Timoun yo ak Jèn yo
Ide pou Pwogresyon nan tout aspè nan lavi a


“Ide pou Pwogresyon nan tout aspè nan lavi a,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo (2019)

“Ide pou Pwogresyon nan tout aspè nan lavi a,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo

Ide pou Pwogresyon nan tout aspè nan lavi a

Paj sa yo gen ide sou fason w ka suiv Sovè a epi pwogrese nan tout aspè nan lavi ou. Ou pa oblije itilize sa yo—pi bon ide yo se gen dwa ide pa w yo! Priye sou sa w ka travay kounyeya.

Ou ka jwenn plis ide nan ChildrenandYouth.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
Spirityèl , sosyal, fizik, ak entèlektyèl

Ide pou Devlopman Spirityèl

Ki ide w genyen?

Imaj
jèn k ap priye

Li Liv Mòmon an chak jou.

Imaj
jèn k ap li ekriti yo

Pran abitid pou w li chak jou, menmsi se sèlman kèk vèsè.

Prepare w pou wal nan Tanp

Imaj
jèn ki nan tanp

Aprann “Prensip Levanjil Mwen yo” (paj 63) epi mete yo an pratik, epi envite lòt moun pou yo fè menm bagay la tou.

Atik Lafwa yo

Imaj
jèn k ap konte

Memorize Atik Lafwa yo (paj 62), epi aprann kisa yo vle di.

Amelyore priyè ou

Imaj
jèn k ap li

Anvan w priye, panse sou bagay ki fè w rekonesan ak sou bagay ou bezwen èd yo.

Remèsye Papa nou ki nan Syèl la pou benediksyon w yo.

Imaj
lis ou

Ekri twa bagay ki fè w rekonesan. Eseye ekri twa nouvo bagay chak jou.

Sanktifye Jou Saba a

Imaj
fanmi ki deyò legliz la

Deside kisa w ka kòmanse fè oubyen sispann fè pou w ka fè Saba a vin yon jou espesyal.

Sèvi yon moun

Imaj
jèn k ap netwaye

Chèche kèk fason pou ede yon moun nan fanmi ou, nan lekòl ou, oubyen nan legliz la.

Fè Istwa Familyal

Imaj
Granparan

Ekri yon lèt voye bay yon granparan, yon matant oubyen yon tonton. Mande yo pou yo rakonte w istwa sou lè yo te gen laj ou.

Pataje levanjil la

Imaj
moun k ap pale

Pale avèk yon zanmi sou levanjil la. Envite zanmi w lan al legliz oubyen nan yon aktivite.

Anseye Levanjil la

Imaj
lekti an fanmi

Anseye fanmi w ekriti w pi renmen an. Jwe yon wòl oubyen desine foto pou ede w anseye.

Chante yon chan Primè

Imaj
Jèn k ap jwe gita

Chante avèk yon manm fanmi ou. Note kijan w santi w lè w koute bon mizik.

Ide pou Devlopman Sosyal

Ki ide w genyen?

Imaj
jèn k ap priye

Aprann osijè fanmi an

Imaj
yon fanmi k ap mache ansanm

Li “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” epi pale avèk paran ou sou sa w te aprann.

Montre amou pou fanmi ou

Imaj
Yon fanmi ki sou tab

Fè yon bon bagay pou moun nan fanmi ou.

Entegre lòt moun

Imaj
jèn k ap mache

Chèche fason pou w pase tan avèk yon moun oubyen sèvi yon moun ki santi l poukont li oubyen ki bezwen amitye ou.

Aprann konsènan lòt kilti

Imaj
jèn avèk yon lama

Fè lekti sou lòt kilti, pale avèk moun ki soti nan lòt peyi, oubyen ale nan yon selebrasyon kiltirèl k ap fèt tou pre ou.

Sèvi vwazen w yo

Imaj
Jèn k ap plwaye rad

Avèk paran ou oubyen dirijan ou, fè yon bagay nan kominote w la pou w ede moun ki nan bezwen.

Aprann mande eskiz ak padone

Imaj
jèn ki blese

Jwe wòl sou kèk sitiyasyon kote yon moun bezwen mande eskiz oubyen padone. Pratike fason w dwe pataje santiman ou ak reponn.

Aprann sou kominote w la

Imaj
jèn ki deyò yon tribinal

Vizite yon biwo lapolis, yon estasyon ponpye, oubyen yon lòt sèvis kominotè. Aprann konnen kisa yo fè, epi remèsye yo pou sèvis yo.

Fè yon nouvo zanmi

Imaj
jèn ki sou balanswa

Prezante tèt ou bay yon nouvo moun, epi envite moun nan pou l jwe avèk ou.

Pale pawòl janti.

Imaj
emoji yon figi souriyan

Fè pratik sou sèlman itilize bon pawòl ki ka fè yon moun kontan, pa tris. Pale sou sa w ka di si yon moun di w bagay ki pa janti.

