Ansyen Testaman 2022
18–24 Jiyè. Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8: “M ap Fè Yon Gran Travay”


“18–24 Jiyè. Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8: “M ap Fè Yon Gran Travay’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“18–24 Jiyè. Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
tanp Zorobabèl la

Ilistrasyon tanp Zorobabèl la, tablo Sam Lawlor

18–24 Jiyè

Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8

“M ap Fè Yon Gran Travay”

Pandan w ap envite manm nan klas ou yo pou yo pataje bagay ki te make yo nan liv Esdras ak Neemi an, pataje nenpòt enpresyon w resevwa pandan w ap li yo tou.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa ekri mo oubyen fraz kle yo sou tablo a ka raple manm yo kèk bagay yo te aprann nan ekriti yo epi sa ka rann ni pi fasil pou yo pataje ide yo. Paregzanp, ou ta gen dwa ekri Rebati, Repare, ak Retabli sou tablo a epi envite yo pou yo di ki vèsè nan sa yo te li yo ki gen rapò avèk youn nan mo sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezdras 3:8–13; 6:16–22

Tanp yo ka pote lajwa pou nou.

  • Deskripsyon sou lajwa Juif yo te santi lè tanp yo a te rebati a ta ka ede manm yo nan klas la gen pi plis apresyasyon pou tanp nan epòk pa nou yo. Petèt ou ta ka envite yo pou yo repase Ezra 3:8–13 ak 6:16–22 epi apresa diskite sou kèk nan fason Juif yo te selebre rekonstriksyon ak konsekrasyon tanp la. Poukisa bati yon tanp se yon rezon pou nou selebre? Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo di kijan tanp yo ak travay yo fè ladan yo pote lajwa pou yo. Deklarasyon ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ka ankouraje yo pou yo fè eksperyans lajwa ki genyen nan travay tanp.

    Imaj
    yon fanmi ka p mache nan lakou yon tanp

    Tanp la ka yon sous lajwa nan lavi nou.

Esdras 4–5; Neemi 2; 4; 6

Nou ka ede pawòl Bondye a avanse malgre lopozisyon.

  • Liv Esdras ak Neemi yo dekri moun k ap akonpli travay enpòtan malgre opozisyon yo te jwenn nan men enmi yo. Pou kòmanse yon diskisyon, ou ta gen dwa mande manm klas yo kiyès nan “gwo travay” Nenemi yo (Neemi 6:3) ki ta ka konpare avèk lavi nou. Ki travay enpòtan Bondye ba nou pou nou fè? Apresa ou ta ka li Ezra 4:4 la epi diskite sou kijan Satan ap eseye febli men nou ak twouble nou nan fè travay Bondye a. Kisa nou aprann nan Neemi ak konpayon travay li yo nan Neeemi 2:18–20; 4:6–9; ak 6:1–3? Kisa sa vledi pou nou gen “yon dispozisyon pou travay” nan sèvis Sovè a ? (Neemi 4:6). Panse pou w pataje yon pati nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “N ap fè yon gwo travay e nou pa ka lage” (Liahona, Me 2009, 59–62)

  • Ou gen dwa santi w enspire pou mennen yon diskisyon pou konpare efò Zorobabèl pou l rebati tanp la ak efò nou pou ale nan tanp ak fè travay sali a nan tanp yo. Paregzanp, ou ta ka ekri de antèt sou tablo a: Zorobabèl avèk Noumenm. Anba Zorobabèl la, manm klas yo ta ka ekri sa “advèsè Jida ak Benjamen yo” (Ezra 4:1) te fè pou yo te eseye anpeche Zorobabèl ak pèp Juif la rebati tanp lan (gade Ezra 4). Anba Noumenm nan, yo ta ka fè lis fason advèsè a eseye anpeche nou ale nan tanp. Apresa yo ta ka pataje konsèy youn ak lòt sou fason nou ka chèche èd Senyè a pou n simonte lopozisyon.

Neemi 8:–12

Nou beni lè nou etidye ekriti yo.

  • Petèt manm yo nan klas la ta ka li Neemi 8:1–12 ansanm epi diskite sou fason Esdras ak pèp li a te santi yo apwopo Bondye ak pawòl Li. Ankouraje yo pou yo fè referans a kèk vèsè espesifik ki montre kijan yo santi yo. Envite yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo pawòl Bondye a. Kòman nou ka amelyore efò nou pou nou resevwa pawòl Bondye a?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Fè eksperyans lajwa ki genyen nan tanp.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Nou ka jwenn enspirasyon tout jounen nan eksperyans lòt moun fè avèk travay tanp ak istwa familyal. Men, nou dwe fè yon bagay pou nou fè eksperyans lajwa sa a noumenm. M ta renmen lanse yon defi bay nou chak pou bèl santiman ki akonpaye travay sa a kapab kontinye e menm ogmante. Mwen envite nou pou, nan lapriyè, nou konsidere ki kalite sakrifis—e preferableman yon sakrifis tan—nou ka fè pou fè plis travay istwa familyal ak travay tanp ane sa a.”

“Nou angaje nan travay Bondye Toupuisan an. Li vivan. Jezi se Kris la. Sa a se Legliz pa li. Nou tout se pitit byeneme Li. Li ka konte sou nou” (Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Ouvri syèl yo atravè travay tanp ak istwa familyal,” Ensign, Okt. 2017, 39).

Amelyore Ansèyman Nou

Enplike paran jèn yo. Si w ap anseye jèn moun, pataje sa w ap anseye yo a avèk paran yo. Yo kapab ede w konprann bezwen jèn yo ak kijan pou w ede yo. Sa kapab yon bon mwayen pou ankouraje diskisyon familyal sou sa jèn yo ap aprann nan klas la tou. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 27.)

Enprime