Timoun yo ak Jèn yo
Ou gen yon Objektif


“Ou gen yon Objektif,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo (2019)

“Ou gen yon Objektif,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo

Imaj
jèn k ap fè aktivite

Ou gen yon Objektif

Papa w ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, konnen ou epi yo renmen ou. Ou se yon pati enpòtan nan travay yo a. Ou ka ede mond la vin pi bon.

Papa nou ki nan Syèl la ba ou talan ak don spirityèl. Li vle w itilize don ak talan sa yo pou w gen lajwa ak beni lòt moun. Li ka ede w konn kijan pou w fè sa atravè Sentespri a.

Manyèl pou devlopman pèsonèl sa a kapab ede w pandan w ap devlope don w yo ak suiv Jezikri. Ou ka vin tounen moun Papa nou ki nan Syèl la konnen ou ka vin ye a.