Ansyen Testaman 2022
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou LekòldidimanchVini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021) an

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch,Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022 a

Imaj
moun k ap pale nan yon klas nan legliz la

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la

Prepare pou w Anseye nan Lekòldidimanch

Etid pèsonèl ak familyal nan fwaye a ta dwe sant aprantisaj levanjil la. Sa vrè pou oumenm ak pou moun w ap anseye yo. Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou w fè a ap fèt lè w fouye ekriti yo epi chache enspirasyon Sentespri a.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se yon pati enpòtan nan etid pèsonèl ou ak preparasyon w pou w anseye a. L ap ede w gen yon konpreyansyon pi apwonfondi sou prensip doktrinal yo nou jwenn nan ekriti yo. L ap pèmèt ou enspire epi envite manm klas la pou yo itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou amelyore etid ekriti pèsonèl ak familyal yo (si w bezwen èd pou w fè sa, gade nan “Ide pou Ankouraje Etid Pèsonèl ak Familyal” nan manyèl sa a). Pandan w ap fè sa, sonje pou w panse ak manm nan klas ou yo ki gen sikonstans kote fanmi yo kapab pa sipòte etid ekriti familyal ak sware familyal regilye.

Pandan preparasyon w yo, w ap resevwa ide ak enspirasyon konsènan moun w ap anseye yo, sou fason prensip ki nan ekriti yo pral beni lavi yo, ak fason ou ka enspire yo pou yo dekouvri prensip sa yo pandan y ap etidye ekriti yo poukont pa yo.

Ide pou ansèyman

Pandan w ap prepare w pou anseye a, ou ka jwenn enspirasyon anplis nan eksplore plan leson pou ansenye yo nan manyèl sa a. Pa panse a ide sa yo kòm enstriksyon pou w suiv etap pa etap, men pito, kòm sigjesyon pou deklanche pwòp enspirasyon pa w. Ou konnen manm klas ou yo, e w ap vin konnen yo pi byen toujou lè n ap aprann ansanm nan klas la. Senyè a konnen yo tou, e l ap enspire w pou w jwenn pi bon fason pou w ede manm klas yo bati sou aprantisaj levanjil y ap fè lakay yo a.

Gen anpil lòt resous ki disponib pou w itilize lè w ap prepare, tankou ide ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak Revi Legliz yo. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak lòt resous, gade nan seksyon ki rele “Resous Adisyonèl” la nan manyèl sa a.

Kèk Bagay pou w Kenbe nan Lespri w

  • Aprantisaj levanjil la pi efikas lè li santre nan fwaye a. Antanke enstriktè, ou gen yon responsablite enpòtan pou w sipòte, ankouraje, ak bati sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a.

  • Konvèsyon manm klas yo nan Jezikri ak levanjil Li a ap apwofondi lè y ap konprann ak aplike vrè doktrin nan. Ankouraje yo pou yo pran nòt epi pou yo suiv enspirasyon yo resevwa nan men Sentespri a.

  • Anseye vledi plis pase yon prezantasyon vèbal, epi li plis pase senpleman dirije yon diskisyon. Yon pati nan wòl ou se ankouraje patisipasyon ki epi ki baze sou ekriti yo. Ou dwe pataje ide enspire w te resevwa pandan w t ap etidye ekriti yo.

  • Sonje ke anpil manm nan klas yo ap fè eksperyans enpòtan pandan y ap etidye menm ekriti ou pral diskite nan klas la lakay yo. Ou kapab sipòte etid yo nan ekriti yo lè w bayo opòtinite souvan pou yo pataje sa yo te aprann lakay yo.

  • Papa nou ki nan Syèl la vle w reyisi kòm enstriktè. Li mete anpil resous pou ede w, tankou reyinyon konsèy enstriktè yo. Nan reyinyon sa yo, ou ka fè echanj konsèy avèk lòt enstriktè sou pwoblèm w ap rankontre yo. Ou ka fè diskisyon ak pratik tou sou prensip pou anseye nan fason Kris la.

  • Moun aprann pi byen lè yo gen opòtinite pou yo anseye. Tanzantan, sonje pou w kite manm klas la, enkli jèn yo, anseye yon pati nan leson an. Baze desizyon sa a sou bezwen ak kapasite manm klas la. Si w envite yon manm nan klas la pou l anseye, pran tan pou w ede l prepare alavans kote w ap itilize ide yo bay nan manyèl sa a ak nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Sonje ke, antanke enstriktè ki resevwa apèl sa a, se ou k responsab finalman pou sa k ap anseye nan klas la.

Manyèl sa a gen plan ansèyman pou chak semèn nan ane a. Jou dimanch lè pa gen Lekòldidimach, manm klas yo ap kontinye li Ansyen Testaman lakay yo selon orè ki pwograme nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Lè gen Lekòldidimach, ou ka chwazi swa pou sote oubyen konbine leson yo.

Enprime