Ekriti yo
Entwodiksyon


Entwodiksyon

Doktrin ak Alyans yo se yon koleksyon revelasyon diven ak deklarasyon enspire yo te resevwa pou tabli ak Gouvène wayòm Bondye a sou tè a nan dènye jou yo. Malgre pifò nan seksyon yo konsène manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, mesaj yo, avètisman yo, ak egzòtasyon yo la pou benefis tout limanite, yo genyen ladan yo yon envitasyon pou tout moun tout kote tande vwa Senyè Jezikri, k ap pale avèk yo pou byennèt tanporèl yo ak sali etènèl yo.

Pifò nan revelasyon sa yo ki nan konpilasyon sa a, se Joseph Smith, pitit la, premye pwofèt ak prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki te resevwa yo. Gen kèk lòt revelasyon siksesè l yo nan Prezidans lan te resevwa. (Gade antèt D&A 135, 136, ak 138, ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2.)

Liv Doktrin ak Alyans yo se youn nan liv kanonik Legliz la, ansanm ak Bib La, Liv Mòmon an, ak Pèl Gran Pri a. Men, Doktrin ak Alyans yo espesyal paske se pa tradiksyon yon ansyen dokiman tan lontan, men li gen yon orijin modèn, epi se Bondye ki te bay li pa lantremiz pwofèt Li te chwazi, pou retabli travay sakre Li a ak tabli wayòm Bondye a sou tè a nan jou sa yo. Nan revelasyon yo, moun tande vwa dou men fèm Senyè Jezikri a, ki pale yon fwa ankò nan dispansasyon plenitid tan yo; travay ki kòmanse ladan an se preparasyon Dezyèm Vini Li a, pou akonplisman epi an rapò avèk pawòl tout pwofèt sen yo depi lè mond lan te kòmanse.

Joseph Smith, pitit la te fèt 23 Desanm 1805, nan Sharon, Konte Windsor, Vermont. Nan anfans li, li te demenaje avèk fanmi li al nan yon zòn nan lwès eta New York la ki rele Manchester Kounyeya. Se pandan li t ap viv nan zòn sa a nan prentan 1820 an, lè l te gen katòzan, li te fè eksperyans premye vizyon l lan, epi nan vizyon sa a Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason L lan, Jezikri te vizite li. Nan vizyon sa, yo te di l vrè Legliz Jezikri a ki te tabli nan epòk Nouvo Testaman an, epi ki te administre plenitid levanjil la pa t sou tè a ankò. Anpil zanj te ansenye li nan lòt manifestasyon divin ki te fèt apre; yo te montre l Bondye te gen yon travay espesyal pou ba li fè sou tè a epi atravè limenm, Legliz Jezikri a t ap tabli sou latè a.

Apre yon sèten tan, Joseph Smith te jwenn kapasite pou l tradui epi pibliye Liv Mòmon an atravè èd diven. Pandan menm tan sa a, Janbatis te òdone limenm ak Oliver Cowdery nan Prètriz Aawon an, an Me 1829 (gade nan D&A 13), epi byento apre sa, ansyen Apot yo, Pyè, Jak, ak Jan te òdone yo nan Prètriz Mèlkisedèk la (gade nan D&A 27:12). Nan lòt òdinasyon apre, Moyiz, Eli, Elyas, ak anpil ansyen pwofèt te konfere lòt kle prètriz (gade nan D&A 110; 128:18, 21). Òdinasyon sa yo sete anfèt yon retablisman otorite diven pou lòm sou tè a. Nan dat 6 Avril 1830, sou direksyon selès, Pwofèt Joseph Smith te òganize Legliz la, epi konsa, vrè Legliz Jezikri a vin operatif yon fwa ankò kòm yon enstitisyon nan pami lèzòm, avèk otorite pou ansenye levanjil la epi pou administre òdonans pou sove moun. (Gade D&A 20 ak Pèl Gran Pri a, Istwa—Joseph Smith 1.)

Yo te resevwa revelasyon sakre sa yo kòm repons pou priyè, nan tan nesesite, epi yo te soti nan sitiyasyon reyèl nan vi a, epi yo te konsène moun reyèl. Pwofèt la ak asosye l yo te chèche direksyon diven, epi revelasyon sa yo sètifye pou fè konnen yo te resevwa li. Nan revelasyon yo, nou wè retablisman ak devlopman levanjil Jezikri a epi yon envitasyon nan dispansasyon plenitid tan yo. Demenajman Legliz la pou direksyon lwès la, soti nan New York ak Pennsylvania pou ale nan Ohio, Missouri, Illinois, epi finalman ale nan Gran Basen Amerik lwès la ak pakèt efò Sen yo te fè pou yo eseye bati Siyon sou tè a nan tan modèn nan, tout sa parèt nan revelasyon sa yo tou.

