Ansyen Testaman 2022
8–14 Out. Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46: “Senyè a se Bèje Mwen”


“8–14 Out. Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46: ‘Senyè a se Bèje Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“8–14 Out. Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jezi k ap mache avèk mouton

Senyè a se Bèje Mwen, tablo Yongsung Kim, havenlight.com

8–14 Out

Sòm 1–2; 8; 19–33; 4046

“Senyè a se Bèje Mwen”

Planifye fason pou w kite manm yo nan klas la pataje eksperyans spirityèl yo te fè pandan yo t ap li Sòm yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje sa yo te dekouvri nan Sòm yo kapab osi senp ke poze yo kesyon tankou sa yo: Kisa Lespri a te anseye w pandan w t ap li Sòm yo semèn sa a? Ki sòm ki te ede w santi w patikilyèman pwòch Senyè a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Sòm 1; 23; 26–2846

Sòm yo anseye nou pou nou kwè nan Senyè a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a sigjere pou nou li Sòm 1; 23; 26–2846 epi chèche bagay sa yo:

    • Envitasyon pou nou fè Senyè a konfyans

    • Pawòl ki dekri Senyè a

    • Pawòl ki dekri lapè, fòs, ak lòt benediksyon Li bay

    • Pawòl ki dekri moun ki mete konfyans nan Li

    Ou ta gen dwa ekri fraz sa yo sou tablo a epi envite manm yo nan klas la pou yo ekri, bò kote chak fraz, yon bagay yo jwenn nan Sòm 1; 23; 26–28; oswa 46 yo. Si yo bezwen èd, ou ta gen dwa fè yo gade vèsè sa yo: Sòm 1:1–4; 23:1–6; 26:1, 6–8, 12; 27:1, 3, 8, 14; 28:1, 7; 46:1–3, 10. Manm yo nan klas la ta ka pataje sa yo te santi apwopo Sovè a pandan yo t ap li sòm sa yo.

  • Paske Sòm yo sete tankou kantik pou Izrayelit yo, ou ta gen dwa envite kèk manm nan klas la pou sigjere kèk kantik ki raple yo sòm yo te li yo semèn sa a. Yo ta ka al gade nan endèks “Ekriti” ki nan fen liv kantik la pou kèk ide (gade lis ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la tou). Yo ta ka chante kèk nan kantik sa yo epi idantifye ki tèm ki komen nan kantik yo ak sòm yo. Ki mesaj lapè ak lafwa nan Jezikri nou jwenn ladan yo?

Sòm 2; 22; 31:5

Sòm yo dirije lespri nou sou lavi ak ministè Jezikri a.

  • Si nou li Sòm yo—espesyalman sa ladan yo ki pale de lavi Sovè a—sa ka yon gwo fason pou fòtifye lafwa nou nan Jezikri. Ou ta gen dwe divize klas la an gwoup de oubyen plis moun epi bay chak gwoup youn nan gwoup referans sa yo: Sòm 2:1–3 ak Travay 4:24–28; Sòm 2:7 ak Travay 13:30–33; Sòm 22:1 ak Matye 27:45–46; Sòm 22:7–8 ak Matye 27:39–43; Sòm 22:16 ak Lik 23:32–33; Sòm 22:18 ak Matye 27:35; Sòm 31:5 ak Lik 23:46. Mande chak gwoup pou yo gade kijan yon pwofesi nan Sòm yo te akonpli nan lavi Sovè a epi diskite sou kijan ekriti sa yo fòtifye temwayaj yo konsènan Sovè a.

    Oubyen ou ta ka ekri referans ekriti yo sou tablo a epi envite manm yo nan klas la pou yo fè yon pasaj nan Sòm yo matche avèk evenman korespondan an nan Nouvo Testaman an.

    Epitou, ou ta gen dwa envite yo pou yo pataje lòt referans sou Sovè a ke yo jwenn nan etid yo sou Sòm yo (tankou Sòm 34:20; 41:9; gade tou Lik 24:44).

    Lè yo fin diskite sou ekriti sa yo, yo ta ka pale sou rezon k fè Sòm sa yo te siman siyifikatif pou Juif sa yo ki te konnen Sovè a. Poukisa yo siyifikatif pou nou?

Sòm 23

“Senyè a se Bèje Mwen”

  • Pou ede manm yo nan klas la diskite sou karaktè imaje ak senbòl ki nan Sòm 23 a, panse pou w montre yo foto ki gen rapò avèk ide yo nan sòm sa a, tankou sa ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Apresa ou ta ka mande yo pou yo idantifye kèk pawòl oubyen fraz siyifikatif epi diskite sou kisa yo petèt reprezante. Paregzanp, kisa fraz tankou “kote zèb yo pi bèl” oswa “dlo a koule poze” yo pote nan lespri yo? Kisa “baton” ak “gòl” rasiran an senbolize? Kisa sa vle di pou “koup” mwen ranpli? Kisa senbòl sa yo anseye nou apwopo Jezikri? Ou ta gen dwa sigjere pou manm klas yo repete sòm nan, pandan y ap ranplase kèk nan senbòl yo avèk kèk siyifikasyon posib ke klas la ta ka diskite sou yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Kantik ki anrapò avèk Sòm yo.

  • Sòm 8:3–9; 9:1–2.Seigneur, mon Dieu” (Cantiques, no. 44)

  • Sòm 23.L Eternel est mon berger,” “Seigneur, tu me prépareras” (Cantiques, nos. 108, 109)

  • Sòm 23:6150.Louange à Dieu” (Cantiques, no. 37)

  • Sòm 26:8.Nous aimons ta maison” (Cantiques, no. 152)

  • Sòm 27:1.Christ est ma lumière” (Cantiques, no. 50)

  • Sòm 33:1–6; 95:1–6.Pour la terre et sa beauté” (Cantiques, no. 43)

  • Sòm 37:3–9.Be Still, My Soul” (Hymns, no. 124)

  • Sòm 148.Vous, créations de notre Dieu” (Cantiques, no. 31)

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik. “Kantik yo envite prezans Lespri Senyè a, yo kreye yon santiman reverans, yo ini nou antanke manm, epi yo banou yon mwayen pou nou ofri louwanj nou pou Senyè a. … Kantik yo pouse nou al nan repantans ak bon zèv, bati temwayaj ak lafwa, rekonfòte moun fèb yo, konsole moun k ap kriye, ak enspire nou pou nou pèsevere jiska lafen” (Cantiques, ix).

Enprime