Ansyen Testaman 2022
29 Out–4 Septanm. Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12: “Krentif pou Bondye se Kòmansman Lasajès”


“29 Out–4 Septam. Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12: “Krentif pou Bondye se Kòmansman Lasajès,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“29 Out–4 Septam. Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

29 Out–4 Septam

Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12

“Krentif pou Bondye se Kòmansman Lasajès”

Kòman mesaj ki nan Pwovèb ak Eklezyas la ta ka beni lavi moun w ap anseye yo? Suiv enspirasyon ak enpresyon ou resevwa pandan w ap etidye ak prepare pou anseye a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Gen anpil bèl mesaj ki puisan nan Pwovèb ak Eklezyas. Anvan ou diskite pasaj ki byen presize yo, tankou sa yo sigjere w anba la a yo, envite manm klas yo pou yo pataje kèk nan sa yo te prefere nan etid ekriti pèsonèl ak familyal semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèymam

Anseye Doktrin nan

Pwovèb 1–4; 15–16; Eklezyas 1–3; 11–12

“Bese zòrèy ou pou w pran sajès.”

  • Envitasyon pou chèche sajès ak konpreyansyon an repete atravè tout liv Pwovèb la. Kòman ou ka ede manm klas yo pataje sa yo aprann konsènan sajès pandan etid yo a? Yon fason ta kapab se ekri sajès sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo ajoute nimewo vèsè oubyen fraz nan Pwovèb ak Eklezyas yo santi ki bay enspirasyon sou sajès. (Si sa ta ka ede, ou ka sigjere pou manm klas yo fouye nan Pwovèb 1–4; 15–16; Eklezyas 1–3; 11–12.) Kisa nou aprann konsènan sajès nan ekriti sa yo? Kòman nou beni lè nou chèche sajès nan men Bondye?

Pwovèb 1:7; 2:5; 3:7; 8:13; 15:33; 16:6; 31:30; Eklezyas 12:13

“Pa gade tèt ou kòm saj: gen krent pou Bondye.”

  • Yon lòt ekspresyon nou jwenn nan Eklezyas se “krent pou Bondye” (Pwovèb 1:7; gade tou nan Pwovèb 2:5; 3:7; 8:13; 15:33; 16:6; 31:30; Eklezyas 12:13). Petèt manm klas yo ta ka li kèk nan vèsè sa yo epi pataje sa yo santi li vle di pou yo gen krent Senyè a. Kijan krent pou Senyè a diferan de lòt krent? Ou ta ka pataje ide nan eksplikasyon Èldè DavidA. Bednar la ki nan “Resous Adisyonèl la.”

Imaj
yon fi avèk yon flè

Aprann fè Senyè a konfyans, Kathleen Peterson

Pwovèb 3:5–7

“Konfye ou nan Senyè a avèk tout kè ou.”

  • Manm klas yo ta ka kontan si w ta fè yon leson objè ki ta ka ede yo konprann kisa sa vle di pou yo “konfye yo nan Senyè a” epi “pa apiye sou konpreyansyon pa [yo] ” (Pwovèb 3:5). Paregzanp, ou ta ka envite yon manm nan klas la pou l apiye sou yon bagay solid ki stab, tankou yon miray. Apre sa, moun nan ta ka eseye apiye sou yon bagay ki pa solid, tankou yon bale. Nan ki fason egzèsis sa a ede nou konprann Pwovèb 3:5? Kisa Pwovèb 3:5–7 anseye sou kisa sa vle di pou nou konfye nan Senyè a? Poukisa li pa saj pou nou apiye sou konpreyansyon pa nou? Kòman nou santi Senyè a dirije wout nou lè nou konfye nan Li?

Pwovèb 15:1–2, 4, 18,28; 16:24–32

“Yon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè.”

  • Pou ede manm klas yo diskite kouman yo ka gen plis lapè ak mwens kontansyon nan lavi yo, ou ta ka envite yo li Pwovèb 15:1–2,18; 16:32. Apresa, yo ta ka pataje eksperyans yo te fè ki te ilistre laverite ki nan vèsè sa yo. Paregzanp, kijan lè yo itilize yon “repons dous” sa ka ede yo “[kalme] kòlè”? Pwovèb 15:1. Oubyen yo ta ka panse a lè kote Sovè a te bay egzanp sou sa ki anseye nan vèsè sa yo (gade nan Jan 8:1–11; 18:1–11). Kijan nou ka suiv egzanp li nan relasyon nou avèk lòt moun?

  • Malgre moun ki ekri Pwovèb yo pat konn pakèt mwayen kominikasyon ki egziste nan epòk nou an, konsèy ki nan Pwovèb15 ak16 la ka aplike pou tout fòm kominikasyon. Pou ede manm klas yo konprann sa, ou ta ka envite chak moun chwazi yonn nan ekriti suivan yo pou yo li: Pwovèb 15:1–2, 4, 18,28; 16:24, 27–30. Apresa, manm klas yo ta ka repete pwovèb yo a sou fòm konsèy, sou fason yonn reyaji avèk lòt nan media sosyal la, atravè tèks oubyen sou entènèt. Yo ka jwenn konsèy adisyonèl pou ede yo nan “Langaj” nan Pou Fòs Jèn yo (2011), 20–21.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Krentif pou Bondye se renmen Li ak kwè nan Li.”

Èldè DavidA. Bednar te eksplike:

“Konsa, krentif pou Bondye soti nan yon konpreyansyon kòrèk sou nati divin ak misyon Senyè a, Jezikri, ak yon dispozisyon pou soumèt volonte nou anba volonte pa Li, ak konesans ke tout gason ak tou fi pral responsab pou pwòp peche pa yo nan jou Jijman an.…

Krentif pou Bondye se renmen Li ak konfye nan Li. Lè nou gen krentif pou Bondye pi totalman, n ap vin renmen Li pi pafètman. Epi amou pafè chase tout krentif’ (Mowoni 8:16). M pwomèt ke limyè briyan krent Bondye a pral chase tout lonbraj fènwa krent mòtèI (gade nan Doktrin ak Alyans 50:25) si nou gade Sovè a, bati sou Li kòm fondasyon nou, epi mache sou chemen alyans Li yo avèk yon angajman konsakre” (“Sete Konsa, Yo te Mete Silans Sou Krent Yo,” Lyawona, Me 2015, 48–49).

Amelyore Ansèyman Nou

Konsantre sou Jezikri. Pa gen pi bon fason pou ogmante lafwa moun w ap anseye yo pase lè ou santre leson w nan sou Sovè a. Atravè ansèyman w nan, envite manm klas yo pou yo bati “sou wòch Redanmtè nou an, ki sa Kris la, Pitit Gason Bondye a” (Elaman 5:12).

Enprime