Ansyen Testaman 2022
5–11 Septanm. Ezayi 1–12: “Bondye Se Sali Mwen”


“5–11 Septanm. Ezayi 1–12: ‘Bondye Se Sali Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“5–11 Septanm. Ezayi 1–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
ansyen pwofèt k ap ekri

Pwofèt Ezayi predi nesans Kris la, pa Harry Anderson

5–11 Septanm.

Ezayi 1–12

“Bondye Se Sali Mwen”

Panse a fason pou w ankouraje manm klas yo pou yo pataje enpresyon ak konpreyansyon yo te resevwa pandan etid pèsonèl ak familyal yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo bay ide pou konprann ekri Ezayi yo. Ou kapab envite manm klas yo pou pataje kijan youn nan ide sa yo, oswa yon lòt bagay, te ede yo aprann Ezayi 1–12.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezayi 1–12

Pawòl Ezayi yo tout ap akonpli.

  • Anpalan de Ezayi, Sovè a te ansenye ke “tout bagay li te pale yo te fèt, e yo pral fèt, dapre jan l te pale a” (3Nefi 23:3). Ou ta ka kòmanse yon diskisyon apwopo Ezayi nan pataje ekriti sa a ak deklarasyon nan “Resous Adisyonèl la.” Apresa ou kapab ekri sou tablo a Epòk Ezayi a, ministè Sovè a nan mòtalite a, ak Dènye jou yo. Manm klas yo ta kapab chache pasaj nan Ezayi 1–12 ki ta ka aplike nan youn oswa plis nan fraz ki sou tablo yo (paregzanp, Ezayi 2:1–5; 7:1–7; 7:10–14; 9:2–7; 10:20; 11:10; 12:1). Poukisa li se yon benediksyon pou nou gen pwofesi sa yo disponib a noumenm jodia?

Ezayi1; 3;5

“Sispann fè sa ki mal.”

  • Ou ta ka mande manm klas yo pou yo pataje sa yo te aprann nan etid pèsonèl ak fanmilyal yo nan Ezayi1, 3,5 sou kondisyon espirityèl Wayòm Jida a nan epòk Ezayi a. Petèt yo te kapab revize chapit sa yo epi kreye yon lis vèsè ak kondisyon yo dekri yo. Ki mesaj espwa nou te jwenn nan chapit sa yo? (Si sa nesesè, ou ka refere manm klas yo nan Ezayi 1:16–20, 25–27; 3:10.) Si ansyen Jida te gen yon mesaj pou nou, ki sa li ta ka ye?

  • Manm klas yo te ka pretann yo t ap viv nan Jerizalèm lè Ezayi te pwofetize a. Ou ta ka fè entèvyou ak kèk nan yo, mande yo kisa Ezayi te di ak ki jan yo te santi yo konsènan sa. Pa egzanp, ou ka mande manm klas yo pou yo pale sou pawòl Ezayi yo jwenn nan Ezayi 1:16–20; 3:16–26; 5:20–23 yo. Kisa Ezayi te di ki enspire nou pou nou repanti?

Ezayi2; 4; 11–12

Bondye pral fè yon gwo travay nan dènye jou yo.

  • Pou ede manm klas yo medite sou fason pwofesi Ezayi yo konsènan dènye jou yo ap akonpli, ou ta ka chwazi kèk vèsè nan Ezayi2; 4; 11–12 (tankou Ezayi 2:2–3; 4:5–6). Apresa, mande manm klas yo pou yo jwenn vèb tan fiti nan vèsè sa yo (tankou “va” oswa “va ale”). Envite yo ranplase kèk nan sa yo ak vèb tan prezan (tankou “yo te” oswa “yo pral”). Kijan pwofesi sa yo te akonpli nan lavi nou? Poukisa li enpòtan pou nou konnen osijè pwofesi sa yo?

  • Ou ta ka fè remake ke lè Mowoni te vizite Joseph Smith an 1823, li te site Ezayi11 epi li te di ke li te prèt pou akonpli (gade Istwa—Joseph Smith 1:40; gade tou Doktrin ak Alyans 113:1–6). Manm klas yo te ka li kèk vèsè ki soti nan Ezayi 11 (tankou vèsè 6–12) epi rezime nan pwòp mo pa yo sa Ezayi te predi a. Ki wòl nou nan akonplisman pwofesi sa yo?

Imaj
yon fi ki kenbe yon tibebe

“Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt. Bondye ba nou yon gason” (Ezayi 9:6).

Ezayi 7–9

Ezayi pwofetize konsènan Jezikri.

  • Ou ta ka mande manm klas yo sa yo aprann sou Jezikri nan pasaj tankou Ezayi 7:14; 8: 13–14; 9:2, 6–7. Paregzanp, poukisa Emanyèl se yon bon tit pou Sovè a? (gade Matye 1:23). Ki jan Jezikri te yon “Konseye” oswa “Prince lapè” pou nou? Manm klas yo te kapab pataje lòt pasaj yo te jwenn nan Ezayi 1–12 ki fè yo sonje Jezikri. Kisa pasaj sa yo anseye nou sou Li?

  • Anvan klas la, ou ta ka envite manm klas yo pou yo pote yon foto Kris la ke yo santi ki reprezante youn nan deskripsyon Sovè a yo jwenn nan Ezayi 7–9 la. Pandan klas la, bayo tan pou yo montre foto yo te pote a epi eksplike kijan li gen rapò ak pawòl Ezayi yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Pwofesi Ezayi a ka gen plizyè akonplisman.

Prezidan DallinH. Oaks te anseye: “Liv Ezayi a gen anpil pwofesi ki sanble gen plizyè akonplisman. Youn sanble enplike moun nan tan Ezayi a oswa sikonstans jenerasyon k ap vini an. Yon lòt siyifikasyon, souvan senbolik, sanble fè referans ak evenman nan Meridian tan an, lè lavil Jerizalèm te detwi ak pèp li a dispèse apre Krisifiksyon Pitit Gason Bondye a. Yon lòt siyifikasyon ankò oswa akonplisman menm pwofesi a sanble gen rapò ak evenman ki akonpaye nan Dezyèm Vini Sovè a. Lefèt ke anpil nan pwofesi sa yo ka gen plizyè siyifikasyon souliye enpòtans pou nou chèche revelasyon nan men Sentespri a pou ede nou entèprete yo” (“Li ekriti ak Revelasyon,” Ensign, Jan. 1995,8).

Amelyore ansèyman nou

Envite Lespri a. Mizik sakre, ekriti yo, pawòl pwofèt dènye jou yo, ekspresyon lanmou ak temwayaj, ak moman refleksyon trankil yo kapab envite prezans Lespri a” (Anseye nan fason Sovè a,10).

Enprime