Ansyen Testaman 2022
Resous adisyonèl


“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Resous Adisyonèl

Nou ka jwenn resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan yon fason memorab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo anpil kantik ak chan timoun yo nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Mizik Sakre ak app Medya Levanjil la.

Liv Seminè ak Enstiti

Liv seminè ak enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal pou prensip nou jwenn nan ekriti yo. Yo gen dwa bay ide tou pou anseye klas Lekòldidimanch yo.

Revi Legliz yo

Revi Liahona ak Pou fòs jèn yo bay atik ak lòt karakteristik ki ka konplete prensip w ap anseye yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la.

Imaj
timoun k ap etidye resous legliz la

Sijè Levanjil

Nan Sijè Levanjil yo nan (topics.ChurchofJesusChrist.org) ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon kantite sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou ale nan resous itil tankou mesaj ki gen rapò ak konferans jeneral, atik, ekriti ak video Ou ka jwenn tou literati sou Sijè Levanjil yo, ki ofri enfòmasyon apwofondi sou pwoblèm doktrinal ak istorik.

Preche Levanjil Mwen an

Manyèl pou misyonè sa a ofri yon apèsi sou prensip debaz yo nan levanjil la.

Pou fòs jèn yo (bwochi)

Resous sa a dekri prensip legliz yo ki ka ede nou viv levanjil la epi jwi konpayi Lespri a. Panse pou w konsilte l souvan, espesyalman si w ap anseye jèn yo.

Video ak Ilistrasyon Atistik

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede moun w ap anseye konprann doktrin epi vizyalize istwa ki anrapò avèk ekriti yo. Vizite Gospel Media nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org pou w ka chèche nan koleksyon resous medya Legliz la. Gospel Media disponib kòm yon app mobil tou. W ap jwenn anpil imaj ou ka itilize nan klas yo nan Liv Ilistrasyon Levanjil la .

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye nan fason Sovè a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, nou diskite sou prensip sa yo epi nou fè pratik avèk yo.

Enprime