Ansyen Testaman 2022
26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57: “Se Soufrans nou Li te Soufri Pou Nou, Se Doulè Nou Li te Pran Sou Do L”


“26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57: “Se Soufrans nou Li te Soufri Pou Nou, Se Doulè Nou Li te Pran Sou Do L,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“26 Septanm–2Oktòb. Ezayi 50–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Kris la ak kouwòn pikan sou tèt Li ak sòlda k ap moke L

Mokri Kris la, Carl Heinrich Bloch

26 Septanm–2 Oktòb

Ezayi 50–57

“Se Soufrans nou Li te Soufri Pou Nou, Se Doulè Nou Li te Pran Sou Do L”

Fason ki pi enpòtan pou prepare pou anseye se pou nou li ak medite sou ekriti yo. Kisa w santi ak aprann lè w li Ezayi 50–57la?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou pouse manm klas yo pataje eksperyans yo te fè pandan yo t ap li Ezayi 50–57 la, ou ta ka ekri sou tablo a yon fraz tankou Lafwa m nan Jezikri te ranfòse lè m te li … Envite manm klas yo pou yo pataje fason yo ta fini fraz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezayi 50–52

Lavni briyan pou pèp Bondye a

  • Nou tout travèse moman kote nou santi nou fèb. Pou ede manm klas yo depann sou fòs Senyè a, ou ta ka angaje yo chak pou yo li kèk vèsè nan Ezayi 51–52 epi pataje yon bagay yo jwenn ki ta ranfòse yon moun ki santi l fèb ak dekouraje. Ou ta ka souliye tou, ke Sovè ki te resisite a te repete kèk nan pawòl Ezayi yo bay Pèp an Amerik la (gade nan 3Nefi 20:32–45). Kisa pawòl Sovè a nan 3Nefi 20:30–34 a ajoute sou konpreyansyon nou konsènan lè pwofesi sa yo pral akonpli?

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjre pou nou fè lis tout bagay nan Ezayi 50–52 ke Senyè a envite pèp Li a fè. Petèt, manm klas yo ta ka pataje sa yo te jwenn epi pale sou kisa envitasyon sa yo vle di pou yo. Ou ta ka vle konsantre sou envitasyon yo ki nan Ezayi 51:1–2, 6–8; 52:1–3, 9–11yo. Kòman nou ka aji sou envitasyon sa yo? Ou ta ka souliye ke Doktrin ak Alyans 113:7–10 founi yon eksplikasyon enspire sou Ezayi 52:1–2. Kisa mo sa yo ajoute sou konpreyansyon nou?

Imaj
estati Kris la k ap pote kwa a

Akoz Amou, atis Angela Johnson

Ezayi 52:13–15; 53

Jezikri te pran peche ak doulè nou yo sou tèt li.

  • Pou ede manm klas yo vizyalize pawòl Ezayi yo ki nan Ezayi 53 a, ou ta ka afiche plizyè foto sou evenman ki antoure Sakrifis Jezikri a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 56–60). Apresa, ou ta ka mande manm klas yo pou yo chèche fraz nan Ezayi53 ki dekri evenman ki nan foto yo. Kisa pawòl Ezayi yo anseye konsènan soufrans Sovè a soufri pou nou? Kisa yo sijere sou rezon k fè Li te soufri pou nou an? Kisa ansèyman sa yo enspire nou pou nou fè?

  • Pou envite Sentespri a temwaye konsènan verite yo anseye nan Ezayi 52:13–15; 53 yo, ou ta ka mande manm klas yo pou yo li vèsè sa yo an silans pandan w ap pase anrejistreman yon kantik sou Sakrifis Jezikri a. Envite manm klas yo chèche mo oubyen fraz nan ekriti yo ke yo santi ki espesyalman enpòtan. Apresa, kite yo pataje sa yo te jwenn ak fason yo santi yo konsènan Sovè a. Konsidere tou pou w envite manm klas yo li Mozya 15:10–12, kote Abinadi te eksplike kisa fraz “semans li yo” vle di. Nan ki fason sa ede nou konprann Ezayi 53:10?

Ezayi54

Jezikri vle nou retounen al jwenn ni.

  • Etidye Ezayi54 ka enspire manm nan klas la ki santi yo dekouraje poutèt peche yo oubyen feblès yo. Ou ta ka envite manm klas yo pou yo fouye chapit54 pou jwenn fraz oubyen vèsè ki montre fason Sovè a santi L konsènan nou. Kijan Li vle nou santi nou apwopo peche ak feblès pase nou yo? Kijan Li vle nou santi nou konsènan Li? Ankouraje manm klas yo pataje nenpòt lòt bagay yo aprann konsènan Jezikri nan chapit sa a. Deklarasyon Prezidan DieterF. Uchtdorf la nan “Resous Adisyonèl” ka ajoute sou diskisyon w lan.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Atravè Jezikri nou ka gen esperans.

Prezidan DieterF. Uchtdorf te anseye:

“Sa pa di anyen si lavi nou ta sanble l konplètman detwi. Sa pa di anyen kijan peche nou sal, ki pwofondè amètim nou, kijan nou nan solitid, abandone oubyen kè nou brize. Menm moun ki san espwa yo, k ap viv nan dezespwa yo, sa yo te trayi konfyans yo, sa ki abandone entegrite yo, oubyen ki detounen ale lwen Bondye yo kapab restore.…

“Bòn nouvèl levanjil la se sa a: gras a plan bonè etènèl Pè Selès byeneme nou an epi gras a sakrifis enfini Jezikri a, non sèlman nou ka rachte anba eta dechi nou an epi retabli nan pwòte, men tou, nou ka pwogrese plis pase sa lòm ka imajine pou n vin eritye lavi etènèl epi pataje laglwa sa deskripsyon Bondye a” (“L ap Mete w sou Zepòl Li e Pote w Lakay,” Liahona, Me 2016,102).

Amelyore ansèyman nou

Viv diy pou n resevwa gidans Lespri a. Lè w viv levanjil la, ou diy pou konpayi Lespri a, ki se pi bon enstriktè a. Si w chèche direksyon li, Sentespri a ap ba w panse ak enpresyon sou fason pou w satisfè bezwen moun w ap anseye yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 5.)

Enprime