Ansyen Testaman 2022
9–15 Me. Resansman: 11–14; 20–24: “Pa fè Rebèl Kont Senyè a, Ni ou pa Bezwen Pè”


“9–15 Me. Resansman: 11–14; 20–24: ‘Pa fè Rebèl Kont Senyè a, Ni ou pa Bezwen Pè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“9–15 Me. Resansman 11–14; 20–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
vale dezè a

9–15 Me

Resansman 11–14; 20–24

“Pa fè Rebèl Kont Senyè a, Ni ou pa Bezwen Pè”

Youn nan pi bon fason pou konsantre pandan klas la se mande manm klas yo sa yo te wè ki te siyifikatif pandan yo t ap etidye ekriti yo. Sa ap revele w sa ki enpòtan pou yo ak sa yo pare pou yo aprann.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa, tout sa w bezwen fè pou w ankouraje manm klas yo pou yo pataje sa yo te jwenn nan etid yo se yon senp kesyon tankou “Kisa Sentespri a te anseye nou pandan nou t ap li ekriti yo semèn sa a?” Apresa, ba yo tan pou yo medite ak reponn.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Resansman 12

Lè nou pale kont pwofèt Senyè a aple yo, nou ofanse Senyè a.

  • Lekti Resansman 12 la ka ede manm yo nan klas la konprann gravite ki genyen nan pale kont pwofèt Senyè a. Ou gen dwa envite manm yo nan klas la pou yo li chapit sa a epi di kijan Senyè a santi L apwopo sèvitè L yo. Baze sou vèsè 1–2a, kisa w panse pale kont pwofèt Senyè a vledi? Ki danje ki genyen lè nou fè sa? Kisa nou ka aprann nan aksyon Moyiz ak Izrayelit yo nan vèsè 13 ak 15yo?

Resansman 12:3

“Moyiz te gen anpil imilite.”

  • Gen moun ki gen dwa etone lè yo li ke yon lidè osi puisan ke Moyiz, ki te kanpe devan Farawon epi ki te akonpli anpil mirak ekstraòdinè avèk pouvwa Senyè a, sete yon moun ki te “enb anpil” tou. Ou gen dwa itilize Resansman 12:3 pou kòmanse yon diskisyon sou siyifikasyon vrè imilite. Ou gen dwa gade definisyon ki nan “Dou, Dousè” a nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Antanke klas, nou gen dwa chèche kèk bagay ki endike imilite Moyiz tou nan Resansman 12.

  • Ki lòt evidans ki ka ba nou leson sou imilite Moyiz? (gade, paregzanp, Egzò 18:13–25; Resansman 11:26–29; Ebre 11:24–27; Moyiz 1:10–11). Ou ta gen dwa li epi diskite sou imilite Sovè a te demontre tou (gade Matye 11:29; 27:11–14; Lik 22:41–42; Jan 13:4–5). Kisa egzanp Moyiz ak Sovè a—oubyen egzanp moun nou konnen—anseye nou sou imilite? Poukisa Bondye vle pou nou enb?

Resansman 13– 14

Ak lafwa nan Senyè a, nou ka gen lespwa pou demen.

  • Pandan w ap diskite sou istwa 12 Izrayelit yo ki t al eksplore tè pwomiz la epi ki te retounen vin bay rapò yo a, panse pou w mande manm yo nan klas la kijan yo santi istwa sa a ta ka aplike a sitiyasyon y ap travèse. Pou ede yo, ou ta gen dwa envite kèk ladan yo pou fè lis sou kèk bagay nan Resansman 13:23–33 a ki ta ka konpare avèk yon bagay nan lavi yo. Paregzanp, tè pwomiz la te ka reprezante yon bagay Senyè a vle nou akonpli, grap rezen yo ta ka reprezante benediksyon, jeyan yo ta ka pwoblèm n ap travèse yo, eksetera. Ankouraje manm yo nan klas la pou yo pataje kisa yo santi Senyè a ta vle yo aprann nan istwa sa a.

    Imaj
    gason k ap montre Moyiz fwi yo

    Dis nan espyon Izrayelit yo te pè; Jozye ak Kalèb te gen lafwa.© Lifeway Collection/licensed nan goodsalt.com

Resansman 21:4–9

Si nou vire gade Jezikri ak lafwa, Li ka geri nou spirityèlman.

  • Pou ede manm yo nan klas la diskite sou istwa ki nan Resansman 21:4–9 la epi bati lafwa yo nan Sovè a, ou te gen dwa ekri kèk kesyon tankou sa yo sou tablo a: Kisa sèpen an kuiv la reprezante? Kisa mòde sèpan yo reprezante? Poukisa kèk moun te refize gade sèpan an kuiv la? Kijan nou ka “gade l” jodia? Manm yo nan klas la ta ka pataje repons yo jwenn pandan y ap ap li Resansman 21:4–9; 1 Nefi 17:40–41; Alma 33:18–22; ak Elaman 8:13–15. Ki kèk bagay senp Sovè a envite nou pou nou fè pou nou ka resevwa gerizon Li? Poukisa pafwa li difisil pou nou fè bagay senp sa yo? (gade “Resous Adisyonèl” pou n jwenn kèk ide sou sa). Petèt manm yo nan klas la ta ka di kijan lè nou fè bagay sa yo, sa pote pouvwa Sovè a nan lavi nou.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Ti bagay senp yo.”

Èldè L. Whitney Clayton te pale de yon evèk ki te konseye kèk manm nan pawas li ki t ap travèse yon kantite pwoblèm difisil nan lavi yo:

“Konsèy li te bay manm yo nan pawas la te souvan enkli retounen nan senp pratik lafwa yo, tankou li Liv Mòmon an[,] … peye dim, ak sèvi nan Legliz la avèk devouman. Men, souvan, repons yo te konn ba li sete yon repons plen dout: ‘… Kisa youn nan bagay sa yo gen pou wè avèk pwoblèm m ap afwonte yo?’

“… Moun ki deside pou yo fè ‘ti bagay senp’ yo [Alma 37:6]—pou yo obeyi nan ti fason ki parèt piti yo—yo jwenn benediksyon lafwa ak fòs ki depase aksyon obeyisans aktyèl yo a epi, anfèt, ki ka menm sanble yo totalman pa anrapò avèk yo. ” (“Kèlkeswa sa L Mande w Fè, Fè li,” Liahona, Me 2017, 98).

Amelyore Ansèyman Nou

Konsantre sou sa k pi enpòtan yo. Li p ap posib pou w kouvri chak istwa oubyen chak prensip ki nan leson an. Suiv Lespri a, epi konsidere bezwen manm yo nan klas la lè w ap deside kijan pou w pase tan an avèk yo nan klas la. Sonje ke fwaye a, non pa klas la, se sant aprantisaj levanjil la.

Enprime