Ansyen Testaman 2022
18–24 Avril. Egzòd 18–20: “N Ap Fè Tout Sa Senyè A Di Nou Fè”


“18–24 Avril. Egzòd 18–20: ‘N Ap Fè Tout Sa Senyè A Di Nou Fè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“18–24 Avril. Egzòd 18–20,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
mòn

Yon mòn nan peyi Ejip ke yo kwè ki se Mòn Sinayi Dapre Tradisyon an

18–24 Avril

Egzòd 18–20

“N Ap Fè Tout Sa Senyè A Di Nou Fè”

Li Egzòd 18–20epi ekri enpresyon ou resevwa sou fason pou w ede manm klas ou a aprann nan chapit sa yo. Menm enpresyon senp yo ka mennen nan eksperyans aprantisaj trè siyifikatif.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou envite manm klas la pataje sa yo te aprann, ou ta kapab ekri sou tablo a 18, 19, ak 20—chapit yo te li semèn sa nan Egzòd semèn sa a. Mande yo pou yo ekri bò kot chak chapit kantite vèsè yo ta renmen diskite nan chapit sa a. Pandan manm y ap pataje ide yo, mande lòt manm yo nan klas la si yo te gen ide sou menm pasaj yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Egzòd 18:13–26

Nou kapab ede “pote fado” fè travay Senyè a.

  • Ou ta kapab ankouraje klas ou a pou l diskite sou konsèy Jetwo te bay Moyiz la (gade nan Egzòd 18:13–26) pandan w ap mande yo pou yo imajine ke yo nan yon konvèsasyon avèk yon moun ki santi ke apèl li nan Legliz la, obligasyon familyal li yo oubyen lòt responsablite l yo “twò lou” e ke li ap “fin kraze kouraj li” (Egzòd 18:18). Kijan konsèy ki nan Egzòd 18:13–26 la ka ede? Ki konsèy adisyonèl nou ta kapab pataje apati de eksperyans pèsonèl nou yo?

  • Pale de Egzòd 18:13–26 la ta kapab ofri yon opòtinite pou nou diskite sou jan sèvis pastoral ka ede “pote fado a avèk” dirijan nou yo nan travay Senyè a (Ezòd 18:22). Ki karakteristik Jetwo te sigjere Moyiz pou l chèche nan moun ki t ap sèvi kòm “dirijan” pèp la? (gade nan Egzòd 18:21). Poukisa karakteristik sa yo enpòtan nan efò nou o pou nou youn fè sèvis pastoral pou lòt? Kijan sèvis pastoral pou manm fanmi nou, manm Legliz la ak lòt moun ede “pote fado” dirijan nou yo nan Legliz la? Nan kad diskisyon w lan, ou ta kapab pase youn nan videyo ki gen rapò avèk sijè sa a ke nou jwenn nan ministering.ChurchofJesusChrist.org.

    Imaj
    yon mesye k ap bay yon fi lanmen

    Sèvis pastoral pou lòt moun se yon fason nou kapab patisipe nan travay Senyè a.

Egzòd 20:2–11

Nou dwe mete Senyè a nan premye plas nan lavi nou.

  • Eske w kapab panse a yon travay ki mache pi byen lè nou konplete etap ki pi enpòtan yo an premye? (Egzanp yo ta kapab enkli rezoud yon ekwasyon matematik oubyen reyalize yon resèt. Pataje avèk klas la kèk egzanp ki familye pou ou, epi envite yo panse a pwòp egzanp pa yo. Kijan konplete etap ki pi enpòtan yo an premye gen rapò avèk kòmandman yo ki nan Egzòd 20:2–11la? Kisa kòmandman yo anseye nou konsènan mete Bondye an premye nan lavi nou? Ki bagay nou kapab tante pou nou mete anvan L? (Pou kèk egzanp, gade nan deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo.”) Repase Egzòd 20:2–11 an kapab ede manm klas ou yo reflechi sou angajman yo pou yo mete Bondye an premye.

Egzòd 20:2–17

Bondye plen mizèrikòd.

  • Kijan w ka ede manm klas ou a konprann enpòtans Dis Kòmandman yo nan epòk pa nou an? Ou ta kapab divize klas la an gwoup 2 moun epi envite yo pou yo li Egzòd 20:2–17 epi diskite kijan obeyi chak kòmandman beni yomenm, fanmi yo ak moun ki bò kote yo. Ou ta gen dwa pase video “Obedience to the Ten Commandments (Obeyi Dis Kòmandman yo)” tou ki nan (ChurchofJesusChrist.org). Ki benediksyon Pè Selès la pwomèt nou si nou obeyi kòmandman L yo? (gade, pa egzanp, nan Mozya 2:41). Kijan kòmandman sa yo demontre lanmou Bondye pou nou?

Imaj
additional resources icon

Resous Adisyonèl

Okenn lòt dye.

Prezidan Spencer W. Kimball te anseye ke gen paralèl ant adorason imaj grave nan tan lontan yo ak konpòtman moun jodi a. Li te di:

“Idolatri se youn nan peche ki pi grav yo. …

“Idòl ak fo dye modèn yo ka pran fòm tankou rad, kay, biznis, machin, otomobil, bato pou moun pran plezi yo, ak anpil lòt bagay ki detounen sou wout ki mennen nan divinite a. …

“Bagay nou pa ka wè ka vin tounen dye byen fasil pou nou. Diplòm, rekonpans ak tit kapab vin tounen idòl. …

“Anpil moun bati ak meble yon kay epi ache yon otobomobile an premye—epi apre sa yo twouve ke yo ‘pa kapab pèmèt’ yo peye dim. Kimoun y ap adore? Sètènman se pa Senyè syèl la ak tè a. …

“Anpil moun adore lachas, lapèch, vakans, piknik ak sòti nan wikenn. Gen lòt ki gen kòm idòl aktivite espò, bezbòl, foutbòl, batay towo bèf, oswa gòlf. …

“Yon lòt imaj lèzòm adore se imaj pouvwa ak prestij. … Dye pouvwa, richès, ak renome sa yo trè egzijan e yo osi reyèl ke bèf lò a timoun Izrayèl yo t ap adore nan dezè a” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 146–47).

Amelyore Ansèyman nou

Konsantre sou kèk prensip. “Gen anpil bagay pou diskite nan chak leson, men li pa nesesè pou w kouvri tout bagay nan yon sèl peryòd klas pou w touche kè yon moun—souvan youn oubyen de pwen kle sifi.” (Anseye nan Fason Senyè a,7

Enprime