Ansyen Testaman 2022
11–17 Jiyè. 2 Wa 17–25: “Li te Mete Konfyans nan Senyè Bondye Izrayèl la”


“11–17 Jiyè. 2 Wa 17–25: ‘Li te Mete Konfyans nan Senyè Bondye Izrayèl lal,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“11–17 Jiyè. 2 Wa 11–25,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
moun k ap kite yon vil ki detwi

Depa Prizonye yo, tablo James Tissot ak lòt

11–17 Jiyè

2 Wa 17–25

“Li te Mete Konfyans nan Senyè Bondye Izrayèl la”

Repase enpresyon w te ekri pandan etid pèsonèl ou sou 2 Wa 17–25 la semèn sa a. Ki pasaj nan chapit sa yo ou santi ki pi siyifikatif pou manm klas ou yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Lè manm klas yo pataje sa y ap aprann lakay yo nan etid ekriti yo, lòt manm nan klas la ka santi yo enspire pou yo li ekriti yo pandan semèn nan. Ou gen dwa kòmanse klas la nan envite manm klas yo pou yo reponn yon kesyon tankou “Kisa Sentespri a te anseye w pandan w t ap li chapit yo bay yo pou semèn sa a?”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

2 Wa 18:28–36; 19:1–7, 14–19

Nou ka rete fidèl anvè Senyè a lè lafwa nou anba eprèv.

  • Verite ki nan 2 Wa 18–19 yo ka ede nou konn kijan pou nou reyaji lè lafwa nou anba eprèv. Kijan w pral ede manm klas ou yo dekouvri verite sa yo? Ou gen dwa envite yo pou yo pataje plizyè rezon ki fè yo kwè nan Bondye ak nan plan L lan. Apresa, yo ta ka gade nan 2 Wa 18:28–35, pandan y ap chèche ki rezon k fè Asiryen yo te bay pèp Jerizalèm nan pou yo pa t kwè nan Senyè a. Kijan Satan eseye pèsyade nou pou nou doute lafwa nou jodia? Apresa, manm klas yo ta gen dwa chèche nan 2 Wa 19:1–7, 14–19 pou wè sa nou ka aprann nan men Ezekyas sou fason pou nou reyaji lè lafwa nou anba eprèv. Kijan Senyè a ede nou simonte pwoblèm lafwa nou yo? Ki lòt sigjesyon manm klas yo genyen pou renouvle lafwa yo ak konfyans yo nan Senyè a?

  • Ou ta gen dwa envite yon manm nan klas la pou l vini tou prepare pou fè rezime konvèsasyon Asiryen yo te genyen avèk ofisyèl Ezekyas yo tou pre mi Jerizalèm yo (gade 2 Wa 18:17–36). Anvan l rakonte istwa a, envite manm yo nan klas la pou yo imajine ke yo se moun ki abite nan Jerizalèm ki ap koute konvèsasyon sa a. Kisa yo ta ka panse oubyen yo ta ka santi? Kisa yo t ap dwe fè? Ou gen dwa bayo kèk pati nan mesaj Èldè David A. Bednar la “C est pourquoi, ils firent taire leurs craintes” (Liahona, Me 2015, 46–49) epi envite yo pou yo chèche konsèy ki ta ka soutni yo pandan tan laperèz oswa dout yo. Kijan lafwa nou nan Jezikri te soutni nou pandan tan difisil?

2 Wa 22:8–2023

Ekriti yo ka fè nou vire kè nou bay Senyè a.

  • Diskite sou pouvwa pawòl Bondye a te genyen nan lavi Wa Jozyas ak pèp li a ta ka enspire manm yo nan klas la pou yo chèche menm pouvwa sa a nan lavi pa yo. Ou ta gen dwa kòmanse yon diskisyon nan envite yo pou yo imajine kijan lavi yo t ap diferan si yo pa t gen ekriti yo. Apresa, yo ta ka chèche nan 2 Wa 22:8–11; 23:1–6, 21, 24 pou yo ka jwenn kijan Jozyas ak pèp li a te chanje lè yo te tande pawòl Bondye a nan ekriti yo te fèk redekouvri nan tanp lan. Kijan ekriti yo ede nou vin pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

  • Chanjman dramatik pawòl Bondye a te genyen sou Jozyas ak anpil moun nan wayòm ni an ta ka enspire manm yo nan klas la pou yo chèche menm kalite chanjman sa yo nan lavi yo. Lè yo fin diskite sou chanjman sa yo, (gade 2 Wa 23:1–6, 21, 24), yo ta ka pataje eksperyans kote yon pasaj ekriti oswa yon istwa nan ekriti yo te fè yon diferans nan lavi yo. Petèt yo ta ka di ki rezon ki te fè yo byen resevwa mesaj ekriti sa a nan moman sa a nan lavi yo a. Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo ta ka ede nou nan diskisyon sa a.

    Imaj
    yon fanmi ki ap li ekriti yo

    Ekriti yo ka ede nou vire kè nou bay Senyè a.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Redekouvri ekriti yo.

Prezidan Spencer W. Kimball te di:

“Mwen sèten ke nou chak, nan yon moman kèlkonk nan lavi nou, dwe dekouvri ekriti yo pou tèt pa nou—e non pa jis dekouvri yo yon sèl fwa, men redekouvri yo ankò epi ankò. …

“Mwen santi ke nou tout ta dwe retounen nan ekriti yo menmjan Wa Jozyas te fè a epi kite yo travay avèk puisans andedan nou, pandan y ap pouse nou gen yon detèminasyon inebranlab pou nou sèvi Senyè a. …

“Mwen konstate ke lè m pran lèz kò m nan rapò m avèk divinite a e lè sanble pa gen okenn zòrèy divin k ap koute ni okenn vwa divin k ap pale, mwen lwen, trè lwen. Si m plonje m nan ekriti yo, distans lan redui epi espirityalite a retounen. M dekouvri ke m pi renmen moun m sipoze renmen ak tout kè m, tout espri m ak tout fòs mwen yo; epi, palefèt ke m renmen yo pi plis la, m twouve l pi fasil pou m suiv konsèy yo” (Enseignements des présidents de l église: Spencer W. Kimball [2006], 62–63, 67).

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize èd pou etid ekriti yo. Yon fason pou w ede manm klas ou yo konprann ekriti yo se di yo pou y al gade resous tankou Gid Ekriti yo ak atik nan Sijè Levanjil yo (ChurchofJesusChrist.org). Yo ka jwenn enfòmasyon ki itil tou nan seksyon “Sa pou nou Kenbe nan Lespri” nou yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Enprime