Ansyen Testaman 2022
2–8 Me Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19: “Sentete pou Senyè a”


“2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19: ‘Sentete pou Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“2–8 Me. Egzòd Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Tanp São Paulo nan Brésil

2–8 Me

Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19

“Sentete pou Senyè a”

Pandan w ap fè eksperyans siyifikatif avèk etid ekriti yo, w ap kapab anseye ak temwaye lè w reyini avèk manm yo nan klas la jou Dimanch. Kisa w ka fè pou ankouraje manm klas yo pou yo fè menm bagay la tou?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Chapit pou nou li yo semèn sa a itilize senbòl pou anseye konsènan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la. Ou gen dwa kòmanse klas la avèk envitasyon pou manm yo nan klas la ekri oubyen desine sou tablo a yon bagay yo te jwenn nan Egzòd 35–40 oswa Levitik 1; 16; 19 ki te anseye yo sou Sovè a. Envite yo pataje sa yo aprann yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Egzòd 35–40

Senyè a vle nou vin sen jan L ye a.

  • Si manm klas yo te etidye Egzòd 35—40 semèn sa a, siman yo te mande tèt yo kijan tout eleman yo ki te nan ansyen tabènak la te fè yo panse ak Jezikri. Si yo te fè sa, ankouraje yo pou yo pataje sa yo te panse. Tablo ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ta ka ede nan diskisyon sa a tou. Ou ta gen dwa di yo tou kisa senbòl sa yo ki te konekte avèk tabènak la anseye nou sou fason pou nou vin pi sen. Kijan Jezikri ede nou vin pi sen?

  • Pou anpil moun, ide pou yo vin pi sen an ka sanble l enposib. Kijan w pral ede manm klas yo konprann ke vin sen fè pati plan Pè Selès la pou nou? Ou gen dwa li deklarasyon Prezidan Henry B. Eyring nan ki nan “Resous adisyonèl” la avèk yo. Kisa sa vledi pou nou vin sen? Kijan tanp nan dènye jou nou yo ak travay nou fè ladan yo a ede nou vin pi sen? (gade tou Doktrin ak Alyans 84:19–24; 109:6–26; 128:15–18). Apresa ou ta gen dwa mande manm yo nan klas la pou yo di kijan bagay sa yo ede yomenm—oswa lòt moun yo konnen—vin pi sen.

  • Tabènak Izrayelit yo nan dezè a sanble nan anpil fason avèk tanp dènye jou nou yo. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo fè lis kèk bagay yo te aprann apwopo tabènak la nan Egzòd 35—40 ki raple yo eksperyans nou fè nan tanp yo. Si yo bezwen èd, ou gen dwa montre yo vèsè nan Egzòd 40 la ki fè referans a vwal, otèl, vètman sakre, lavman, ak onksyon yo. Nan ki fason tanp lan ede nou vin jwenn Kris la? Kisa nou ka fè pou konsantre tan nou pase nan tanp lan sou Li?

Levitik 1:1–9; 16

Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka jwenn padon.

  • Menmsi ide sakrifis animal la ka sanble l etranj pou nou jodia, gen anpil bagay nou ka aprann nan pratik sa a sou sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Pou kòmanse yon diskisyon, ou ta gen dwa montre foto Sovè a nan Jetsemane ak sou kwa a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 5657). Manm klas yo ta ka pataje mo yo santi ki anrapò avèk sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Apresa envite yo pou yo repase Levitik 1:1–9 oswa Levitik 16, ki dekri sakrifis animal yo, pou yo ka chèche mo yo santi ki anrapò avèk sakrifis Sovè a. Kijan ansyen sakrifis sa yo ka ede nou konprann Ekspyasyon Jezikri a pi byen? Yo ta gen dwa chante yon kantik sou Sovè a epi pataje sa yo santi konsènan L tou.

    Imaj
    pèp ansyen k ap pote ofrann pou bati tabènak la

    Timoun Izrayèl yo te bay ofrann pou tabènak la avèk “yon kè byen dizpoze” (Egzòd 35:5). Ilistrasyon Corbert Gauthier, © Lifeway Collection/licensed from goodsalt.com

  • Li ka petèt itil pou manm yo nan klas la ta konpare sakrifis Senyè a te mande nan epòk Ansyen Testaman yo avèk sakrifis Li mande nou jodia. Paregzanp, yo ta gen dwa fè yon lis sou fason nou fè sakrifis pou Senyè a ak pou travay Li, tankou sèvi nan apèl nou yo, peye ofrann jèn, fè rechèch jeneyalojik, oswa fè sèvis pastoral youn pou lòt. Apresa, ou ta ka li Levitik 1:1–9 ansanm avèk yo epi envite yo pou yo chèche kèk bagay sou ofrann yo dekri nan vèsè sa yo ki ta ka gen rapò avèk ofrann Senyè a mande nou pou nou bay jodia (gade 3 Nefi 9:19–20; Doktrin ak Alyans 64:34). Kisa nou ka aprann nan Moyiz 5:7 la sou fason nou ta dwe konsidere sakrifis n ap fè pou travay Senyè a?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Bondye ka fè nou vin gen sentete.

Prezidan Henry B. Eyring te anseye:

“Pi gwo bonè soti nan pi gwo sentete pèsonèl. … Ekriti yo anseye nou ke pami lòt bagay yo, nou ka sanktifye oubyen vin devlope plis sentete lè nou egzèse lafwa nan Kris la, demontre obeyisans nou, repanti, fè sakrifis pou Li, resevwa òdonans sakre yo, epi kenbe alyans nou fè avèk Li yo. …

“Kantik ‘Ah donne-moi, Père’ [Cantiques, no. 68] la sigjere yon fason pou nou priye pou nou ka jwenn èd pou nou vin gen plis sentete. Otè a sigjere sajman ke sentete n ap chèche a se yon don nou resevwa nan men yon Bondye eman, ki ba nou l avèk letan, apre tout sa nou kapab fè” (“Sentete ak Plan Bonè a,” Liahona, Nov. 2019, 100–101, 103).

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik sakre. Mesaj ki nan kantik yo ka ranfòse doktrin ki nan ekriti yo. Paregzanp, chante yon kantik tankou “Ah, donne-moi, Père” oswa “Merveilleux l amour” (Cantiques, nos. 68, 117) ta ka ranfòse kèk nan mesaj yo anseye nan Levitik 16 ak 19 yo.

Enprime