Ansyen Testaman 2022
3–9 Oktòb. Ezayi 58–66: “Redanmtè a Pral Vini nan Siyon”


“3–9 Oktòb. Ezayi 58–66: ‘Redanmtè a Pral Vini nan Siyon,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“3–9 Oktòb. Ezayi 58–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jezi k ap anseye nan yon sinagòg

Jezi nan Sinagòg la nan Nazarèt, GregK. Olsen

3–9 Oktòb

Ezayi 58–66

“Redanmtè a Pral Vini Nan Siyon”

Pandan w ap etidye bèl doktrin ki nan chapit sa yo, envite Lespri a pou gide ou nan mesaj ki pral gen plis siyifikasyon pou manm klas yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ou ta ka envite manm klas yo pou yo ekri sou tablo a referans a vèsè ki te enspire yo pandan etid ekriti yo semèn sa a. Ansanm nan klas la, apresa, ou ta ka chèche vèsè sa yo epi pale sou verite nou jwenn ladan yo. Ide sa yo ka mennen nan diskisyon ki pi pwofon sou yonn oubyen plis nan prensip ki nan lis anba la a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezayi 58:3–12

Jene pote benediksyon.

  • Pou ede manm klas yo diskite rezon ak fason Senyè a kòmande nou pou nou jene, ou ta ka kreye de kolòn sou tablo a ki ekri “Nou Pa Dwe Jene jan Nou Fè Jodia” ak “Jèn M Chwazi a.” Apresa, manm klas yo ta ka li Ezayi 58:3–7, pou yo ranpli premye kolòn nan avèk deskripsyon sou fason Izrayelit yo te jene epi dezyèm kolòn nan avèk deskripsyon sou jene jan Senyè a vle a. Kijan deskripsyon sa yo afekte fason nou wè jene? Manm klas yo ta ka pataje, apati eksperyans yo, kouman jene mennen nan benediksyon Senyè a pwomèt nan vèsè 8–12yo.

  • Kèk manm nan klas la te siman ka fè kèk eksperyans kote yo t ap eksplike lòt moun poukisa nou jene. Envite yo pataje sa yo te di. Ou ta ka envite yon manm nan episkopa a pou l pale sou fason yo itilize ofrann jèn yo tou. Oubyen, ou ta ka pataje yonn nan egzanp nan mesaj Prezidan HenryB Eyring nan“Èske Se Pa Jèn Sa M Te Chwazi a?” (Lyawona, Me 2015, 22–25). Nan ki fason jene ak peye ofrann jèn ede nan “dechaje pwa lou” nou yo ak pwa lòt moun? (Ezayi 58:6).

Ezayi 61:1–3; 63:7–9

Jezikri se Sovè nou ak Redanmtè nou.

  • Lè Jezikri te anonse pèp Nazarèt la Li se Mesi a, Li te site Ezayi Ezayi 61:1–3 (gade nan Lik 4:16–21; gade tou nan video “Jezi Deklare Li se Mesi a,” ChurchofJesusChrist.org). Petèt, manm klas yo ta ka li Ezayi 61:1–3 epi pale sou rezon ki fè vèsè sa yo se yon bon deskripsyon sou misyon Sovè a. Ou ta ka fè lis chak bagay Sovè a te konsakre pou L te fè epi diskite kisa yo chak vle di. Kòman Sovè a akonpli aspè sa yo nan misyon L lan pandan lavi mòtèl Li? Kòman Li akonpli yo nan lavi nou?

  • Manm klas yo ta ka li Ezayi 63:7–9 tou epi pataje fason Jezikri beni yo nan fason sa yo.

  • Ezayi 61:1–3 itilize bèl langaj powetik pou dekri pouvwa Jezikri pou L rachte sa ki sanble l detwi. Pou ede ilistre vèsè sa yo, konsidere pataje yon istwa sou yon bagay moun te panse ki te pèdi oubyen detwi, men ki te vin tounen yon bagay pi bèl. Paregzanp, gade video “Tanp Provo City Center” a nan (ChurchofJesusChrist.org; gade tou “Resous Adisyonèl”) oubyen kòmansman istwa Prezidan DieterF . Uchtdorf la “L ap Mete Ou Sou Zèpòl Li epi L ap Pote Ou Lakay” (Lyawona, Me 2016, 101–4). Manm klas yo ta ka pale de fason yo wè Senyè a bay moun yon bagay ki bèl Lè yo te panse lavi yo te fini.

Ezayi 65:17–25

Nan Dezyèm Vini L la, Senyè a pral “kreye yon nouvo syèl ak yon nouvo tè.”

  • Ezayi 65:17–25 dekri kondisyon sou tè a apre Dezyèm Vini Sovè a. Ou ta ka envite manm klas yo pou yo revize vèsè sa yo, pou yo chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kouman lavi sou “nouvo tè a” ap diferan de fason lavi a ye kounyea sou tè a? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki lakoz ou rejwi?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Senyè a “pa kite nou nan sann yo.”

Apre l te fin rakonte kòman yon dife te prèske detwi Tabènak Provo a, sa ki te pèmèt yo rebati l pita kòm Tanp Provo City Center a, Sè LindaS. Reeves te di: “Senyè a pèmèt nou sibi tès ak eprèv, pafwa jis nan nivo kapasite maksimòm nou. Nou konn wè lavi moun nou renmen—epi petèt pwòp lavi nou—boule rapyetè nan sans figire e nou konn mande poukisa yon Pè Selès eman ak sousye fè kite bagay konsa rive. Men li pa abandone nou nan sann yo; li kanpe avèk bra li tou louvri, ap envite nou avèk ensistans pou nou vin jwenn Li. L ap bati lavi nou vin tounen tanp ki mayifik, kote Lespri L ka rete etènèlman” (“Reklame Benediksyon Alyans Ou Yo,” Lyawona, Nov. 2013,119).

Amelyore ansèyman nou

Aprann konnen moun w ap anseye yo. Chak moun w ap anseye gen yon pase, yon pèspektiv ak aptitid ki pwòp a limenm. Konsidere diferans sa yo pandan w ap chèche ede tout moun pou yo aprann nan fason ki siyifikatif ak memorab. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 7.)

Enprime