Ansyen Testaman 2022
20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11: “Wayòm Ou an Apral Etabli Pou Tout Tan”


“20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11: ‘Wayòm Ou an Apral Etabli Pou Tout Tan‘ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Wa David Chita sou twòn ni

Wa David sou twòn ni, pa Jerry Miles Harston

20–26 Jen

2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11

“Wayòm Ou an Apral Etabli pou Tout Tan”

Pandan w ap etidye ekriti yo, chèche konnen nan lapriyè ki prensip k ap pi enpòtan pou manm klas ou yo pou w ka konsantre sou bezwen yo.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou w ka konn kisa manm klas yo te twouve ki siyifikatif nan etid ekriti yo a, ou gen dwa mande yo pou yo ekri referans yon pasaj ki te enspire yo sou kèk moso papye epi apre sa mete papye yo nan yon bwat. Apre sa yo ta kapab chwazi kèk papye nan bwat la, epi klas la ta kapab li epi diskite sou pasaj yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

2 Samyèl 6:1–8

Nou dwe fè travay Bondye a nan fason pa L.

  • Ou ta kapab mande manm klas yo pou yo li 2 Samyèl 6:1–8 epi pou yo konsidere ki avètisman istwa sa a ta ka genyen pou nou jodia. Deklarasyon Brigham Young lan nan “Resous Adisyonèl” ta kapab ede. Ki fason nou ta kapab eseye fè travay Bondye a ki diferan de fason Li mande nou an? Poukisa sa danjere? Petèt manm klas la ta kapab pataje eksperyans kote yo te aprann fè konfyans a direksyon Senyè a bay pou akonpli travay Li a.

2 Samyèl 11

Nou dwe toujou angad kont peche.

  • Apran nnan chwa trajik David yo ki anrejistre nan 2 Samyèl 11 la kapab ede nou evite menm kalite erè yo. Petèt klas la ta kapab li ansanm 2 Samyèl 11:1–17 epi idantifye chwa David te fè ki te kondui l nan peche yo. Kisa David te ka fè nan yon fason diferan? Ou ta kapab mande manm klas la pou yo ekri yon fraz ki ta kapab ede enspire yon moun pou l evite peche, baze sou sa yo aprann nan 2 Samyèl 11la. Envite kèk manm nan klas la pou yo pataje ide yo.

  • Ou ta gen dwa itilize 2 Samyèl 11 pou diskite sou danje pònografi ak lòt peche seksyèl. Pou fè sa, klas la ta kapab revize ansanm yon pati nan mesaj Èldè L. Whitney Clayton nan “Benediksyon pou moun ki gen kè pi yo” (Liahona, Nov. 2007, 51–53). Ki konsèy Èldè Clayton bay sou danje ki genyen nan pònografi? Ou ta gen dwa pase videyo “To Look Upon (Gade)” a (ChurchofJesusChrist.org). Kijan Sovè a kapab ede nou simonte tantasyon oswa konpòtman sa yo?

    Petèt manm klas yo ta kapab pataje ide yo te twouve k itil nan efò yo pou pwoteje fanmi yo kont pònografi, oubyen simonte efè pònografi. Mesaj Sè Linda S. Reeves la “Pwoteksyon anba Pònografi—yon Fwaye Santre sou Kris la” kapab ede (Liahona, Me 2014, 15–17; gade tou “Resous Adisyonèl”).

Imaj
Tanp Barranquilla nan Kolonbi

Tanp lan se kay Senyè a.

1 Wa 8:22–61

Tanp pote benediksyon.

  • 1 Wa 8 dekri benediksyon Salomon t ap chèche pou pèp li a lè tanp lan te fini. Ou ta kapab divize vèsè 22–61 yo pami manm klas yo epi mande yo pou yo pataje yon bagay yo jwenn nan vèsè sa yo ki enspire yo nan adorasyon tanp yo. Manm klas yo ta kapab di kijan adore nan kay Senyè a beni lavi yo.

1 Wa 8:61; 11:1–11

“Li pa t sèvi Senyè a ak tout kè l ankò.“

  • Kisa “sèvi Senyè a ak tout kè [ou]“ vle di? (1 Wa 8:61). Èske sa diferan de aksyon pafè nou yo? Kòman sa? Pandan manm klas yo ap medite sou kesyon sa yo, yo ta kapab li 1 Wa 11:1–11 epi remake sa Senyè a di apwopo kè Salomon. Kijan nou kapab evite erè l te fè yo?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Estabilize lach la

Prezidan Brigham Young te anseye: “Pa okipe nou de wayòm nan, Senyè a ap redrese lach la; e si l ap balanse, epi sanble ke li dwe redrese, si chemen an yon ti jan panche pafwa, epi selon tout aparans, li menase pou l ranvèse li, veye pou nou pa lonje men nou pou n redrese li; annou pa twò zele nan mele nou de sa k pa konsène nou; annou kite l anpè; se travay Senyè a sa ye” (Discours de Brigham Young, sel. John A. Widtsoe [1954], 66).

Pwoteje fanmi yo kont pònografi.

Sè Linda S. Reeves te anseye: “Kòman pou nou pwoteje timoun yo ak jèn nou yo? Filtè se zouti ki itil, men pi gwo filtè nan mond lan, sèl sa ki ap mache a finalman an, se filtè entèn pèsonèl ki soti nan yon temwayaj pwofon ak dirab sou Papa nou ki nan Syèl la ak sou sakrifis ekspyatwa Sovè nou an pou nou chak la” (“Pwoteksyon anba Pònografi—yon Fwaye Santre sou Kris la,” Liahona, Me 2014, 16; gade tou Joy D. Jones, “Adrese Pònografi: Pwoteje, Reponn, ak Geri,” Ensign, Okt. 2019, 22–27).

Amelyore Ansèyman Nou

Asire w ke w ap anseye vrè doktrin nan. “Toujou mande tèt ou: ‘Kijan sa m ap anseye yo ap ede manm klas mwen yo devlope lafwa nan Kris la, repanti, fè ak respekte alyans avèk Bondye, e resevwa Sentespri a?’” (Anseye nan Fason Sovè a, 20).

Enprime