Ansyen Testaman 2022
22–28 Out. Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150: “Se pou Tout Sa ki gen Souf Louwe Senyè a”


“22–28 Out. Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150: ‘Se pou Tout Sa ki gen Souf Louwe Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“22–28 Out. Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Kris la an wòb wouj ki antoure pa moun ki ajenou

Tout Jenou ap Flechi, tablo J. Kirk Richards

22–28 Out

Som 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150

“Se pou tout Sa ki gen Souf Louwe Senyè a”

Kiyès nan ansèyman ki nan Sòm yo ou santi k ap pi itil manm klas ou yo? Pandan w ap etidye semèn sa a, medite sou fason w ka ede manm yo nan klas ou a jwenn sans nan pawòl ki nan sòm yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèk minit pou yo revize sòm yo te li lakay yo epi envite kèk ladan yo pou yo pataje yon pasaj yo te pi renmen. Ankouraje yo pou yo pataje sa Lespri a te anseye yo. Nan ki fason Sòm yo ranfòse adorasyon pèsonèl ou pou Senyè a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Sòm 102–3116

Senyè a ka rekonfòte nou nan soufrans nou.

  • Èske manm klas ou yo santi fason moun ki te ekri Sòm 102 a te santi li? Kijan nou ka vire al jwenn Senyè a lè nou santi nou dekouraje oubyen boulvèse? Pandan yo t ap li Sòm 102, 103, ak 116 yo lakay yo semèn sa a, manm klas yo te siman jwenn kèk fraz ki enspire yo pou yo al jwenn Senyè a lè y ap travèse eprèv. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo te jwenn, oubyen chèche kèk fraz enspiran ansanm nan klas la. Yo ta gen dwa pataje kijan Senyè a konn sipòte yo nan tan advèsite tou.

  • Manm klas ou yo siman ta ka kontan ekri pwòp sòm pa yo sou fason Senyè a te ede yo nan moman eprèv yo. Yo pa bezwen sòm ki long ni konplike—jis senp eksperesyon lafwa, gratitid, ak louwanj. Yo ta gen dwa travay de pa de, epi yo gen dwa repase Sòm 102, 103, ak 116 yo pou jwenn kèk ide. Envite kèk moun pou pataje sòm yo ekri yo, si yo vle. Epitou, ou ta gen dwa chante kèk kantik ansanm, sou fason Senyè a rekonfòte nou, tankou “Où pourrais-je chercher?” (Cantiques, no. 68).

    Imaj
    Jezi k ap geri

    Gerizon, tablo J. Kirk Richards

Sòm 119

Pawòl Bondye a kenbe nou sou chemen Li.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou Sòm 119 la, ou ta gen dwa envite manm yo nan klas la pou yo pale de yon lè kote yo te suiv yon chemen pou atenn yon destinasyon (sa ta ka ede si w ta kontakte yon moun alavans epi mande l pou prepare l pou l vin pale de sa). Ki eksperyans ki te rann difisil pou yo te rete sou chemen an? Kisa ki te ede yo rete sou li? Apresa, ou ta gen dwe trase yon chemen sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo ekri fraz nan Sòm 119 la ki pale de sa Senyè a te fè pou ede nou rete sou chemen alyans lan. Panse pou w pataje sitasyon Prezidan Russell M. Nelson an ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la kòm yon pati nan diskisyon an.

  • Manm yo nan klas ou a ta ka benefisye nan konpare sa Sòm 119 la anseye sou rete sou chemen Senyè a avèk lòt ekriti ki anseye menm kalite verite sa yo. Panse pou w divize klas la an gwoup epi mande chak gwoup pou yo repase pasaj ekriti tankou sa yo: Sòm 119:33–40, 105; Pwovèb 4:11–19; 1 Nefi 8:20–28; 11:25; 2 Nefi 31:17–21; Alma 7:9, 19–20. Apre sa mande chak gwoup pou yo pataje sa yo te aprann. Bay manm klas yo tan pou yo medite sou sa yo santi yo enspire pou yo fè baze sou sa yo aprann yo.

Sòm 139

Senyè a konnen kè nou.

  • Si nou konprann ke Senyè a konsyan de nou—de panse nou ak aksyon nou, fòs nou ak feblès nou—epi Li renmen nou, sa ap kapab gen yon enfliyans pwofon sou chwa n ap fè. Ou ta gen dwa envite klas la pou yo chèche fraz nan Sòm 139 la ki anseye verite enpòtan sa a. Kijan lavi nou afekte paske nou konnen verite sa a? Manm klas yo ta ka diskite sou fason nou ka envite Senyè a pou “sonde m, O Bondye, wè tout sa ki nan kè m” (vèsè 23).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Wout etwat e kwense a.

Prezidan Russell M. Nelson te di:

“Si nou vle vwayaj nou atravè lavi a reyisi, nou bezwen suiv direksyon divin yo. Senyè a te di, ‘Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè ’[Doktrin ak Alyans 6:36]. Epi Salmis la te ekri, ‘Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m ap mete pye m, se yon limyè k ap klere chemen mwen’ [Sòm 119:105]. …

“Nan vwayaj nou atravè lavi a, n ap rankontre anpil obstak epi n ap fè kèk erè. Gidans spirityèl ede nou rekonèt erè nou ak fè koreksyon ki nesesè yo. N ap sispann ale nan move direksyon. N ap etidye direksyon ekriti yo bay yo avèk swen. Apresa, n ap kontinye avèk repantans ak restitisyon ki nesesè pou nou rete sou ‘chemen dwat ak etwat ki mennen nan lavi etènèl la’ [2 Nefi 31:18]” (“Viv selon gidans espirityèl,” Ensign, Nov. 2000, 17).

Amelyore Ansèyman Nou

Entegre moun ki gen difikilte yo. Pafwa gen manm nan klas la ki sèlman bezwen santi yo entegre pou yo ka santi ou renmen yo. Panse pou w mande yo pou yo jwe yon wòl nan yon pwochen leson, envite yo nan klas la, oubyen asire w ke yo gen moun ki pou mennen yo legliz la. Pa dekouraje si yo pa reponn a efò w yo toudabò. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 8–9.)

Enprime