Ansyen Testaman 2022
30 Me– 5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16: “Senyè a Voye Yon Moun pou Delivre yo”


“30 Me– 5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16: ‘Senyè a Voye Yon Nonm pou Delivre Yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“30 Me–5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Debora avèk lame a

Ilistrasyon Debora ki ap dirije lame Izrayèl la, © Lifeway Collection/lisansye nan goodsalt.com

30 Me– 5 Jen

Jij 2–4; 6–8; 13–16

“Senyè a Voye Yon Moun pou Delivre yo”

Sonje ke enstriktè ki pi enpòtan an se Sentespri a. Kijan w ka ede manm klas ou yo resevwa ansèyman Sentespri a pandan w ap diskite sou verite ki nan liv Jij yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri sou tablo a non kèk nan jij ou jwenn nan Jij 2–4; 6–8; 13–16 yo (tankou Debora, Barak, Gedeyon, ak Samson). Bay manm klas la kèk minit pou yo revize chapit sa yo epi pou yo ekri anba youn nan non sou tablo a yon verite yo aprann nan eksperyans moun sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jij 2:11–19; 3:5–12; 4:1–16

Senyè a ofri delivrans lè nou kite wout la.

  • Egzamine sèk rebelyon, chagren, repantans ak delivrans Izrayèl la kapab ede manm klas yo rekonèt pouvwa delivrans Bondye nan pwòp lavi yo. Yo ta kapab travay an ti gwoup pou yo wè jan yo dekri sèk la nan Jij 2:11–19; 3:5–12. Kijan pitit Izrayèl yo te delivre anba sèk peche ak soufrans yo a? Kisa nou aprann nan liv Jij yo sou fason nou kapab sove anba peche ak soufrans? Nan ki fason Bondye delivre nou? Ou kapab envite manm klas yo pou yo chèche epi pataje ekriti ki temwaye de Senyè a kòm Liberatè nou ak Redanmtè nou tou (pa egzanp, 2 Samyèl 22:1–3; Sòm 40:16–17; 1 Nefi 1:19–20; Mozya 23:21–23; Doktrin ak Alyans 138:23).

  • Jij 2:19 rapòte ke Izrayelit yo te toujou konn vire do bay Bondye pou y al adore idòl. Petèt manm klas yo ta kapab rezime vèsè sa a kòm yon avètisman pou yomenm. Nan ki fason pafwa nou “koube nou” devan “lòt dye”? Kijan Senyè a ka ede nou chanje “fason tèt di” nou an?

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou fason Debora ak Barak te delivre pèp Izrayèl la anba Kananeyen yo, ou ta ka mande yon manm nan klas la pou l rezime istwa a pou klas la (Sa ta ka ede pou w kontakte manm klas la kèk jou alavans pou l ka prepare li. Klas la ta ka pale de kalite Debora te genyen ki enpresyone yo. Kijan Debora te enspire pitit Izrayèl yo pou yo te suiv Senyè a? Petèt ou kapab li ansanm Jij 4:14 epi diskite sou sa deklarasyon fidèl Debora a vle di: ”Èske se pa Senyè a k ap mache devan ou?” Kijan Senyè a ap mache devan nou? (gade tou nan Doktrin ak Alyans 84:87–88).

Jij 6–8

Senyè a ka fè mirak lè nou gen konfyans nan fason Li.

  • Etidye apèl pou sèvi Jedeyon an kapab enspire manm klas yo nan pwòp sèvis pa yo. Ou ta ka mande yo pou yo li epi diskite sou Jij 6:11–16. Kisa nou ka aprann nan eksperyans sa a? Pou ede yo aprann nan Jij 7, ou ta ka envite youn oubyen plis manm nan klas la pou yo pretann yo se sòlda Jedeyon epi rakonte istwa a dapre pwendvi yon sòlda. Lòt manm klas yo ta ka poze yo kesyon sou eksperyans sòlda yo. Ki paralèl nou wè ant istwa as a ak sa k ap pase kounyeya nan lavi nou? Kisa nou aprann sou Senyè a nan istwa sa a?

Jij 13–16

Fòs soti nan fidelite alyans nou avèk Bondye.

  • Kijan w ka ede manm klas yo dekouvri verite enspire ak avètisman enpòtan ki nan istwa Samson an? Youn nan fason sa yo se ta envite mwatye klas la pou yo revize Jij 14–16 pandan y ap chèche vèsè ki montre ke Senyè a te avèk Samson. Lòt mwatye a ta ka chèche vèsè ki montre ke Samson pa t angaje l totalman anvè Senyè a. Mande manm klas la pou yo pataje sa yo jwenn. Kisa lavi Samson anseye nou sou respekte alyans nou fè avèk Bondye yo? Deklarasyon Sè Ann M. Dibb la nan “Resous Adisyonèl” la ta ka ede tou.

    Imaj
    Samson ki ap pouse poto

    Samson Lage Poto yo atè, pa James Tissot ak lòt moun

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Yon leson sou lavi Samson

Sè Ann M. Dibb te anseye: “Samson te fèt avèk gran potansyèl. Yo te pwomèt manman li, ‘Se li menm ki pral kòmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men Filisten yo’ [Jij 13:5]. Men pandan Samson t ap grandi, Li te gade nan tantasyon mond lan plis pase nan direksyon Bondye. Li te fè chwa ki ‘te fè [l] plezi‘ [Jij 14:3] olyede chwa ki te byen. Plizyè fwa ekriti yo itilize fraz ’epi li te chite’ [Jij 14:7] a lè y ap rakonte vwayaj Samson, aksyon li, ak chwa l yo. Olye pou l te leve epi briye pou l te ka akonpli gran potansyèl li a, mond lan te venk Samson, li te pèdi pouvwa Bondye te ba li a, epi li te mouri mò trajik byen bonè” (“Leve epi Briye,” Liahona, Me 2012, 118).

Amelyore ansèyman nou

Rezève tan pou manm klas yo pataje. “Lè etidyan yo pataje sa y ap aprann, yo non sèlman santi Lespri a epi fòtifye temwayaj yo, men, yo ankouraje lòt manm klas yo pou yo dekouvri verite yo poukont yo tou. … Rezève tan pou etidyan yo pataje nan chak leson.“ (Anseye nan Fason Sovè a, 30.)

Enprime