Devosyon Nwèl
O, vini, ann adore Limenm—ak Plan an!


O, vini, ann adore Limenm—ak Plan an!

Tankou anpil nan nou, mari m, Craig, avèk mwen totalman renmen mizik sakre Nwèl yo. Si nou ta gen pou fè yon lis sa nou pi renmen yo, prèske nan tòp la se t ap absoliman “Venez tous, fidèles.” Pawòl “joyeuse nouvelle” ki ladan l yo envite nou pou nou “vini,” “gade,” ak “adore” Sovè nou an, Jezikri—”Wa Zanj yo.”1 Mwen sèten ke, lè antanke espri premòtèl nou te aprann plan sali a, nou te non sèlman gade ak adore men nou te pouse kri lajwa tou lè Li te volontèman e enbleman ofri tèt Li kòm Sovè mond lan.2 Nan kat pawòl ki pi pwofon li te janm pwononse yo, Li te di enbleman: “Men mwen, voye m.”3

Apot Pyè egzòte nou pou nou “toujou pare pou n bay … esplikasyon sou esperans sa a ki nan [nou] an.”4 Pandan m ap pataje kèk nan souvni Nwèl mwen yo avèk nou, m espere n ap ka wè poukisa m gen esperans nan Sovè a, nan “Bondye [Papa Etènèl nou an, ki] si tèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Byeneme L la pou yo,”5 ak nan plan bonè pafè e gloriye Papa a.

Souvni Nwèl Nimewo

Lè m te gen 14 zan, fanmi m t ap viv nan Nouvèl Zelann. Papa m te yon jèn gason nan laj trantèn lè yo te aple l pou l t al sèvi kòm prezidan misyon kote sa a.

Sezon Nwèl te rive, epi mwen menm ak senk frè m ak sè m yo te toujou ap eseye adapte nou ak nouvo kay sa a lwen peyi nou an. Sete yon pwoblèm pou mwen menm—yon adolesan san matirite—pou m te lwen lakay mwen, lwen zanmi m ak fanmi m. M te boude, paske m te sonje bèl aktivite, son, ak selebrasyon Nwèl yo—mizik la, limyè yo, abdenwèl la, nèj la, e patikilyèman fanmi mwen. M te sonje kouzen, matant, ak tonton byeneme m yo ki, m te konnen, ta pral reyini lakay Granpa Kjar (papa papa m) nan Salt Lake pou fèt Nwèl anyèl fanmi Kjar la.

Sete Lavèy Nwèl nan lane 1966. M te fòse al jwenn fanmi m ak misyonè yo pou yon sware familyal nan kay misyon an, avèk konviksyon ke reyinyon sa a se t ap yon pòv ranplasman pou fèt fanmi Kjar la m pa t ka bliye a. M pa tèlman raple m a kilè telefòn nan te sonnen, men, sa k te di nan apèl telefòn sa a te toudenkou chanje kè pa mwen kòm adolesan, epi ranpli m avèk konpasyon pou papa m ak remò dèske m te konn si egoyis konsa anvan.

Sete tonton Joe (frè papa m) ki te rele a, pou l te enfòme nou ke Granpa Kjar byeneme nou an, ki te si devwe, si renmen travay e si fidèl nan alyans li yo, te fèk sibi yon gwo kriz kadyak epi li te kouche lopital, san konesans. Souvni sou patriyach sa a ki te si renmen kamera, si amizan, si santre sou fanmi an, ke nou tout te renmen si anpil la te anvayi memwa mwen. Nou te ka wè papa m te boulvèse lè l te fin pale nan telefòn nan men, li te kontwole tèt li, li te kare zepòl li, epi li te rann temwayaj fèvan sou plan Papa a ak lafwa li nan wòl vital Sovè a nan plan sa a. Temwayaj li te touche kè douloure m nan.

