Ansyen Testaman 2022
27 jen–3 jiyè. 1 Wa 17–19: “Si Senyè a se Bondye, Suiv Li”


“27 jen–3 jiyè. 1 Wa 17–19: “Si Senyè a se Bondye, Suiv Li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“27 jen–3 jiyè. 1 Wa 17–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Eli ki kanpe kote yon lotèl k ap flanbe.

Eli konbat kont Prèt Baal yo, tablo Jerry Harston,

27 jen–3 jiyè

1 Wa 17–19

“Si Senyè a se Bondye, Suiv Li”

Objektif ekriti yo—ak klas ou a—se pou bati lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri. Kite objektif sa a gide desizyon w ap pran konsènan sa w ap anseye ak ki kesyon w ap poze.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm nan klas yo pataje ide yo sou 1 Wa 17–19 la, ou ta ka envite yo panse ak yon tit pou chak nan chapit sa yo. Ki vèsè ki fè yo panse a tit sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1 Wa 17:8–16; 19:19–21

Yon envitasyon pou fè sakrifis se yon opòtinite pou egzèse lafwa.

  • Egzanp vèv Sarepta a ta ka enspire manm klas ou yo nan epòk kote lafwa yo ap pase tès yo. Ou ta gen dwa kòmanse nan mande yo fè lis chwa ki mande lafwa nan Jezikri. Apresa, yo ta ka li istwa ki nan 1 Wa 17:8–16 la epi di kisa istwa sa a anseye yo sou egzèse lafwa. Ankouraje yo pou yo pataje santiman yo sou vèv la ak sou kijan egzanp li enspire yo pou yo egzèse lafwa yo. Kijan lafwa yo sanble ak lafwa Eli te demontre nan 1 Wa 19:19–21 an? Petèt yo ta ka vle pataje sakrifis yo konn fè pou Senyè a ak kijan Li konn beni yo.

  • Istwa vèv Sarepta a ka anseye nou sou benediksyon ki soti nan sakrifis tou. Ou ta gen dwa mande manm klas ou yo kijan yo t ap reponn a deklarasyon tankou sa yo: “M pa gen mwayen pou m peye dim” oswa “M twò okipe pou m aksepte tach pou m fè sèvis pastoral.” Kisa 1 Wa 17:8–16 la anseye nou ki ta ka aplike a deklarasyon sa yo? Kijan konesans nou sou Sovè a ede nou lè yo mande nou pou nou fè sakrifis? Pawòl Èldè Lynn G. Robbins yo nan “Resous Adisyonèl”la ka ede tou.

1 Wa 18:17–39

“Si Senyè a se Bondye, suiv Li.”

  • Yon diskisyon sou 1 Wa 18:17–39 an ta ka ede manm klas yo vin pi angaje nan suiv Jezikri ak kwè nan Li. Lè w fin repase istwa a avèk klas la, ou ta gen dwa ekri sou tablo a kesyon Eli te poze pèp Izrayèl la: “Pou konbyen tan w ap balanse ant de opinyon?” (vèsè 21). Kite yo di kisa yo panse kesyon sa a vledi. Ki kèk rezon ki dwe te fè pèp la ap “balanse” (ki ka vledi ezite, doute, oubyen balanse) ant suiv Senyè a ak suiv Baal? Poukisa nou pafwa ezite pou nou suiv Jezikri? Manm klas yo ta ka pataje eksperyans ki konn ede yo chwazi pou yo suiv Sovè a.

Imaj
Eli ki kanpe sou yon wòch

Yon deskripsyon senbolik sou 1 Wa 19:11–12 la. Pwofèt la, © Robert Booth Charles/Bridgeman Images

1 Wa 19:1–12

Senyè a souvan pale nan fason senp ak trankil.

  • Anpil moun pa ka rekonèt lè Senyè a ap kominike avèk yo. Pou ede manm klas yo pi byen rekonèt vwa Senyè a, ou ta gen dwa envite yo li 1 Wa 19:1–12 epi pataje sa Eli te aprann. Petèt yo ta ka pataje eksperyans yo konn fè ki te anseye yo sou diferant fason Senyè a pale avèk yo. Ou ta gen dwa pase videyo “Kijan m ka santi Sentespri a pi souvan?” an (ki nan “Fasafas avèk Prezidan Eyring ak Eldè Holland” nan [devosyon mondyal pou jèn yo, 4 Mas 2017], ChurchofJesusChrist.org).

  • Pou lanse yon diskisyon sou fraz “ti vwa dous piti a,” ou ta gen dwa montre kèk objè (oubyen foto kèk objè) ki ta ka ede yo medite sou fraz la. Yo ta ka sigjere kèk lòt egzanp tou. Poukisa mo “dous” ak “piti” yo se bon fason pou nou dekri vwa Lespri a? Pou lòt deskripsyon, manm klas yo ta ka li ekriti tankou sa yo: Elaman 5:30; 3 Nefi 11:3–7; Doktrin ak Alyans 6:22–23; 8:2–3; 9:8–9; 11:12–14; 36:2. Yo ta gen dwa pataje lòt ekriti ki pale de rekonèt Lespri a tou. Kisa ekriti sa yo sigjere sou sa nou dwe fè pou nou tande vwa Senyè a? Videyo “Santi Sentespri a” oswa “Vwa Lespri a” ta ka ede tou (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Vèv Sarepta a.

Eldè Lynn G. Robbins te di: “Eli te konprann doktrin ki di benediksyon vini apre eprèv lafwa nou an [gade Etè 12:6; Dktrin ak Alyans 132:5]. Se pa egoyis li t ap fè. Antanke sèvitè Senyè a, Eli te la pou l te bay, non pa pou l te pran [gade 1 Wa 17:13–16]. … Youn nan rezon k fè Senyè a ilistre doktrin avèk sitiyasyon ki pi ekstrèm yo se pou elimine eskiz. Si Senyè a atann pou menm vèv ki pi pòv la peye ti monnen l lan, ki kote sa kite tout lòt moun ki twouve ke l pa konvnab oubyen l pa fasil pou fè sakrifis yo?” (“Dim—yon Kòmandman menm pou Moun ki pi Pòv la,” Liahona, Me 2005, 35).

Amelyore Ansèyman Nou

Se pou ou yon enstriman enb nan men Lespri a. Objektif ou antanke enstriktè se pa pou w fè yon prezantasyon enpresyonan men se pou w ede lòt moun santi enfliyans Sentespri a, ki se veritab enstriktè a” (Anseye nan fason Sovè a, 10).

Enprime