Ansyen Testaman 2022
12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35: “Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij”


“12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35: “Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Joseph Smith ki wè Pè Selès ak Jezikri nan Boskè Sakre a

Boskè Sakre a, Brent Borup

12–18 Septanm.

Ezayi 13–14; 24–30;35

“Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij”

Anvan w ka ede lòt moun dekouvri verite nan ekriti yo, ou bezwen dekouvri verite yo pou tèt pa w. Pandan w ap li semèn sa a, konsidere ki verite ou santi ou enspire pou ou presize nan klas la.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ankouraje manm klas yo pou yo pataje sa y ap aprann nan Ezayi, ou ta ka mande yo kijan yo t ap reponn yon moun ki di, “Liv Ezayi a twò difisil pou l konprann.” Kisa ki ede nou jwenn siyifikasyon nan ansèyman Ezayi yo? Ki pasaj ekriti ki enspire nou?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezayi 24:21–23; 25:6–8; 26:19; 28:16

Ekriti Ezayi yo pwente nou sou Jezikri.

  • Tankou Nefi, manm klas ou yo te ka rejwi nan temwayaj Ezayi konsènan Jezikri a (gade nan 2Nefi 11:2). Ou ta ka mande yo pou yo pataje nenpòt vèsè yo te jwenn nan lekti pou semèn sa a ki te anseye yo konsènan Sovè a. Oubyen ou ta ka envite manm klas ou yo pou yo pataje kisa yo aprann konsènan Jezikri nan Ezayi 24:21–23; 25:6–8; 26:19; 28:16 oubyen lòt vèsè ou jwenn nan etid ou. Poukisa verite sa yo enpòtan pou nou?

    Imaj
    Jezi ki abiye avèk rad wouj

    Li Vin Ankò pou L Dirije ak Reye, MaryR. Sauer

Ezayi 24:1–5; 28:1–8; 29:7–10; 30:8–14

Apostazi vle di vire do bay Senyè a ak pwofèt Li yo.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou medite sou kèk nan metafò Ezayi te itilize pou dekri konsekans lè moun vire do bay Senyè a ak lè yo rejte pwofèt Li yo. Envite manm klas la pou yo pataje sa yo te aprann. Oubyen ou ta ka envite yo chak pou yo revize pasaj sa yo: Ezayi 24:1–5; 28:7–8; 29:7–10; 30:8–14. Baze sou sa yo li, yo ta ka konplete fraz sa a: “Si nou vire do bay Senyè a, nou tankou…” Kisa nou ka fè pou nou rete fidèl a Senyè a ak evite apostazi? (Gade nan “Resous Adisyonèl” pou kèk sigjesyon.) Kouman Senyè a beni moun ki rete fidèl a Limenm?

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou atitid ak konpòtman ki ka mennen nou nan apostazi, ou ta ka envite manm klas yo pou yo fouye Ezayi 24:1–5; 28:1–8; 29:7–10; 30:8–14. Mande yo pou yo chèche bagay ke moun nan epòk Ezayi yo t ap panse ak fè. Fè you afich avètisman sou tablo a ki di Avètisman: Atitid ak konpòtman sa yo ka mennen nan apoztazi. Manm klas yo ta ka fè yon lis sou tablo a sou sa yo te jwenn nan vèsè yo. Ba yo yon opòtinite pou yo pataje fason yo sovgade tèt pa yo oubyen fanmi yo kont apostazi.

Ezayi 29:13–24; 30:18–26;35

Senyè a ka restore bagay ki pèdi oubyen ki kase.

  • Men yon kesyon ou ta ka ekri sou tablo a ki ta ka ede manm klas yo medite sou Ezayi29: Kòman ekriti Ezayi yo gen relasyon avèk Retablisman levanjil la nou epòk nou an? Ankouraje yo panse sou kesyon sa a pandan y ap li an silans Ezayi 29:13–24. Si yo bezwen èd, yo ta ka revize pasaj tankou sa yo tou: 2Nefi 27:6–26; Istwa—Joseph Smith 1:17–19, 63–65. Lè yo fin pale sou kesyon ki sou tablo yo, yo ta ka diskite poukisa “mèvèy” ak “pwodij” (Ezayi 29:14) se bon mo pou dekri Retablisman levanjil la. Kisa nou aprann sou Retablisman an nan “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond la”? (ChurchofJesusChrist.org).

  • Chapit30 ak35 nan Ezayi a gen plizyè pasaj ki ta ka enspire pi gran lafwa nan pouvwa Senyè a pou L beni moun ki al jwenn Li. Pou ede manm klas yo dekouvri pasaj sa yo, ou ta ka envite yo etidye Ezayi 30:18–26 oubyen Ezayi35. Mande yo pataje mo oubyen fraz yo jwenn ki ta ka ede yon moun tounen jwenn Senyè a pou redanmsyon.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Rete fidèl a Senyè a ak Legliz Li a.

Prezidan M.Russell Ballard te bay konsèy sa a pou ede nou rete fidèl a Senyè a ak Legliz Li a:

“Nou bezwen yon konvèsyon kontinyèl nan ogmante lafwa nou nan Jezikri ak fidelite nou nan levanjil Li a pandan tout lavi nou—non pa yon sèl fwa, men regilyèman [gade nan Alma 5:26].…

“…N ap jwenn pawòl Senyè a nan ekriti yo ak ansèyman apot ak pwofèt yo. Yo ban nou konsèy ak direksyon ki, lè nou suiv yo, ap aji tankou jilè sovtaj spirityèl epi k ap ede nou konnen kouman pou nou kenbe fèm avèk de men.…

“Anplis de pran abitid pèsonèl pou li ekriti yo, nou bezwen vin tankou pitit gason Mozya yo epi lage kò nou “nan anpil priyè ak jèn’ [Alma 17:3]” (“Rete nan Bato a epi Kenbe Fèm!Liahona, Nov. 2014, 90–91).

Amelyore ansèyman nou

Eksprime konfyans nan kapasite manm klas ou yo. Kèk moun nan klas ou a gen dwa pa gen konfyans nan kapasite yo pou yo aprann levanjil la. Reyasire yo ke pandan y ap fè efò pou yo aprann, Sentespri a ap anseye yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 29–30.)

Enprime