Ansyen Testaman 2022
11–17 Avril Pak: “Li Pral Fè Pa Janm Gen Lanmò Ankò”


“11–17 Avril. Pak: ‘Li Pral Fè Pa Janm Gen Lanmò Ankò,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“11–17 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
tonm avèk wòch ki woule kite pòt la

Ilistrasyon tonm vid la pa Maryna Kriuchenko

11–17 Avril

Pak

Pak: “Li Pral Fè Pa Janm Gen Lanmò Ankò”

Pandan w ap prepare w pou w anseye nan jou Dimanch Pak la, reflechi sou jan ou kapab ede manm klas la akeri yon apresyasyon pi pwofon ak yon temwayaj pou sakrifis ekspyatwa Jezikri a ak Rezirèksyon L lan.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Petèt ou ta kapab envite manm klas la pou yo pataje sa yomenm oubyen fanmi yo te fè pou ranfòse lafwa yo nan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa L la pandan sezon Pak sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Paske Sovè a te gen viktwa sou lanmò, noumenm tou n ap viv ankò.

  • Kòm jodi a se Dimanch Pak, anvizaje revize istwa Premye Pak la nan ekriti yo—Rezirèksyon Jezikri a (gade nan Jan 20:1–17). Ou ta gen dwa envite yon manm nan klas la pou l rakonte istwa a avèk pwòp mo pa l. Ou ta kapab pase videyo “Li Resisite” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Manm klas la ta gen dwa vle chante kantik sou Sovè a epi li ekriti ki gen rapò avèk yo (gen yon lis referans anba chak chan nan liv Cantiquesla). Manm klas la ta ta ka pataje gwoup mo yo pi renmen nan kantik yo ak jan yo santi yo konsènan Sovè a.

  • Pou ede manm klas ou a apresye kijan Ansyen Testaman an rann temwayaj konsènan Jezikri, ou ta kapab envite yo revize ekriti yo ki nan lis ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, ak nan pasaj Liv Mòmon an ki akonpaye tablo a. Kisa nou aprann konsènan Sovè a ak misyon L lan nan pasaj sa yo? Poukisa li enpòtan pou nou konnen pwofesi sa yo?

Nou kapab jwenn lapè ak lajwa gras a Ekspyasyon Sovè a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv—Pou Moun yo ak Fanmi yo genyen ladan l yon lis ekriti ki dekri lapè ak lajwa ki vini atravè Jezikri. Si manm klas la te li ekriti sa yo lakay yo, ankouraje yo pou yo pataje panse yo ak santiman yo konsènan ekriti sa yo. Oubyen ou ta kapab li kèk ekriti antanke klas epi pale de lapè ak lajwa nou santi akozde Sovè a ak Ekspyasyon L lan. Kijan nou kapab pataje benediksyon sa yo avèk moun ki gen ap goumen pou yo jwenn pè ak jwa nan lavi? Ou ta kapab envite yon manm klas la pou l li mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Lajwa ak Sivi Espirityèl” la nan (Lyawona, Nov. 2016, 81–84) pandan semèn anvan klas la epi pou l vin nan klas la prepare pou l pataje sa mesaj sa a anseye konsènan jwenn lajwa nan Sovè a.

  • Ou ta kapab santi w enspire pou w dirije yon diskisyon sou kijan pou ede lòt moun jwenn lajwa ak lapè nan Kris la. Ou ta kapab envite manm klas la pou yo panse a yon moun yo konnen —petèt yon moun ki konn resevwa sèvis pastoral nan men yo—ki ta kapab bezwen sipò yo, sèvis yo ou tou senpleman ki bezwen tande temwayaj yo konsènan Jezikri ak Ekspyasyon L lan. Ankouraje manm klas la pou yo refere yo a ekriti yo (tankou sa ki nan “Resous Adisyonèl”) yo lè y ap konsidere sèvis yo ta kapab rann oubyen temwayaj yo ta kapab pataje pou ranfòse moun ki bò kote yo. Envite kèk manm klas la pataje panse yo konsènan sèvi jan Jezi te fè l la.

Imaj
Kris la sou kwa a

Jou Gri Golgotha a, pa J. Kirk Richards

Atravè Ekspyasyon L lan, Jezikri gen pouvwa pou ede nou simonte peche, lanmò, eprèv, ak feblès.

  • Yon fason pou ede manm klas la medite sou benediksyon ki soti nan Ekspyasyon Sovè a se ta ekri tit sa yo sou tablo a: Peche, Lanmò, Eprèv, ak Feblès. Mande chak manm klas yo pou yo li youn nan ekriti ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la epi medite sou fason Sovè a ede nou simonte bagay sa yo ki ekri sou tablo a. Manm klas la ta kapab ekri referans ekriti yo anba youn ou plis nan tit ki sou tablo a epi pataje temwayaj yo konsènan Sovè a ak Ekspyasyon L lan.

  • Istwa yo ak analoji yo ka ede nou konprann Ekspyasyon Jezikri a. Pa egzanp, ou ta kapab envite yon manm klas la pou l pataje youn nan istwa oswa analoji ki nan mesaj Eldè Walter F. González la “Touch Sovè a” (Lyawona, Nov. 2019, 90–92) ou mesaj Sè Neill F. Marriott “Mache avèk Bondye epi Repare brèch la” (Lyawona, Nov. 2017, 10–12). Kisa istwa sa yo ak analoji sa yo anseye nou sou Ekspyasyon Kris la? Envite manm klas la pou yo travay an gwoup 2 moun pou yo panse a pwòp istwa oswa analoji pa yo.

  • Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan pri Jezikri te peye pou sali nou: Ezayi 53:3–5; Mozya 3:7; Doktrin ak Alyans 19:16–19? Ki pri Pè Selès nou an te peye? (gaden nan Jan 3:16).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Ekriti sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Amelyore Ansèyman nou

Remèsye elèv ou yo. “Pa plonje tèt ou sitèlman nan leson an ke w bliye remèsye elèv ou yo pou patisipasyon yo. Yo bezwen konnen ke w apresye dispozisyon yo pou yo pataje ide yo ak temwayaj yo” (Anseye nan fason Sovè a,33).

Enprime