Kontwole tanperaman ou

Imaj
jèn ki gen konfizyon

Fè pratik sou fason pou w kalme w lè w fache. Paregzanp, kenbe souf ou, konte jiska 10, oubyen imajine w nan yon kote w prefere

Akeyi lòt moun

Imaj
jèn k ap pale

Prezante tèt ou bay yon nouvo moun nan lekòl ou, nan vwazinaj ou, nan pawas oubyen branch ou. Ede moun sa a rankontre lòt moun.

Ide pou Devlopman Fizik

Ki ide w genyen?

Imaj
jèn k ap priye

Aprann fè manje

Imaj
jèn k ap fè manje

Ede prepare yon bon manje oubyen yon goute. Pataje l avèk fanmi w oubyen zanmi ou.

Fè kò w vin solid

Imaj
jèn k ap fè egzèsis

Fè yon bagay regilyèman pou aktive kò ou, tankou espò, dans, egzèsis, oubyen jwe deyò.

Montre respè pou kò ou

Imaj
jèn k ap bwose dan l ak cheve l

Kenbe kò w pwòp chak jou. Benyen regilyèman. Bwose dan ou epi pran swen cheve w chak jou.

Pran swen kay ou

Imaj
jèn k ap resikle

Fè yon bagay pou ede rann lakay ou yon kote ki bèl pou moun viv, tankou netwaye, dekore, oubyen travay nan lakou.

Pran wwen sa w posede

Imaj
jèn k ap òganize zafè l

Fè paran w aprann ou kijan pou w repare oubyen pran swen bagay ou itilize.

Aprann yon nouvo talan nan atizana

Imaj
jèn k ap pentire

Desine, pentire, oubyen trase yon foto, epi bay yon moun ou renmen li.

Aprann yon nouvo teknik nan mizik

Imaj
Jèn k ap jwe gita

Aprann chante yon chante, jwe yon enstriman, oubyen dirije mizik. Ofri pou w pataje konesans ou nan sware familyal oubyen nan lòt aktivite.

Obeyi Pawòl Sajès la

Imaj
jèn k ap panse avèk manje.

Li Doctrin ak Alyans 89 pou w wè kisa Papa nou ki nan Syèl la pwomèt si w obeyi Pawòl Sajès la. Deside ki fason w ka pi byen viv li.

Se pou w kontan pase tan deyò

Imaj
fanmi k ap monte mòn

Al mache oubyen monte mòn avèk fanmi ou oubyen zanmi ou pou w eksplore mond ki antoure w la.

Pataje talan ou

Imaj
moun k ap jwe twonpèt

Pataje youn nan talan w yo avèk yon moun ki poukont li.

Prepare pou ka ijans

Imaj
moun k ap chèche yon kat jewografik

Fè plan avèk paran ou oubyen dirijan ou pou sa w dwe fè nan yon ka ijans.

Ide pou Devlopman Entèlektyèl

Ki ide w genyen?

Imaj
jèn k ap priye

Aprann sou ladim

Imaj
jèn k ap peye dim

Aprann poukisa l enpòtan pou w peye dim. Bay Senyè a dis pousan nan sa w touche.

Amelyore kapasite w nan fè lekti

Imaj
yon manman ak pitit fi li k ap li

Li yon liv sou yon nouvo sijè, oubyen li yon liv ki pi long pase lòt liv ou abitye li.

Aprann kijan pou w pwoteje tèt ou sou Entènèt

Imaj
fanmi k ap itilize yon konpitè

Fè yon lis sou règ fanmi w etabli pou itilizasyon entènèt oubyen App.

Aprann yon bagay nouvo

Imaj
jèn k ap li

Chwazi yon bagay ki enterese ou, epi aprann tout sa w kapab sou li.

Ale nan aktivite kiltirèl oubyen gade yo nan televizyon

Imaj
moun ki nan yon mize

Vizite yon mize oubyen yon evènman kiltirèl nan zòn ou an. Pale avèk zanmi w oubyen fanmi ou sou yon bagay nouvo w aprann.

Aprann osijè diferan travay

Imaj
moun k ap ranje machin

Vizite kèk moun ou konnen nan travay yo pou w ka aprann kisa y ap fè ak fason yo fè li.

Aprann osijè moun ou admire

Imaj
moun k ap pale

Sa gen dwa yon moun ou konnen oubyen yon moun nan listwa oubyen nan ekriti yo. Deside kijan w ka vin plis tankou yo.

Aprann fè bon chwa

Imaj
tablo, koz ak konsekans

Tout chwa gen konsekans, ki se bagay ki rive kòm rezilta sa w fè. Fè you lis sou kèk chwa ak konsekans yo.

Amelyore memwa ou

Imaj
Moun k ap panse

Memorize yon ekriti, yon powèm, oubyen yon chan w prefere.

Aprann you nouvo lang

Imaj
jèn k ap itilize telefòn (smartphone)

Aprann di alo ak lòt mo debaz nan yon lòt lang. Pratike avèk yon moun ki pale lang sa a, si sa posib.

Ekri yon Istwa

Imaj
jèn k ap ekri

Ekri yon istwa sou lavi ou oubyen sou yon manm nan fanmi ou.

Enprime