Ansyen Testaman 2022
24–30 Oktòb. Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47: “M Pral Mete Yon Nouvo Lespri Andedan Ou”


“24–30 Oktòb. Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47: “M Pral Mete Yon Nouvo Lespri Andedan Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“24–30 Oktòb. Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jezi k ap kondi mouton

Vini, Suiv Mwen, Scott Sumner

24–30 Oktòb

Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47

“M Pral Mete Yon Nouvo Lespri Andedan Ou”

Senyè a te prezève pawòl Ezekyèl yo nan yon objektif ki saj epi yo ka beni manm klas ou yo. Medite sou sa pandan w ap etidye ekriti Ezekyèl yo semèn sa a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Moun ki te tande Ezekyèl yo te panse pawòl li yo “emab” ak “plezan,” “men yo pat [aplike] yo” (gade nan Ezekyèl 33:30–33). Manm klas yo ta ka pataje yon pasaj yo te jwenn nan ekriti Ezekyèl yo ki enspire yo fè kèk bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezekyèl34

Sovè a envite nou pou nou nouri brebi L yo.

Pou ede manm klas yo jwenn siyifikasyon nan Ezekiel34, ou ta ka ekri sou tablo a kèk sityasyon yo ta ka rankontre, tankou prepare pou sèvi yon misyon, elve timoun, oubyen resevwa yon tach pou sèvi. Manm klas yo ta ka chwazi yonn pou yo medite pandan y ap li an silans Ezekyèl 34:1–10. Envite yo pataje konsèy ki baze sou vèsè sa yo ke yo ta bay yon moun nan sityasyon yo chwazi a. Kisa sa vle di pou nou nouri tèt pa nou pase twoupo Senyè yo? Kouman nou ka tounen bèje tankou Sovè a? (gade nan vèsè 11–16).

Ou ta ka santi ou enspire pou ou poze kesyon pou ede manm klas yo medite sou senbòl ki nan Ezekyèl 34:11–31. Paregzanp, Kisa “bon patiraj” ak “bon twoupo” yo ka reprezante nan vèsè14? Ki diferans ki genyen ant yon mouton ki “pèdi” ak yonn yo “chase”? (vèsè16). Kòman Sovè a sekouri toulède kalite brebi sa yo? Manm klas yo ta ka pataje lòt senbòl yo jwenn nan vèsè sa yo epi pale sou kisa senbòl sa yo anseye yo konsènan Jezikri.

Ezekyèl37

Senyè a ap rasanble pèp Li a epi L ap ba yo nouvo lavi.

  • Lè nou li Ezekyèl37 epi nou panse a pwomès Senyè a pou L rasanble Izrayèl la, sa ka ban nou enspirasyon sou kisa rasanbleman an vle di ak fason nou patisipe ladan l. Pou ede manm klas yo jwenn enspirasyon sa yo, ou ta ka ekri keasyon tankou sa yo sou tablo a Kisa Senyè a ap eseye akonpli atravè rasanbleman Izrayèl la? Nan ki fason L ap akonpli l? Apresa, ou ta ka mande mwatye klas la pou yo li Ezekyèl 37:1–14 epi lòt mwatye a pou li Ezekyèl 37:15–28 pandan y ap chèche enspirasyon de pasaj sa yo ta ka bay pou kesyon ki sou tablo yo. Sa ta ka ede pou ou eksplike ke bwa Jozèf la ak bwa Jida a yo mansyone nan vèsè 16–19 yo reprezante Liv Mòmon an ak Bib la. Pandan manm klas yo ap pataje repons yo, ankouraje yo pale sou wòl yo nan rasanbleman dènye jou Izrayèl la.

Imaj
dezè ak Lanmè Mòt la

Ezekyèl te wè nan vizyon yon rivyè k ap koule sòti nan tanp la ki geri Lanmè Mòt la.

Ezekyèl 47:1–12

Tanp lan pote gerizon spirityèl.

  • Foto ta ka ede manm klas yo konprann vizyon ki dekri nan Ezekyèl 47:1–12 la. Paregzanp, ou ta ka montre foto yon tanp, yon rivyè, yon dezè, ak Lanmè Mòt la (gade nan foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak Fotografi Bib yo, no.3, “Dezè Jide a”). Sa ta ka ede pou ou eksplike ke Lanmè Mòt la sitèlman sale ke pwason ak plant pa ka viv landan l. Manm klas yo ta ka li vèsè 1–12 epi pataje kisa ki enpresyone yo konsènan dlo yo dekri nan vizyon an (gade tou nan Revelasyon 22:1 ak deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” la). Yo ta ka desine foto vizyon Ezekyèl la tou. Kisa dlo yo te ka senbolize? Kisa pyebwa ki dekri nan vèsè12 yo ta ka reprezante? Petèt, manm klas yo ta ka pataje fason tanp la ak benediksyon l yo pote benediksyon spirityèl ak gerizon pou yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Benediksyon tanp yo ka geri nou.

Pou refere a dlo ki sòti nan tanp la k ap koule nan vizyon Ezekyèl la (gade nan Ezekyèl 47:1–12), Èldè DaleG. Renlund te remake:

“De karakteristik dlo a nesesè pou note. Premyèman, malgre ti kouran dlo a te poukont li, li te grandi vin tounen yon rivyè puisan, li te vin pi laj ak pi fon plis li te koule. Yon bagay sanblab rive avèk benediksyo ki koule soti nan tanp la lè moun sele avèk fanmi yo. Pwogresyon siyifikatif fèt, soti dèyè rive devan, atravè jenerasyon yo, pandan òdonans sèlman yo ap soude fanmi yo ansanm.

“Dezyèmman, rivyè a renouvle tout bagay li touche. Se konsa tou, benediksyon tanp yo gen kapasite ekstraòdinè pou yo geri moun. Benediksyon tanp yo ka geri kè ak lavi ak fanmi” (“Istwa Familyal ak Travay nan Tanp: Sèlman ak Gerizon,” Lyawona, Me 2018, 47–48; gade tou nan video “Epi, Rivyè a Pral Grandi,” ChurchofJesusChrist.org).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede lòt moun resevwa Lespri a. “Pafwa enstriktè yo gen dwa tante pou yo panse ke se konesans yo oubyen metòd yo oubyen pèsonalite yo ki enspire moun y ap anseye yo. … Objektif ou antanke enstriktè se pa pou w fè yon prezantasyon enpresyonan, men se pou ede lòt moun santi enfliyans Sentespri a” (Anseye nan fason Sovè a, 10).

Enprime