Malerezman, Granpapa pa t refè. Li te mouri byen vit nan jou apre a. Sete Jou Nwèl nan Nouvèl Zelann men sete Lavèy Nwèl nan Salt Lake City, jou Granpapa m te pi renmen nan ane a. Lanmò l sete premye eksperyans m te fè sou pèdi yon moun ki te pwòch ak chè pou mwen. Malgre m te kriye poutèt li te mouri, m te jwenn benediksyon ak konsolasyon nan konesans mwen sou plan bonè gloriye a. M te santi asirans ke m t ap wè Granpapa m ankò si m te viv fason li te viv la. M pa kwè, nan pwen sa a nan lavi m nan, m te totalman konprann wòl vital Sovè a ak Sakrifis Ekspyatwa l la te jwe nan rann sa posib pou m reyini avèk fanmi m yon jou a. Men, m te konn ase pou m te rejwi pou plan an. M te konn ase pou m te adore limenm n ap selebre nesans li a.

Depi Nwèl sa a, si lontan an, m vin aprann plis sou Sovè nou an, Jezikri. Prezidan Harold B. Lee te anseye: “Pitit Bondye a … te gen pouvwa pou l te kreye dè mond, pou l dirije yo. Li te vin sou tè a, antanke Sèl Pitit Literal la pou ranpli yon misyon, ki sete pou l te yon Anyo imole depi anvan fondasyon mond lan, pou pote sali bay tout limanite. Paske l te bay lavi l la, li louvri pòt rezirèksyon an epi li anseye kijan nou ka jwenn lavi etènèl. … Men ki kalite moun Jezi te ye nan tout grandè Li.”6

Souvni Nwèl Nimewo 2

Nwèl ane 1984 la sete yon lòt souvni douloure ki te fè m rekonesan pou plan sali gloriye a ak wòl redanmtè Sovè a ladan li. M te gen 32 zan, m te marye avèk mari byeneme fidèl mwen an, epi m sete manman kat pitit m te renmen anpil, soti laj twazan rive dizan. Sis semèn anvan Nwèl, nou te resevwa nouvèl nan men doktè nou ki te devaste nou. Sete kòmsi nou te antere anba yon pil nèj jou sa a. M te santi m antere anba yon pil emosyon tou lè doktè a te pwononse dyagnostik “kansè” a pandan Craig avèk mwen, youn te gade lòt san nou pa t ka kwè sa n t ap tande a, ap mande tèt nou kisa demen ap pote. Sepandan, sa nou te santi apre sete yon “lapè dous … ki depase tout konpreyansyon”7 gras ak lafwa nou nan Jezikri ak nan plan Papa a.

Malgre Craig t ap sèvi kòm evèk pawas nou an lè sa a, nou te chwazi pou n te pataje nouvèl la sèlman avèk fanmi nou pou n te ka kenbe bagay yo osi nòmal posib pou pitit nou yo. Pandan sis semèn sa yo anvan Nwèl la, m te twouve m ap fè antre sòti chak jou, atravè nèj ak glas, pou tretman nan lopital la---pandan ke manman ak sè plen konpasyon te pran tou pou yo te ede nan kay la. Sete yon epòk difisil, lè panse ak Nwèl sa a, pa gen mo ki ase pou m ta dekri pwofondè rekonesans mwen pou sakrifis ekspyatwa Sovè nou an, Jezikri, ak “plan mizèrikòd … Kreyatè a.”8

Paske m te petèt pi byen reyalize kijan lavi a te frajil pase anvan, m te santi plan bonè Pè Selès la te vin pi pèsonèl pou mwen pase anvan. Nwèl la te diferan ane sa a. Malgre ke m renmen tout bagay konsènan Nwèl yo, sèl sa ki te konte pou mwen sete maryaj etènèl mwen an, fanmi m, ak lafwa m ak temwayaj mwen konsènan Pè Selès la, Jezikri, ak plan an.

Yon jou, pandan m te kouche nan kay la, ap sousye ak enkyete pou demen kat pitit nou yo, m te vire paj revi Zanmi an epi yon mizik te atire atansyon m. M te chita sou pyano a e m te kòmanse eseye jwe mizik la. M te kriye pandan m t ap chante e santi mesaj chan an penetre kè mwen. M te santi ke m ta dwe anseye chante sa a non sèlman pou dè santèn timoun nan Primè pawas nou an, kote m t ap sèvi kòm dirijan mizik nan Primè a, men pi enpòtan toujou, pou kat pitit presye m yo ki t ap viv lakay nou an.