Plizyè nan seksyon anvan yo pale sou sijè konsènan tradiksyon ak piblikasyon Liv Mòmon an (gade nan seksyon 3, 5, 10, 17, ak 19). Kèk seksyon apre yo montre travay Pwofèt Joseph Smith ki te fè yon tradiksyon enspire nan Bib la, pandan tradiksyon sa a, li te resevwa anpil nan gran seksyon doktrinal yo (gade nan, paregzanp, seksyon 37, 45, 73, 76, 77, 86, 91, ak 132, yo chak gen kèk relasyon dirèk avèk tradiksyon Bib la).

Nan revelasyon yo, doktrin levanjil yo tabli avèk esplikasyon konsènan sijè fondamantal tankou nati Trinite a, orijin lòm, reyalite Satan, objektif mòtalite a, nesesite pou obeyisans, bezwen pou repantans, travay Lespri Sen an, òdonans ak akonplisman ki gen rapò avèk sali, destine tè a, kondisyon k ap vini pou lòm apre rezirèksyon an ak jijman an, letènite relasyon maryaj la, ak nati fanmi etènèl. Menm jan an tou, devlopman fondasyon administratif Legliz la demontre nan apèl evèk yo, Premye Prezidans la, Konsèy Douz yo, Swasanndis yo, ak etablisman lòt ofis ak kowòm pou prezide. Finalman, temwayaj ki fèt konsènan Jezikri—divinite L, majeste L, pèfeksyon Li, lanmou L, ak pouvwa redanmsyon L lan—fè liv sa a gen anpil valè pou limanite epi “pou Legliz la li gen valè richès tout Tè a” (gade antèt D&A 70).

Toudabò, se sekretè Joseph Smith yo ki te anrejistre revelasyon yo, epi manm Legliz yo te kontan pataje kopi ekri alamen yo youn ak lòt. Pou yo te kreye yon rejis pi pèmanan, sekretè yo te kopye revelasyon sa yo sou fòm liv rejis ekri alamen, ke dirijan Legliz yo te itilize pou yo te prepare revelasyon yo pou yo te enprime. Joseph ak premye Sen yo te konsidere revelasyon yo jan yo te konsidere Legliz la: vivan, dinamik, e ki gen dwa vin sibi amelyorasyon avèk revelasyon adisyonèl. Epitou yo te rekonèt ke gen erè envolontè ki te pwobableman fèt nan pwosesis pou kopye revelasyon yo ak prepare yo pou piblikasyon an. Se konsa, nan yon konferans Legliz la yo te mande Joseph Smith nan 1831 pou l te “korije erè oswa fot sa yo ke Sentespri a ta ka petèt fè l dekouvri.”

Apre yo te fin repase revelasyon yo epi korije yo, manm Legliz nan Missouri yo te kòmanse enprime yon liv ki te rele: A Book of Commandments for the Government of the Church of Christ (Yon Liv Kòmandman pou Gouvène Legliz Kris la), ki te gen anpil nan premye revelasyon Pwofèt la te resevwa yo. Men, premye tantativ sa a pou yo te pibliye revelasyon yo te kanpe lè yon foul bandi te detwi biwo laprès Sen yo nan Konte Jackson nan jou 20 Jiyè 1833.

Lè yo te aprann destriksyon biwo laprès la nan Missouri a, Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo te kòmanse fè preparasyon pou yo te pibliye revelasyon yo nan Kirtland, Ohio. Pou l te korije erè, klarifye tèks yo, epi rekonèt evolisyon nan doktrin ak òganizasyon Legliz la ankò yon lòt fwa, Joseph Smith te sipèvize edisyon tèks ki te fèt pou kèk nan revelasyon yo pou l te ka prepare yo pou piblikasyon an 1835 kòm Doctrine and Covenants of the Church of the Latter Day Saints (Doktrin ak Alyans Legliz Sen Dènye Jou yo). Joseph Smith te otorize yon lòt edisyon Doktrin ak Alyans yo, ki te pibliye kèlke mwa apre lanmò Pwofèt la an 1844.

