Ansyen Testaman 2022
6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3: “Kè M Rejwi nan Senyè a”


“6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3: “Kè M Rejwi nan Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Rit ak Naomi

Nenpòt Kote w Ale, tablo Sandy Freckleton Gagon

6–12 Jen

Rit; 1 Samyèl 1–3

“Kè M Rejwi nan Senyè a”

Li enpòtan pou w prepare w pou w anseye, men asire w ke plan w lan bay manm klas ou yo opòtinite pou yo pataje sa yo te aprann.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas yo pataje sa yo te aprann semèn sa a, ou ta ka envite yo ekri sou tablo a yon mo oubyen yon fraz nan Rit 1–4 oubyen 1 Samuyèl 1–3 ki te enspire yo pandan etid endividyèl oubyen etid familyal yo. Li kèk awotvwa, pandan w ap mande manm klas yo pou yo pataje kijan mo ak fraz sa yo te enspire yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Rit; 1 Samyèl 1–2

Kris la ka fè trajedi tounen triyonf.

  • Byenke manm klas ou yo ka rankontre eprèv pèsonèl ki diferan de pa Rit ak Àn yo, yo ka aprann nan fason fi fidèl sa yo te reponn a sa yo te pèdi ak soufrans yo. Pou ede yo fè sa, ou ta ka divize klas la fè ti gwoup epi envite chak gwoup li yon chapit nan Rit 1–4 or 1 Samyèl 1. Sou tablo a, ou ta ka ekri kesyon tankou sa yo: Ki eprèv Rit ak Àn te rankontre? Kijan yo te montre konfyans yo nan Senyè a pandan eprèv yo? Gwoup la ta ka chèche repons pou yonn oubyen plis nan kesyon yo epi pataje sa yo jwenn. Kisa nou aprann nan istwa sa yo sou fason Senyè a ka ede nou nan eprèv nou yo?

    Imaj
    Àn ak Samyèl

    Se pou pitit sa a m te priye a, tablo Elspeth Young

  • Se pa tout moun ki priye pou yo fè yon pitit ki resevwa yonn, ni se pa tout moun ki remarye apre konjwen yo fin mouri. Men, difikilte pèsonèl nou yo, kèlkeswa sa yo ye, ka yon opòtinite pou nou vire al jwenn Sovè a epi fòtifye lafwa nou nan Li. Ou ta ka mande manm klas yo pou yo li Rit 2:11–12 ak 1 Samyèl 1:9–11 epi pale sou fason eprèv Rit ak Àn yo te afekte relasyon yo avèk Senyè a. Manm klas yo ta ka pataje fason lafwa pa yo te ranfòse paske yo te al jwenn Jezikri nan moman eprèv pa yo tou.

    Pou sipòte diskisyon sa a, ou ta ka envite yonn oubyen plis manm nan klas la pou yo vini tou prepare pou pataje ide yo jwenn nan youn nan mesaj sa yo: Mesaj Sè Reyna I. Aburto a “Atravè Nyaj ak Bontan, Senyè rete avèk Mwen!” (Lyawona, Nov. 2019, 57–60); seksyon ki rele “Lajwa Nan Ranpòte Viktwa Atravè Kris la” nan mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan “Lajwa Sen Yo” (Lyawona, Nov. 2019, 16–17); oubyen pawòl Elaine S. Dalton yo nan “Resous Adisyonèl.” Mande manm klas yo pataje sa yo te aprann sou fason eprèv nou yo ka tounen opòtinite pou pigran lafwa nan Jezikri.

1 Samyèl 2:18–363

Nou ta dwe koute epi obeyi vwa Senyè a.

  • Ka gen moun nan klas ou a ki, tankou Samyèl, te tande vwa Senyè a, men, yo pa t rekonèt li kòm vwa L. Ou ta ka envite manm klas yo pou yo revize 1 Samyèl 3, pou yo chèche kisa Samyèl te fè ki ta ka ede nou nan efò nou pou nou tande ak obeyi vwa Senyè a. Ou ta ka mande de manm nan klas la pou yo jwe wòl echanj ant Samyèl ak Elize a.

  • Kèkfwa, nou twouve nou nan sityasyon tankou pa Eli a—nou gen yon opòtinite pou ede yon moun rekonèt vwa Senyè a. Petèt, manm klas yo ta ka pataje kijan yo konn fè sa pou zanmi yo, manm fanmi yo, oubyen lòt moun. Ki ekriti oubyen eksperyans nou pataje pou ede lòt moun konprann fason Senyè a kominike avèk nou? (gade, paregzanp, Doktrin ak Alyans 6:22–23; 8:2–3; 9:7–9).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Nou pa janm poukont nou.

Prezidant Elaine S. Dalton te anseye:

“Vwayaj lavi a kèkfwa mennen nou sou chemen nou pa t sipoze. Gen vire tounen sou chemen an ke okenn nan nou pa ka prevwa. Men, nan chak vire tounen sa yo, gen opòtinite tou—opòtinite pou n chwazi repons nou ak plan daksyon nou. Difikilte nan lavi a ka opòtinite pou ede nou apwoche pipre Sovè a epi konfye nou nan Li pi konplètman. Nan pwosesis pou nou vin pipre L chak jou a, nou devlope karaktè ak kalite Kretyèn. …

“Menmjan avèk Rit ak Àn, nou tout fè eksperyans advèsite. Nou ka pa toujou konprann plan Senyè a pou lavi nou, men, temwayaj mwen sèke nou pa janm poukont nou. Li toujou avèk nou, epi L pwomèt nou, ‘Pou kounyea, nou pa kapab wè avèk je natirèl nou, objektif Bondye nou an konsènan bagay ki pral vini apre yo, ak laglwa ki pral vini apre anpil tribilasyon.’ [Doktrin ak Alyans 58:3]” (“Leson nan Rit ak Àn,” Ensign, Avr. 2006, 35, 37).

Gade tou nan Jan 14:18; Alma 38:5.

Amelyore ansèyman nou

Li OKE pou w di “M pa konnen.” Se vre ke w dwe fè tout sa w kapab pou reponn a kesyon manm klas ou yo, men, Senyè a pa atann pou w konn tout bagay. Lè w pa konn kijan pou w reponn yon bagay, admèt ou pa konnen, epi rann temwayaj sensè ou konsènan sa w konnen. (Gade nan 1 Nefi 11:16–17; Anseye nan Fason Sovè a, 24.)

Enprime