon ak wòl san parèy pou w akonpli nan lavi a epi w ap resevwa direksyon san parèy pou akonpli yo.

“Nefi, frè Jarèd la, e menm Moyiz, te gen yon gwo kantite dlo pou yo te travèse—e yo chak te fè sa nan fason diferan. Nefi te travay ‘planch avèk yon abilite ekstraòdinè’ [1 Nefi 18:1]. Frè Jarèd la te bati gwo bato ki te“san fant tankou yon kivèt.”[gade nan Etè 6:5–8]. Epi Moyiz “te mache sou tè sèk nan mitan lanmè a’ [Egzòd 14:29].

Yo chak te resevwa enstriksyon pèsonèl, ki te taye pou yo epi yo chak te fè konfyans epi yo te aji. Senyè a gen konsiderasyon pou moun ki obeyi Li, epi daprè pawòl Nefi yo, L ap “prepare yon mwayen pou [nou] kapab akonpli bagay Li kòmande a’ [1 Nefi 3:7]. Note ke Nefi di ‘yon mwayen’—e non pa ‘mwayen an.’

“Èske nou rate oubyen refize tach Senyè a ba nou paske Li prepare ‘yon fason’ ki diferan de sa nou t ap atann nan?” (“Kapasite Espirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 21).

Videyo

Nan video “Daily Bread: Pattern (Pen Chaj Jou: Modèl),” “Daily Bread: Experience (Pen Chak jou: Eksperyans),” ak “Daily Bread: Change (Pen Chak Jou: Chanjman” yo nan (ChurchofJesusChrist.org), Eldè D. Todd Christofferson pataje ide sou mirak lamàn nan.

Amelyore Ansèyman nou

Ankouraje lòt moun pou yo rann temwayaj yo. Anpil nan moun w ap anseye yo gen temwayaj pèsonèl puisan konsènan laverite pou yo pataje. Envite yo pataje temwayaj yo pandan w ap poze yo kesyon senp, tankou, “Ki benedikson ou te resevwa paske ou te suiv pwofèt la?” (Gade tou nan Anseye nan Fason Sovè a,11.)

Enprime