Ansyen Testaman 2022
25–31 Jiyè. Estè: Ou Te Vini … Pou Yon Tan Konsa“”


“25–31 Jiyè. {Estè: “Ou Te Vini … Pou Yon tan konsa” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“25–31 Jiyè. Estè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Estè ki ap priye

Estè, pa James Johnson

25–31 Jiyè

Estè

“Ou Te Vini … Pou Yon Tan Konsa”

Èske w konnen manm klas ou yo byen? Eseye konnen yon manm nan klas la pi byen chak semèn. Sa ap ede w konsidere bezwen yo pandan w ap prepare w pou anseye a (gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 7).

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Manm klas yo ta ka pataje avèk yon moun ki chita tou pre yo yon bagay Lespri a te anseye yo, yon bagay yo te rive konprann pi byen, oubyen yon bagay yo te renmen nan lavi yo pandan yo t ap li liv Estè a. Apresa kèk nan yo ta ka pataje avèk tout klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Estè

Senyè a plase nou nan sitiyasyon kote nou kapab beni lòt moun.

  • Manm klas ou yo kapab chèche fason Senyè a te rann posib pou Estè te sove Juif yo, jan l sigjere nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Envite yo pou yo pataje sa yo jwenn. Oubyen nou ta ka chèche kèk egzanp ansanm (gade Estè 2:21–23; 3:10–14; 4:14–16). Kisa nou ka fè pou nou rekonèt men Bondye nan lavi nou? Deklarasyon Èldè Neil L. Andersen nan nan “Resous Adisyonèl” la gen yon repons pou kesyon sa a.

  • Pou ede manm klas ou yo reflechi sou fason Senyè a te prepare yo “pou yon tan konsa” (Estè 4:14), envite yo li Estè 4:10–17. Kijan pawòl Madoche te di Estè yo te ede l pran desizyon pou defann pèp li a? Menmjan Bondye te plase Estè nan yon pozisyon kote l te kapab sove Juif yo, nan ki sitiyasyon Li plase nou pou nou kapab beni lòt moun? Kijan nou kapab vin yon pi bon enstriman nan men Li? Li deklarasyon Sè Virginia U. Jensen nan nan sesyon “Resous Adisyonèl” ta ka enspire manm klas yo pou yo panse a moman kote yo te santi yo te enstriman pou Senyè a. Mande yo pou yo pataje eksperyans yo, selon jan Lespri a gide yo.

Estè 4

Lè nou jene, nou demontre kijan nou depann de Senyè a.

  • Ou kapab itilize Estè 4 la pou diskite sou benediksyon ki soti nan jene. Ou ta ka mande manm klas la pou yo revize evènman ki te pouse Estè ak lòt Juif yo pou yo te jene a. Poukisa yo te chwazi pou yo te jene? Poukisa nou chwazi pou nou jene? Nou kapab revize ansanm kèk ekriti adisyonèl sou jèn, tankou Ezayi 58:6–12 ak Matye 4:1–4; 17:14–21 (gade tou Gid Ekriti yo, “Jèn, Jene,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Petèt oumenm oubyen kèk manm nan klas la ta kapab pataje eksperyans ki demontre kijan jene pote pouvwa Senyè a nan lavi nou.

Estè 3:1–11; 4:10–17; 5:1–4

Fè sa ki byen souvan mande gwo kouraj.

  • Istwa Madoche ak Estè ki kanpe avèk kouraj pou lajistis la kapab enspire manm klas yo pou yo gen kouraj pou yo fè sa ki byen. Ou kapab envite mwatye klas la pou li konsènan Madoche (gade nan Estè 3:1–11) epi lòt mwatye a li konsènan Estè (gade nan Estè 4:10–17; 5:1–4). Si yo te la jodia a, kisa Madoche ak Estè ta ka di pou ankouraje nou lè l difisil pou nou fè sa ki byen? Manm klas yo ta gen dwa pale de sitiyasyon kote yo te oblije aji avèk kouraj tou. Ou kapab pase videyo “Kouraj” (ChurchofJesusChrist.org) la oubyen envite klas la pou chante oubyen li pawòl yon chan sou kanpe pou laverite, tankou “Fais ton devoir” (Hymns, no. 237). Apre sa diskite kisa videyo a oubyen chan an anseye sou kouraj.

    Imaj
    Estè ak wa a

    Estè devan Wa a, pa Minerval K. Teichert

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Men Bondye.

Èldè NeilL. Andersen te anseye:

Pafwa nou gen dwa wè men Senyè a nan lavi lòt moun epi nou mande “Kijan m ka wè men L pi klè nan pwòp lavi m?”

“Si w respekte kòmandman yo epi ou priye ak lafwa pou w ka wè men Senyè a nan lavi ou, mwen pwomèt ou ke L ap louvri je espirityèl ou pi laj, epi w ap wè pi klè ke w pa poukont ou” (“Se Pou Rèy Ou an Vini,” Lyawona, Me 2015, 121–22).

“Pou yon tan konsa.”

Sè Virginia U. Jensen te anseye: “Mwen pa kwè ke oumenm avèk mwen isit la nan tan san parèy sa a pa aksidan. Mwen kwè ke, menmjan ak Estè ansyen tan an, nou ‘vini nan wayom nan pou yon tan konsa’ [Estè 4:14], kote enfliyans nou, egzanp nou, fòs nou, ak lafwa nou ka kanpe tankou yon ranpa kont gwo lanm mal k ap monte pou anglouti fwaye nou, fanmi nou ak moun nou renmen yo” (“Creating Places of Security,” Ensign, Nov. 1997, 89).

Amelyore Ansèyman Nou

Ale nan ekriti yo toudabò. Ekriti yo dwe premye sous pou etid ak preparasyon ou. Pa bliye ke pawòl pwofèt modèn yo konplete kalite travay la e yo se ekriti tou. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 17–18.)

Enprime