Timoun yo ak Jèn yo
Yon modèl pou pwogresyon


“Yon Modèl pou pwogresyon,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo (2019)

“Yon Modèl pou pwogresyon,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo

Yon modèl pou pwogresyon

Modèl sa a ka ede w pwogrese nan kat domèn Jezikri te pwogrese yo (gade Lik 2:52).

Imaj
dekouvri, planifye, aji, reflechi

Dekouvri

Imaj
jèn k ap eksplore

Papa nou ki nan Syèl la ba w don ak talan. Ou ka priye pou w aprann kisa yo ye ak sou kisa w ka travay kounyeya.

Dekouvri ide nan paj 44–61.

Planifye

Imaj
jèn k ap itilize kat jewografik

Lè w fin dekouvri kijan w vle pwogrese, priye epi pale avèk fanmi ou sou fason w ka fè sa. Fè yon plan. Paran ou ak dirijan w yo ka ede ou.

Aji

Imaj
Jèn ak paran

Lè w fin fè plan w lan, eseye l! Pran ti etap toupiti. Aprann avèk lòt moun atravè sèvis ak aktivite. Amize ou! Priye pou èd, epi chanje plan w lan si w bezwen. Kontinye eseye!

Reflechi

Imaj
jèn k ap reflechi

Panse sou sa w te aprann ak fason sa te ede w suiv Jezikri. Selebre! Remèsye Papa nou ki nan syèl la pou fason w ap pwogrese a. Chèche fason pou w itilize sa w ap aprann yo pou sèvi lòt moun. Kontinye avèk ide sa a, oubyen chwazi yon nouvo bagay pou w travay sou li!

Enprime