Timoun yo ak Jèn yo
Kijan w ka suiv Jezi?


“Kijan w ka suiv Jezi?” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo (2019)

“Kijan w ka suiv Jezi?” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo

Kijan w ka suiv Jezi?

Lè Jezi te gen laj ou, li te aprann epi l te pwogrese. W ap aprann epi w ap pwogrese tou. Ekriti yo di:

Imaj
Lik 2:52

Spirityèl

“Favè devan Bondye”

Imaj
jèn k ap priye

Montre Pè Selès la ke w renmen li. Ou ka aprann konsènan li, priye l, li ekriti yo, epi chwazi bon bagay.

Sosyal

“Favè devan … lèzòm”

Imaj
moun k ap pale

Ede moun ki bòkote ou. Ou ka renmen fanmi w, aprann renmen ak sèvi lòt moun, epi fè zanmi.

Fizik

“Wotè”

Imaj
jèn k ap jwe

Pran swen kò ou ak bagay ki bòkote ou. Ou ka manje bon manje, travay ak jwe, ak pran swen lakay ou.

Entèlektyèl

“Sajès”

Imaj
jèn k ap aprann

Apran nouvo bagay, epi itilize sa w ap aprann yo pou ede lòt moun. Ou ka etidye lakay ou, nan legliz la, ak nan lekòl.