Ansyen Testaman 2022
1–7 Out. Jòb 1–3; 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42: “Malgre sa, M ap konfye M nan Li”


“1–7 Out. Jòb 1–3; 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42: “Malgre sa, M ap konfye M nan Li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“1–7 Out. Jòb 1–3; 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
twa moun k ap pale avèk yon lòt ki chita atè a

Jijman Jòb la, tablo: Joseph Brickey

1–7 Out

Jòb 1–3; 12–14; 19; 21–24; 38–4042

“Malgre sa M ap Konfye m nan Li”

Ki verite Sentespri a te ede w aprann pandan w t ap etidye liv Jòb la? Kisa w vle pataje avèk klas ou a?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas ki te etidye Jòb yo semèn sa a te ka dekouvri verite ki te siyifikatif pou yo. Pou envite yo pataje, ou ta gen dwa ekri Mwen aprann nan men Jòb … sou tablo a epi mande manm klas yo kijan yo ta konplete fraz sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jòb 1–2; 12–13; 19:23–27

Konfyans nou nan Pè Selès la ak nan Jezikri ka ede nou rete fidèl nan tout sikonstans.

  • De premye chapit Jòb yo, ki dekri Satan k ap kesyone rezon ki fè Jòb fidèl la, ta ka ede manm klas yo evalye pwòp rezon pa yo pou yo fidèl a Pè Selès la ak Jezikri. Pou kòmanse, manm klas yo ta ka fè lis kèk rezon ki ta ka fè yon moun ta ka chwazi pou l obeyi kòmandman Bondye yo. Apresa, yo ta ka etidye Jòb 1:6–12; 2:1–6 pou wè kisa Satan te di konsènan fidelite Jòb. Poukisa l t ap danjere si nou ta obeyi Senyè a sèlman pou rezon Satan sigjere a? Kisa repons Jòb la nan Jòb 1:20–22; 2:9–10 yo revele konsènan Jòb? Manm klas yo ta ka pale sou rezon k fè yo chwazi pou yo rete fidèl a Bondye.

    Imaj
    yon mesye k ap gade anlè

    Jòb, tablo Gary L. Kapp

  • Byenke Jòb te gen moman kote l te lite anba dout ak dezespwa, konfyans li nan Senyè a te sipòte l nan soufrans li yo. Pou aprann nan egzanp Jòb la, manm klas yo ta ka chèche kèk nan vèsè sa yo pou idantifye kèk nan repons pozitif Jòb te bay pou eprèv li yo: Jòb 1:21; 2:10; 12:9–10, 16; 13:15–16; 19:23–27. Kisa nou ka aprann nan repons sa yo ki ka ede nou rete solid spirityèlman lè n ap travèse eprèv? Poukisa l danjere pou nou asime ke eprèv se pinisyon poutèt peche?

  • Deklarasyon Jòb la nan Jòb 19:23–27 la ta ka enspire manm klas yo pou yo medite ak pataje konviksyon pa yo ke Redanmtè a, Jezikri, vivan. Pou kòmanse, ou ta ka envite yo pou yo medite an silans sou pawòl Jòb yo nan vèsè sa yo. Apresa, yo ta ka diskite kesyon tankou sa yo: Poukisa yon temwayaj konsènan Redanmtè nou an si enpòtan pandan epòk eprèv tankou pa Jòb yo? Nan ki fason temwayaj nou sipòte nou nan eprèv nou yo? Chante oubyen li pawòl yon kantik sou Jezikri, tankou “I Il vit, mon Rédempteur” (Cantiques, no. 72), ta ka ajoute ide ak pouvwa spirityèl sou diskisyon w lan.

Jòb 38

Pèspektif Bondye pigran pase pa nou.

  • Majorite nan liv Jòb la (chapit 3–37) konsène Jòb ak zanmi l yo k ap goumen avèk kesyon sa a, “Poukisa move bagay rive moun ki jis?” Pandan ke Senyè a pa reponn a kesyon sa a konplètman nan liv Jòb la, Li bay yon mesaj enpòtan. Ou ta ka ede manm klas yo dekouvri mesaj sa a nan envite yo pou yo li kesyon Senyè te poze Jòb yo nan Jòb 38:1–7, 18–24. Kisa nou aprann apati kesyon sa yo?

  • Levanjil retabli Jezikri a bay limyè adisyonèl ki ka ede nou konprann kèk nan rezon soufrans ki nan mond lan. Manm klas yo ta ka pataje verite yo konnen gras ak Retablisman levanjil la ki ba yo pigran pèspektif ak pi gran konpreyansyon sou soufrans. Yo ta ka jwenn kèk nan verite sa yo nan ekriti yo ak deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Refleksyon nan dènye jou yo sou objektif soufrans.

Ekriti sa yo bay kèk ide sou objektif soufrans:

Spencer W. Kimball te anseye:

“Si nou konsidere kondisyon mòtèl la kòm totalite egzistans nou, enben, doulè, chagren, echèk ak yon lavi kout pral tounen kalamite pou nou. Men, si nou wè lavi a kòm yon bagay etènèl ki soti lwen nan lavi premòtèl la pou rive lwen nan letènite apre lavi mòtèl la, lè sa a, tout sa k rive, n ap kapab mete yo nan plas yo dwe ye a.

“Èske se pa nan sajès Li [Bondye] ban nou tribilasyon pou nou ka leve piwo pase yo, responsablite nou ka akonpli, travay pou fè kò nou solid, tristès pou teste namn nou? Èske nou tout pa ekspoze anba tantasyon pou fòs nou ka teste, anba maladi pou nou ka aprann pasyans, anba lanmò pou nou ka vin imòtèl ak glorifye? …

“Si lajwa ak lapè ak rekonpans sete don enstantane pou moun ki fè byen, pa t ap gen mal—tout moun t ap fè byen men yo pa t ap fè l poutèt jistis ki genyen nan fè byen. Pa t ap gen okenn tès pou fòs, okenn devlòpman karaktè, okenn devlope pouvwa, pa t ap gen libète pou chwazi” (Enseignements des présidents de l église: Spencer W. Kimball [2006], 15).

Amelyore Ansèyman Nou

Suiv Lespri a. Ou pa ka predi fason chak leson pral dewoule, men, enspirasyon Lespri a ap gide ou. Si w prepare w spirityèlman, Senyè a ap ba ou “sa pou w di a, nan moman an menm” (Doktrin ak Alyans 100:6), epi se kapab egzakteman sa manm klas ou yo bezwen tande. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 10.)

Enprime