Devosyon Nwèl
Limyè ak Lavi Mond lan


Limyè ak Lavi Mond lan

(3 Nefi 11:11)

Nan dezyèm chapit Lik nan Nouvo Testaman an nou jwenn resi ki pi komen ke moun pi renmen sou nesans Sovè a. M ranpli ak gratitid chak fwa m li apwopo Joseph ak Mari ki te voyaje pou ale Betleyèm, etab senp la, nesans enb Senyè Jezikri a, bèje yo, epi zanj yo pwoklame “bòn nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil” (Lik 2:10).

Retablisman levanjil la nan dènye jou yo bay yon resi enpòtan sou nesans Sovè a nan Liv Mòmon an. Mesaj mwen an soulinye deskripsyon adisyonèl sa a konsènan premye Noèl la. Pandan n ap konsidere epizòd sa a ansanm, m envite ou pou w imajine tèt ou nan evènman sa yo epi pa sèlman tande pawòl yo.

M priye pou Sentespri a ede ou konpare ekriti sa yo avèk tèt ou ak fanmi ou (gade 1 Nefi 19:23) epi ranpli kè ou yo avèk vrè lespri Nowèl la.

Samyèl Lamanit la

Resi nou an kòmanse nan peyi Zarahemla la kèk ane anvan nesans Sovè a. Samyèl Lamanit la te vini nan mitan pèp la pou preche repantans epi pou pwofetize apwopo Kris la. Kounyeya tanpri eseye imajine ke ou gen dizan epi ou yon manm nan foul la k ap tande yon pwofèt Bondye k’ap pale sou evènman yo ki pral pase.

Samyèl te deklare: “Gade, li te di yo: M ap ba nou yon siy; nan senk ane ankò, Pitit Gason Bondye a pral vini pou l rachte tout moun ki kwè nan non l.

“Epi gade, se sa m ap ba nou kòm yon siy nan lè l ap vini an; paske gade ap gen gwo limyè nan syèl la; nan nwit anvan l vini an, p ap gen fènwa, pou lèzòm, l ap sanble ak lajounen.

“Men, pral gen yon jou, e yon nwit ak yon jou, tankou se te yon sèl jou epi p ap gen nwit; sa ap sèvi nou yon siy …

“Epi gade, yon nouvo zetwal pral leve … ; epi sa ap yon siy pou nou tou” (Elaman 14:2–5).

Nesans Sovè a

Pandan tan an te pase, “pwofesi pwofèt yo te kòmanse akonpli deboutanbout, paske te kòmanse gen pi gwo siy, ak pi gwo mirak, manifeste nan pami pèp la” (3 Nefi 1:4).

Imajine senk ane te vin pase epi ou gen apeprè kenzan. Ou ka sonje klèman pwofesi Samyèl yo pandan ou ap konsidere sikonstans aktyèl ke ou ap viv yo.

“Men te gen kèk moun ki te kòmanse di konsa lè a te pase pou pawòl Samyèl, Lamanit la te pale yo akonpli.

“Epi yo te kòmanse ri frè yo, yo te di konsa: nou wè, lè a pase e pawòl Samyèl yo pa akonpli; nou wè, lajwa nou ak lafwa nou konsènan bagay sa yo anven.

“Epi, se te konsa, yo te fè yon gwo soulèvman nan tout peyi a; moun ki te kwè yo te kòmanse gen lapenn pou bagay ki te pale yo pa pase, jan sa te di a.

“Men gade, malgre sa, yo te rete fèm ap veye jou sa a, ak nwit sa a ak jou sa a ki t ap tankou yon sèl jou kòm si pa t gen nwit la, pou yo te kapab konnen lafwa yo pa t anven.

“Kounyeya, se te konsa, enkredil yo te chwazi yon jou pou touye tout moun ki te kwè nan tradisyon sa yo, si siy pwofèt Samyèl te bay yo pa t akonpli ” (3 Nefi 1:5–9).

Èske nou ka kòmanse konprann kisa sa ta sanble pou n t ap tann siy nan vini l lan epi fè fas ak denyè delè lanmò l la tou? Èske oumenm avèk mwen t ap rete fèm e inebranlab nan lafwa, oubyen èske nou ta ebranle epi ralanti?

Konsa, siy sou nesans Kris la Samyèl te predi a te parèt. Nan yon klima pèsekisyon relijye epi nan jèn laj kenzan apeprè, ou rejwi yon swa pandan solèy la te kouche men pat gen okenn fènwa.