Premye Sen Dènye Jou yo te bay revelasyon yo anpil valè epi yo te konsidere yo kòm mesaj Bondye te voye ba yo. Yon fwa, nan fen ane 1831 an, plizyè ansyen nan Legliz la te rann temwayaj solanèl pou yo di ke Senyè a te rann yo temwayaj nan nanm yo konsènan verasite revelasyon yo. Temwayaj sa a te pibliye nan edisyon 1835 Doktrin ak Alyans yo kòm temwayaj Douz Apot yo te ekri:

Temwayaj Douz Apot Yo
Konsènan Verite
Liv Doktrin Ak Alyans Yo

Temwayaj Temwen Liv Kòmandman Senyè a yo, kòmandman li te bay Legliz li a pa mwayen Joseph Smith, pitit la, vwa Legliz la te nonmen pou objektif sa a:

Se poutèt sa, nou santi volonte pou nou rann temwayaj devan tout moun nan limanite, devan chak kreyati sou sifas tè a, pou fè konnen Senyè a te bay nanm nou temwayaj, atravè Sentespri a ki te vide sou nou, pou fè konnen se enspirasyon Bondye ki te bay kòmandman sa yo, epi yo pwofitab pou tout moun epi yo se verite toutbon vre.

Nou bay mond lan temwayaj sa a, pandan Senyè a se èd nou; epi se pa mwayen lagras Papa Bondye, ak Pitit Gason li a, Jezikri, nou gen privilèj sa a pou nou bay temwayaj sa a devan mond lan, nan temwayaj nou rejwi anpil la, pandan n ap priye Senyè a pou pitit lèzòm kapab pwofite ladan m.

Non Douz yo:

  • Thomas B. Marsh

  • David W. Patten

  • Brigham Young

  • Heber C. Kimball

  • Orson Hyde

  • William E. McLellin

  • Parley P. Pratt

  • Luke S. Johnson

  • William Smith

  • Orson Pratt

  • John F. Boynton

  • Lyman E. Johnson

Nan edisyon Doktrin ak Alyans ki te fèt nan apre yo, yo te ajoute lòt revelasyon adisyonèl oswa lòt sijè ki te anrejistre, lè yo te resevwa yo epi lè asanble konpetan yo oubyen konferans Legliz yo te aksepte yo. Edisyon 1876 la, Èldè Orson Pratt te prepare sou direksyon Brigham Young, te klase revelasyon yo selon dat yo epi yo te ajoute nouvo antèt avèk entwodiksyon istorik.

Pou kòmanse avèk edisyon 1835 la, yo te foure yon seri ki gen sèt leson teolojik; yo te rele sa yo Lectures on Faith [Etide sou Lafwa]. Sa yo te prepare pou itilize nan Lekòl Pwofèt yo nan Kirtland, Ohio, depi 1834 jiska 1835. Malgre yo te pwofitab pou doktrin ak enstriksyon, yo te wete diskou sa yo nan Doktrin ak Alyans yo depi nan edisyon 1921 an poutèt yo pa t vini oubyen prezante kòm revelasyon pou tout Legliz la.

Nan edisyon Anglè 1981 Doktrin ak Alyans yo, yo te ajoute twa dokiman pou lapremyè fwa. Se seksyon 137 ak 138 yo, ki bay deklarasyon sou prensip fondamantal sali pou mò yo; ak Deklarasyon Ofisyèl 2 a, ki anonse ke tout gason ki diy nan Legliz la kapab resevwa òdinasyon nan Prètriz la san konsiderasyon ras oswa koulè.

Nan chak nouvo edisyon Doktrin ak Alyans yo, yo te korije erè ki te fèt anvan yo epi ajoute nouvo enfòmasyon, espesyalman nan pati istorik nan antèt seksyon yo. Edisyon aktyèl la pote plis koreksyon nan dat yo ak non kote yo, e fè lòt koreksyon tou. Chanjman sa yo te fèt pou yo te ka fè liv la vin konfòm avèk enfòmasyon istorik ki gen plis presizyon. Kèk lòt nan karakteristik espesyal nan dènye edisyon sa a se kat jeyografik yo ki montre lye jeyografik enpòtan kote yo te resevwa revelasyon yo, avèk pi bon foto sou sit istorik Legliz yo, referans pa sijè, antèt seksyon, ak rezime sou divès sijè; tout bagay sa yo prepare pou ede moun k ap li yo konprann ak rejwi nan mesaj Senyè a jan yo bay li nan Doktrin ak Alyans yo. Enfòmasyon pou antèt ki nan seksyon sa a soti nan Maniskri Istwa Legliz la ak History of the Church (Istwa Legliz la) (nan antèt yo, yo toujou fè referans avèk yo kòm istwa Joseph Smith) ak Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo).