Ansyen Testaman 2022
16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34: “Atansyon Pou w Pa Bliye Senyè a”


“16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34: “Atansyon Pou w Pa Bliye Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Moyiz ki kanpe sou mòn

Ilistrasyon Moyiz ki kanpe sou Mòn Nebo, © Providence Collection/licensed from goodsalt.com

16–22 Me

Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34

“Atansyon Pou w Pa Bliye Senyè a”

Moyiz te enspire pou l anseye pitit Izrayèl yo baze sou bezwen yo (gade nan Detewonòm 6:1). Pandan w ap etidye Detewonòm nan, chèche enspirasyon pou w konn ki prensip pou w anseye, baze sou bezwen manm klas yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Paske Detewonòm gen dènye pawòl Moyiz te di pitit Izrayèl yo, ou ta ka envite manm klas yo pataje kèk bagay yo te jwenn nan Detewonòm nan ke yo ta ka vle mete nan dènye pawòl y ap kite pou pitit ak pitit pitit yo. Pandan y ap pataje a, mande yo pou yo eksplike poukisa yo te chwazi pawòl sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Detewonòm 6:4–7, 20–25; 8:2–5, 11–17; 29:18–20; 30:6–10, 15–20

Senyè a vle pou nou renmen L ak tout kè nou.

  • Nan tout Detewonòm nan, gen kèk pasaj ki ka fè nou panse a kondisyon spirityèl kè nou. Pou ede manm klas yo pataje panse yo sou pasaj sa yo, ou ta ka desine yon kè sou tablo a. Apresa, divize ekriti sa yo nan pami manm klas yo: Detewonòm 6:4–7, 20–25; 8:2–5, 11–17; 29:18–20; 30:6–10, 15–20. Envite yo pou yo ekri referans la andedan kè a si l anseye konsènan yon bagay nou ta dwe gen nan kè nou, oubyen pou yo ekri referans la andeyò kè a, si l anseye yon bagay nou ta dwe evite. Kisa sa vle di pou nou devwe kè nou antye a Pè Selès la?

  • Kòman pou nou eksplike fanmi nou ak lòt moun poukisa nou obeyi kòmandman Bondye yo? Apre yo fin reflechi sou kesyon sa, manm klas yo ta ka li Detewonòm 6:4–7, 20–25 oubyen deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” la epi pataje panse yo. Kòman ide sa yo afekte fason nou santi nou konsènan kòmandman yo oubyen alyans yo?

Detewonòm 6:4–9, 20–25

“Anseye timoun yo [pawòl Senyè a] avèk dilijans.”

  • Kèkfwa, sa itil lè w tande pale de fason lòt moun anseye ak aprann levanjil la nan fwaye yo. Diskite sou kijan fason manm klas yo ap suiv konsèy ki nan Detewonòm 6:4–9, 20–25 ka bay klas ou a opòtinite pou yo aprann youn nan men lòt. Kisa nou fè pou nou anseye ak “pale sou” (vèsè 7) pawòl Bondye a jan vèsè sa yo dekri a? Ki eksperyans nou ka pataje kote Senyè a te gide nou nan efò nou?

Detewonòm 15:1–15

Ede moun ki nan nesesite mande men ki gen jenewozite ak kè ki dispoze.

  • Nou pako rive nan jou “kote pa gen pòv nan pami nou” an (Detewonòm 15:4), konsa, prensip sou ede pòv yo ki nan Detewonòm 15 la toujou gen valè, menmsi pratik patikilye konsènan dèt ak sèvitè yo chanje. Ou ta ka envite manm klas yo pou yo revize vèsè 1–15 ak chèche prensip konsènan ede pòv ak moun nan bezwen yo ke yo ta vle diskite. Kesyon tankou sa yo ta ka ede diskisyin an: Kisa sa vle di pou w “ouvri men w laj” pou moun ki nan bezwen? (vèsè 8, 11). Ki wòl kè nou jwe nan ede lòt moun? (gade vèsè 7, 9–10). Kisa nou ka aprann konsènan ede moun ki nan bezwen nan egzanp Senyè a? (gade nan vèsè 15).

Detewonòm 29:9; 30:15–20

Senyè a envite nou pou nou chwazi ant “lavi ak byen, epi lanmò ak mal.”

  • Li ta ka enteresan pou w ta konpare pawòI Moyiz yo ki nan Detewonòm nan avèk kèk nan dènye ansèyman Leyi te bay fanmi l yo ki nan 2 Nefii 1–4a. Petèt manm klas yo ta ka jwenn similarite ak diferans ant pasaj sa yo: Detewonòm 29:9 ak 2 Nefi 4:4; Detewonòm 30:15–20 ak 2 Nefi 2:26–29. Kijan Leyi te bay detay sou sa Moyiz te anseye? Poukisa mo tankou lavi ak lanmò yo se yon bon fason pou dekri chwa nou pou nou “kenbe” oubyen “vire do bay” kòmandman Bondye yo? (Detewonòm 30:16–17). Manm klas yo ta ka pataje sa yo jwenn nan pasaj sa yo ki enspire yo pou yo “chwazi lavi” a (Detewonòm 30:19).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Nou kenbe alyans nou yo paske nou renmen Bondye.

Prezidan Linda K. Burton te anseye:

“Nan pami tout rezon ki mande pou nou pi dilijan nan kenbe alyans nou yo, rezon sa a ankò pi konvenkan pase tout lòt—amou. …

“‘Si nou totalman apresye pakèt benediksyon ki disponib pou nou atravè redanmsyon ki te fèt pou nou an, pa gen anyen Senyè a ta ka mande nou pou nou pa ta dispoze pou n fè’ [Joseph Fielding Smith, “Enpòtans Reyinyon Sentsèn nan,” Relief Society Magazine, Oct. 1943, 592]. Selon deklarasyon sa a Prezidan Joseph Fielding Smith te fè, kenbe alyans se yon fason pou nou eksprime amou nou pou Sakrifis enfini ak enkonpreyansib Sovè ak Redanmtè nou an, ak amou pafè Papa nou ki nan Syèl la” (“Pouvwa, lajwa, ak Amou nou pou Kenbe Alyans,” Lyawona, Nov. 2013, 114).

Amelyore Ansèyman nou

Koute. “Koute se yon zak lanmou. … Mande Pè Selès la pou L ede w konprann sa manm klas ou yo ap di. Lè w pote bon jan atansyon a sa y ap di ak sa yo pa di, w ap vin konprann bezwen yo, sousi yo, ak dezi yo pi byen” (Anseye nan Fason Sovè a,34).

Enprime