Ki fason Papa a te ka pale mond lan de lanmou ak tandrès?

Li te voye Pitit Gason l lan, tankou yon tibebe, avèk lapè ak sentete.

Ki fason Papa a te ka montre mond lan ki chemen nou dwe pran?

Li te voye Pitit Gason l lan pou mache avèk lèzòm sou tè a, pou nou ka konnen.

Ki fason Papa a te ka mond lan sou sakrifis, sou lanmò?

Li te voye Pitit Gason l lan pou l te mouri pou nou epi resisite.

Kisa Papa a mande nou? Kisa ekriti yo di?

Se pou nou gen lafwa, lesperans, viv tankou Pitit Gason l lan, ede lòt nan lavi yo.

Kisa l mande? Viv tankou Pitit Li a. 9

Chan enspire sa a te ban m yon apèsi sou fason m ta ka montre Papa m ki nan Syèl la gratitid mwen pou Pitit Gason l lan ak plan l lan. M te santi ke, menmsi m pa t ap gen privilèj pou m te wè pitit mwen yo grandi, si yo te ka rive konnen, konprann, ak viv doktrin senp men pwofon ki nan chan sakre sa a, yo t ap ka vin vrè disip Jezikri.

Te gen yon espri espesyal ki te nan kay nou an nan ane sa a, ki te pote benediksyon lapè ak lanmou youn pou lòt ke m pap janm bliye. Se te kòmsi timoun yo te resevwa yon konpreyansyon eksepsyonèl sou bagay sakre yo pou Nwèl sa a. Jamè anvan sa, e jamè nan apre, m pa t konn wè yo jwe nativite a avèk si reverans konsa, ak yon emèveyman ak lanmou ki te depase jèn laj yo a. Pandan nou te nan sitiyasyon sa a, sete kòmsi nou te pi klèman santi enpresyon espirityèl yo pandan nou t ap medite ak bay remèsiman pou don Sovè nou an, Jezikri, ak pou plan sali gloriye Papa nou ki nan Syèl la.

Mwen souvan mande m kijan moun fè ka viv san esperans ki soti nan yon konpreyansyon sou plan sali a ak wòl santral Ekspyasyon Sovè a nan plan sa a. Avèk rekonesans m ap ajoute te mwayaj mwen sou pa pwofèt byeneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson, ki temwaye ak puisans: “Konsènan Limenm ki te delivre nou chak anba lanmò etènèl la, Jezikri, mwen temwaye ke Li se yon pwofesè laverite—men Li plis pase yon pwofesè. Li se Egzanp lavi pafè a—men plis pase yon egzanp. Li se Gran Doktè a—men Li plis pase yon doktè. Li menm ki te sekouri “batayon pèdi” limanite a, li se literalman Sovè mond lan, Pitit Gason Bondye a, Prens Lapè a, Trè Sen Izrayèl la—Senyè resisite a—ki te deklare: “Mwen se kòmansman an ak finisman an; m se moun ki vivan an, m se moun yo te imole a; m se avoka nou bò kot Papa a.’” [D&C 110:4].”10

Gras ak sakrifis enkonpreyansib sa a pou nou an, asireman, senk pawòl ki te pi tris Sovè nou an te janm pwononse sete pawòl sa yo: “E nou menm, nou pa vle ale tou?”11 Lè moman yo difisil, nou ka chwazi pou nou vire do ba Li e lite poukont nou anba afliksyon nou yo, oubyen nou ka chwazi pou nou vire vè Limenm ak plan Papa a, e vin reyalize ke nou pap soufri “okenn kalite afliksyon, paske afliksyon yo te nwaye nan lajwa Kris la.”12 Mwen priye pou nou chak aksepte envitasyon kantik Nwèl sakre sa a pou nou “vini, pou nou adore li” ak Papa nou ki nan Syèl la pou plan gloriye ak pafè l la! Nan non Jezikri, amèn.

Enprime