Ansyen Testaman 2022
4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7: “Gen yon Pwofèt nan Izrayèl”


“4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7: “Gen yon Pwofèt nan Izrayèl’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Elize ki ap montre sèvitè a charyo dife

Ilistrasyon Elize ki ap montre sèvitè l la charyo dife yo, © Review & Herald Publishing/lisansye nan goodsalt.com

4–10 Jiyè

2 Wa 2–7

“Gen yon Pwofèt nan Izrayèl”

Pandan w ap prepare pou w anseye a, li 2 Wa 2–7 pandan w ap chèche enspirasyon pou pwòp lavi pa ou. Apresa koute sigjesyon sou mesaj k ap beni manm klas ou yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa manm klas yo bezwen tan pou yo revize chapit yo te li yo byen vit anvan pou yo ka pataje ide yo sou etid ekriti pèsonèl yo. Eseye bay kèk minit pou sa nan kòmansman klas la; ansuit, envite manm klas yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

2 Wa 2–6

Bondye kapab fè mirak nan lavi nou.

  • Pandan w ap diskite mirak nan 2 Wa 2–6 yo, li ta bon pou w ta mande manm klas yo pou yo defini mo mirak la. Ou ta gen dwa pataje ide Prezidan Howard W. Hunter a: “[Mirak] se manifestasyon pouvwa [Bondye’] ke nou pa ka eksplike ni konprann totalman. … Siy ak mèvèy sa yo te pi evidan nan lavi ak ministè Jezikri, Pitit Gason Bondye a Limenm. Men byenke yo te etonan ak mèveye, anpil nan mirak Kris la te fè sete sèlman reflè pi gwo mèvèy Papa Li te konn fè anvan Li epi kontinye ap fè toutotou nou. … Ap toujou gen anpil mirak si nou gen je pou nou wè ak zòrèy pou nou tande“ (“Bondye ki fè mèvèy yo,” Ensign, Me 1989, 15–16). Kijan ide sa yo ede nou wè men Bondye nan lavi nou?

  • Anvizaje mande manm klas la pou yo fè yon lis kèk nan mirak yo dekri nan 2 Wa 2–6 yo. Kisa nou aprann sou Senyè a nan mirak sa yo? Manm klas yo ta kapab anvi pale konsènan mirak—gwo oubyen piti—ke yomenm oubyen fanmi yo te temwen tou. Kijan nou ka pi byen rekonèt mirak Bondye yo nan lavi nou—enkli sa ki deferan a sa nou te espere?

  • Manm klas yo gen dwa twouve l enspiran pou yo ta konpare kèk mirak Elize te fè avèk kèk Jezikri te fè (gade 2 Wa 4:8–37 ak Lik 7:11–16; 2 Wa 4:42–44 ak Jan 6:1–13; 2 Wa 5:1–15 ak Lik 17:11–19). Kisa mirak sa yo anseye nou konsènan Sovè a ak pwofèt Li yo?

2 Wa 5:1–19

Si nou enb ak obeyisan, Jezikri kapab geri nou.

  • Yon grenn leson nou kapab aprann nan gerizon lèp Naaman an se enpòtans imilite. Pou kòmanse yon diskisyon, ou ta ka ekri sou tablo a ògèy Naaman ak Imilite Naaman. Manm klas la ta kapab chèche nan 2 Wa 5:1–19 epi ekri sou tablo a kèk fraz ki demontre ògèy oubyen imilite Naaman. Nan ki fason nou tankou Naaman pafwa? Nan ki fason nou tankou sèvitè l yo pafwa? Kija nou te fè rive konnen sa Naaman te rive konnen an?

  • Yon lòt leson nou kapab aprann nan istwa sa a se valè obeyi Bondye nan ti bagay. Ou ta ka kòmanse li 2 Wa 5:9–12 epi mande manm klas la sa yo panse sou rezon k fè Naaman “te ale ak raj la” (vèsè 12). Poukisa pafwa nou prefere fè “kèk gran bagay” Bondye mande nou, olye nou fè bagay ki senp? (vèsè 13). Ki valè fè bagay senp sa yo genyen?

2 Wa 6:8–23

“Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun yo genyen avèk yo a.”

  • Nou tout gen moman kote nou santi nou sèl oubyen pè. Reflechi sou kijan diskite sou resi ki nan 2 Wa 6:8–23 a ta kapab ede manm nan klas la ki santi yo fason sa a. Ou kapab kòmanse nan senpleman mande yo kisa ki enpresyone yo nan vèsè sa yo. Yo ta gen dwa pataje eksperyans kote “Senyè a te louvri je [yo]” tou (vèsè 17) epi ede yo wè ke yo pa t poukont yo (gade tou nan “Resous Adisyonèl”). Kijan nou youn ka ede lòt “Pa pè”? (vèsè 16).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Ouvri je espirityèl nou.”

Pandan l t ap fè referans a istwa nan 2 Wa 6:8–23 a, Èldè Ronald A. Rasband te di:

“Nou gen dwa genyen oubyen nou gen dwa pa gen charyo dife yo voye pou chase krent nou ak konkeri demon nou yo, men, leson an klè. Senyè a avèk nou, Li sousye pou nou, epi L ap beni nou nan fason Limenm sèl ka fè. Lapriyè ka rale fòs ak revelasyon nou bezwen an desann sou nou, pou santre panse nou sou Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la. Senyè a te konnen nou t ap pè pafwa. Mwen pase ladan l e nou menm tou. … Nan Legliz sa a, nou kapab pa anpil nan fason mond lan mezire enfliyans, men lè nou ouvri je espirityèl nou, ‘moun ki avèk nou yo pi plis pase moun ki avèk yo a‘ [2 Wa 6:16]” (“Se pou nou pa twouble,” Lyawona, Nov. 2018, 18–19).

Amelyore Ansèyman Nou

Refere etidyan yo nan ekriti yo. Chak fwa ou kapab, ankouraje manm klas la pou yo ale nan ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo pou yo jwenn konsèy, repons pou kesyon yo, ak sipò. Pawòl Bondye a se pi gwo sous laverite. (Gade Anseye nan fason Sovè a,21.)

Enprime