Ansyen Testaman 2022
13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18: “Batay la se Batay Senyè a”


“13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18: ‘Batay la se Batay Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
jèn David avèk yon fistibal

David ak Goliath, pa Steve Nethercott

14–20 Jen

1 Samyèl 8–10; 13; 15–18

“Batay la se Batay Senyè a”

Pandan w ap prepare pou w anseye a, sonje ke manm klas yo siman konn fè eksperyans siyifikatif avèk ekriti yo lakay yo. Kisa w ka fè pou bati sou eksperyans sa yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm yo nan klas la pataje sa yo te aprann semèn sa a, ba yo tan pou yo panse sou nenpòt enpresyon yo te resevwa nan lekti 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18 la. Apresa mande yo pou yo pataje yon vèsè ki te enspire yo yon enpresyon.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1 Samyèl 9:15–17; 10:1–12; 16:1–13

Bondye aple moun pa pwofesi pou sèvi nan wayòm ni an.

  • Istwa Bondye ki te chwazi Sayil ak David pa pwofesi ak revelasyon an ta ka ede manm klas yo konprann kijan yo chwazi moun pou sèvi nan Legliz la jodia. Ou ta gen dwa envite yo pou yo li 1 Samyèl 9:15–17; 10:1–12; ak 16:1–13, pandan y ap chèche pasaj ki ta ka ede yo konprann kisa sa vle di pou “Bondye aple” yon moun (Atik Lafwa 1:5). Ki diferans sa fè pou moun ki aple yo ak pou moun ki ap soutni yo, lè yo konnen se Bondye ki chwazi moun pou sèvi nan Legliz Li a?

    Imaj
    Samyèl k ap fè onksyon pou Sayil

    Samuel k ap fè onksyon pou Sayil, © Lifeway Collection/licensed from goodsalt.com

1 Samyèl 13:5–14; 15

“Obeyi pi bon pase fè sakrifis.”

  • Pou diskite sou rezon k fè sa enpòtan pou nou obeyi Senyè a, ou ta ka envite klas la pou yo repase 1 Samyèl 13:5–14 epi chèche atitid ak konpòtman ki te mennen nan chit Sayil. Kisa nou ka aprann nan erè Sayil yo?

  • Pandan ke nou pa konn tout rezon k fè yo te kòmande Sayil pou l te touye tout Amalekit yo ansanm ak bèt yo, gen leson pou nou aprann nan jan l te reponn a kòmandman sa a. Pou ede manm klas yo idantifye leson sa yo, ou ta gen dwa ekri sou tablo a Obeyi pi bon pase … epi envite yo pou yo medite sou fraz sa a pandan ke ansanm n ap repase evenman ki nan 1 Samyèl 15 yo. Ki kèk bon bagay nou fè nan lavi nou, ke nou pafwa chwazi fè olye nou obeyi Bondye? Poukisa obeyi Bondye pi bon pase lòt bon bagay sa yo?

1 Samyèl 16:6–7

“Senyè a gade nan kè moun.”

  • Apre yo fin li 1 Samyèl 16:6–7 la, manm klas yo ta ka pataje panse yo sou kisa gade “nan kè” vledi (vèsè 7). Kijan nou ka aprann wè moun nan fason Bondye wè yo? Manm klas yo ta ka pataje eksperyans ki te anseye yo enpòtans pou gade nan kè moun olye nou gade sou aparans yo.

1 Samyèl 17

Senyè a ka ede nou simonte nenpòt pwoblèm.

  • Nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, manm klas yo te petèt medite sou pawòl anpil nan moun nou jwenn nan 1 Samyèl 17 yo. Panse pou w mande klas la pou pataje sa yo te aprann nan aktivite sa a. Kisa yo te aprann osijè David, an patikilye?

  • Gen dwa gen kèk manm nan klas ou a ki ap travèse difikilte ki ka petèt sanble yo entimidan tankou Golyat te parèt entimidan pou Sayil ak lame l la. Kijan w ka itilize istwa David ak Golyat la pou ede manm klas yo fè fas a pwoblèm yo avèk lafwa nan Bondye? Petèt ou ta gen dwa kòmanse pa montre yo yon foto David ak Golyat (tankou sa ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) a. Apresa yo ta ka fè yon lis sou tablo a sou kèk bagay ki ta ka reprezante “Golyat” nan epòk nou an? Apresa, yo ta ka chèche vèsè nan 1 Samyèl 17 la ki demontre lafwa David, ki te pèmèt li defèt Golyat la (gade deklarasyon ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la tou). Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans kote yo te santi Senyè a t ap ede yo konbat nan batay yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Simonte Golyat nou yo.

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye:

“Gen Golyat tout bò kote nou, gwo jeyan ki gen entansyon mechan pou yo detwi nou. Se pa gason ki gen wotè nèf mèt yo ye, men, se moun ak enstitisyon ki ap kontwole bagay ki atiran men ki mal, ki ka mete nou nan difikilte epi ki ka afebli nou ak detwi nou. …

“… Men nou pa bezwen pè si nou gen fistibal verite a nan men nou. … Nou gen wòch vèti ak onè ak entegrite yo pou n itilize kont enmi sa yo ki ta renmen konkeri nou an. Nan sa ki konsène nou, nou ka frape yo ‘nan mitan zye yo,’ pou n itilize yon ekspresyon imaje. Nou ka triyonfe de yo nan disipline tèt nou pou n evite yo. Nou ka di yo tout sa David te di Golyat la, ‘W ap mache sou mwen avèk epe, avèk lans, ak gwo fwenn: men mwenmenm, m ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la, ke w bay defi pou vin goumen avèk ou a’ [1 Samyèl 17:45]” (“Triompher des Goliaths dans notre vie,” Liahona, Me 1983, 46, 51).

Amelyore ansèyman nou

Apèl ou a enspire. Se Senyè a ki aple w kòm enstriktè pou beni pitit Li yo. Si w viv diy pou w resevwa èd Li, L ap ba w revelasyon w ap chèche a. (Gade Anseye nan fason Sovè a,5.)

Enprime