Ansyen Testaman 2022
15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86: “Ma Di Nou Sa Bondye Fè Pou Mwen”


“15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86: ‘Ma Di Nou Sa Bondye Fè Pou Mwen,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jezi kenbe yon lanp

Sove sa ki te pèdi, Michael T. Malm

15–21 Out

Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86

“Ma Di Nou Sa Bondye Fè Pou Mwen”

Konsidere konsèy Èldè David A. Bednar la pandan w ap prepare pou w anseye a: “Pale ak rakonte sèlman se pa anseye. [Anseye] levanjil la nan fason Senyè a mande pou nou obsève ak koute ak disène anvan nou pale” (“Vin Tounen Yon Preche Levanjill Mwen an Misyonè,” New Era, Okt. 2013, 6).

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Yon fason pou envite manm klas la pou yo pataje yon bagay yo te li semèn sa a se ekri sou tablo a “Ma rele sitèlman m kontan” oubyen “Ma fè konnen jan ou pa nan patipri” (Sòm 71:23, 24) Manm klas yo ta kapab pataje sa yo twouve ki ede yo “sitèlman kontan” oubyen “pale sou jistis [Senyè a].”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Sòm 51; 85–86

“Senyè, ala bon ou bon! Ou padone peche nou yo.”

  • Sòm 51 an dekri santiman anpil nan nou genyen lè n ap chèche repantans ak padon. Pou ede manm klas yo konprann repantans pi byen epi santi yo enspire pou yo repanti souvan, ou ta kapab sigjere pou yo chèche nan Sòm 51 avèk kesyon sa a nan lespri yo: Kisa repanti vle di? Apre sa kite yo pataje repons yo. (“Resous Adisyonè” yo gen ide ki itil.) Poukisa pafwa repantans sanble l endezirab? Kisa nou jwenn nan Sòm sa a ki ka fè repantans fè nou santi lajwa?

  • Kijan nou ta dekri sa nou santi lè nou resevwa padon pou peche nou atravè pouvwa ekspyatwa Jezikri a? Envite manm klas yo pou yo pataje panse yo, epi ankouraje yo pou yo jwenn pasaj nan Sòm 51; 85–86 yo ki dekri efè pwòpte padon Li nan lavi nou (pa egzanp, gade nan Sòm 51:1–2, 7–12; 85:2–9). Anvizaje montre foto oubyen objè pou ede manm klas la vizyalize fraz mo sa yo. Apre sa yo ta kapab pataje sa yo santi konsènan Sovè a, Jezikri, ak dispozisyon Li pou ekspye pou peche nou yo pou nou kapab jwenn padon. Nou ta ka chante yon kantik sou sakrifis ekspyatwa Sovè a ansanm tou, tankou “Merveilleux l amour” (Cantiques, no. 117).

  • Pou nou repanti, nou bezwen gen lafwa ke non sèlman Jezikri kapab pwòpte nou men ke L ap fè l tou. Manm klas yo te petèt jwenn pasaj nan Sòm 51; 85–86 yo semèn sa a ki te ranfòse lafwa yo nan volonte Senyè a pou padone a. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo te jwenn. Ou kapab montre yo Sòm 86:5, 13, 15 tou epi mande kisa vèsè sa yo anseye sou Senyè a. Kisa sa ka vle di ke Li “chaje mizèrikòd ak verite”? (vèsè 15). Poukisa li enpòtan pou nou konn sa?

Sòm 66:5–20

Temwayaj nou sou Jezikri kapab ede lòt moun vini jwenn Li.

  • Youn nan pi gwo benediksyon ki genyen nan reyini ansanm nan Lekòldidimanch se opòtinite pou nou jwenn fòs nan lafwa ak temwanyaj lòt disip Jezikri yo. Pou bay klas ou a opòtinite sa a, ou ta ka mande manm klas yo pou yo li Sòm 66:16 epi pou yo medite sou kesyon sa a: Si w ta gen pou w “deklare sa [Senyè a] fè pou nanm [ou],” kisa w t ap deklare? Pandan y ap medite a, yo te ka li vèsè 5–20 pou yo jwenn ide. Kite yo ekri repons yo. Apre sa envite yo pou youn “deklare” bay lòt—an ti gwoup oubyen tout klas la—sa Jezikri fè pou nanm yo.

    Imaj
    de jèn gason k ap pale youn ak lòt

    Nou ka pataje temwayaj nou sou sa Senyè a fè pou nou avèk lòt moun.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Repantans vle di chanjman.

Prezidan Russell M. Nelson te dekri repantans nan fason sa a:

“Lè Jezi mande oumenm avèk mwen pou nou ‘repanti,‘ Li envite nou pou nou chanje panse nou, konesans nou, lespri nou, —menm fason nou respire. Li mande nou pou nou chanje fason nou renmen, fason nou panse, fason nou sèvi, fason nou pase tan nou, fason nou anseye pitit nou yo e menm fason nou pran swen kò nou.

Anyen p ap pi libere nou, pi annobli nou, ni pi enpòtan pou pwogresyon nou chak pase yon fokis regilye chak jou sou repantans. Repantans se pa yon evenman; se yon pwosesis. Se kle bonè ak lapè nan lespri. Ansanm avèk lafwa, repantans ouvri aksè a pouvwa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. …

“Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou nou chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. Nou chwazi pou nou grandi espirityèlman e resevwa lajwa—lajwa redanmsyon nan Li. Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou nou vin plis tankou Jezikri!” (“Nou ka fè pi byen e vin pi bon,” Lyawowna, Me 2019, 67.

Amelyore Ansèyman Nou

Poze kesyon ki touche kè a ak lespri a. “Mande etidyan yo pou yo pataje sa yo santi apwopo yon pasaj ekriti, kijan moun nan ekriti yo dwe te santi yo, oubyen kijan verite ki nan pasaj ekriti a anrapò avèk lavi nou.” (Anseye nan Fason Sovè a, 31).

Enprime