“E pèp la te kòmanse etone paske pat gen fènwa lè nwit la te rive …

“Epi yo te kòmanse konnen Pitit Gason Bondye a gen pou l vini nan yon ti kras tan; wi, … tout moun … te tèlman etone yo te tonbe atè. …

“Epi, se te konsa, li pa t fènwa tout nwit sa a; men, li te fè klè tankou midi. Epi solèy la te leve nan maten an ankò, … e yo te konen sa se te jou Senyè a te gen pou l fèt la, poutèt siy ki te tabli yo.

“Epi sa te fèt, wi, tout bagay, san manke tikras, dapre pawòl pwofèt yo.

“Epi, se te konsa, yon zetwal nèf te parèt, dapre pwofesi yo” (3 Nefi 1:15, 17, 19–21).

Jou Jezi te fèt la sete yon jou delivrans pou kwayan yo nan Nouvo Mond la. Limyè a kòm siy nesans Sovè a te literalman sove lavi yo.

Lamò ak Rezirèksyon Sovè a

Kounyeya imajine ke plis pase trantan vin pase epi ou prèske gen senkantan. Ou ka toujou sonje klèman ansèyman Samyèl yo ak eksperyans ou te fè lè w te adolesan an kote ou te wè siy nesans Sovè a.

Yonn nan siy yo apwopo lanmò Kris la Samyèl te predi sete twa jou chaje ak gwo nwasè (Gade Elaman 14:27 ; 3 Nefi 8:3).

“Epi, se te konsa, tèlman fènwa a te epè nan tout peyi a, moun ki pa t mouri yo te kapab santi vapè fènwa a;

“Epi pa t kapab gen limyè, poutèt fènwa a, ni balèn, ni bwa dife; ni tou, dife pa t kapab limen … konsa, … , pa t kapab gen onkenn limyè ditou;

“Epi moun pa t wè okenn limyè, ni dife, ni reyon limyè, ni solèy, ni lalin, ni zetwal, tèlman vapè fènwa a te epè nan peyi a.

“Epi, se te konsa, pa t gen limyè pandan twa jou” (3 Nefi 8:20–23).

Koman sa ta ye pou fè ekspeyans twa jou gwo nwasè sa yo ke nou pa ka dekri a epi, nan yon ti tan aprè, ou rasanble avèk yon foul 2,500 moun bò tanp nan peyi Bountiful la? Èske ou ka vizyone majeste moman sa a pandan Sovè a t ap desann soti nan syèl la epi deklare, “Gade, m se Jezikri … M se limyè ak lavi mond lan”? (3 Nephi 11:10–11; italik ajoute).

Pou gwo foul espesyal sa a bò tanp la, de premye mo Sovè a te itilize pou dekri Tèt li sete “limyè a.” Samyèl te predi yon siy limyè. Siy limyè a te parèt nan nesans Sovè a. Pou moun yo ki te rasanble nan foul la, nwasè ak laperèz terib la te disparèt nan presans vrè limyè a, Jezikri limenm.

Resi konsènan premye Noèl la nan Liv Mòman an ede nou aprann epi konprann pi klèman ke Jezikri se “limyè ki klere nan tenèb la” (gade D&A 10:57–61). Nan tout sezon nan lavi nou, nan tout sikonstans nou twouve nou, epi nan chak pwoblèm nou rankontre, Jezikri se limyè ki efase perèz, ki bay asirans ak direksyon, epi ki bay lapè ak lajwa ki pap janm fini.

Anpil nan tradisyon Nwèl nou pi sonje pou lontan yo gen diferant kalite limyè—limyè sou pyebwa, limyè andedan kay ak sou do kay nou, balèn sou tab. Se pou bèl limyè chak sezon fèt sa yo fè nou sonje Limenm ki se sous tout limyè a.

Men nan lari plen fènwa w yo

Limyè etènel la briye.

Espwa ak perèz yo tout ane yo

Efase nan Oumenm aswè a

(“Petite ville, Bethléhem,” Cantiques, no. 136).

Mwen temwaye ke Jezi te fèt nan Betleyèm, li te triyonfalman ranpli misyon ak ministè motèl Li, epi antanke Senyè resisite nou, Li vivan jodia. Mwen temwaye konsa nan non sakre Jezikri a, amèn.

Enprime