Ansyen Testaman 2022
Yon Modèl Pou Anseye


“Yon modèl pou anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2011)

“Yon modèl pou Anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
jèn k ap etidye ekriti yo

Yon Modèl pou Anseye

Chak plan leson nan manyèl sa a suiv yon modèl pou envite moun pataje ak anseye doktrin nan.

Envite Pataj

Kòm yon pati nan chak klas, envite manm klas la pou yo pataje ide ak eksperyans yo te fè pandan semèn pase a lè yo t ap etidye ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo ak lè yo te aplike sa yo te aprann yo. Ede manm klas yo wè ke aprantisaj pèsonèl yo andeyò klas la enpòtan. Konvèsyon pèsonèl yo nan Jezikri ak Pè Selès la ap fèt non sèlman atravè sa y ap aprann lè Dimanch yo, men atravè eksperyans yo fè chak jou tou. Lè manm klas yo nan sitiyason kote youn ap tande eksperyans ak temwayaj lòt konsènan Jezikri, yo plis gen tandans pou yo chèche menm kalite eksperyans sa yo pou pwòp tèt pa yo.

Se pa tout moun ki pral li tout chapit pou chak leson, epi, menm pami moun ki li chapit yo genyen ki ka pa t santi yo konfòtab pou yo pataje. Asire w ke tout manm nan klas la santi yo se yon pati valab nan klas la, ke yo gen yon bagay pou yo pataje ou pa.

Anseye Doktrin nan

Oumenm ak manm klas ou yo ta dwe konsantre nou sou Jezikri ak doktrin Li a—verite etènèl levanjil yo—ke w ap jwenn nan pasaj ekriti yo bay yo. Lè w ap diskite sou doktrin ki nan ekriti yo, ki vèsè, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon ak resous adisyonèl ou ta ka pataje? Kijan w ta kapab itilize resous sa yo pou ede manm klas yo dekouvri ak konprann prensip levanjil yo? Kijan w ka ede yo bati lafwa yo nan Pè Selès ak nan Jezikri?

Enprime