Devosyon Nwèl
Kado pafè a


Kado pafè a

Sa gen ennan, anviwon twa jou anvan Nwèl, lè l te piti, mari m, Rob, te dekouvri de nan pigran sè l yo nan chanm yo, yo t ap ouvri de nan kado Nwèl yo an kachèt. Lè yo te fin fè yon ti gade, sè l yo te revlope kado yo a. Sè Rob yo te di l: “Si w pa di manman nou, n ap montre w kijan pou w fè sa.”

Finalman, li te tonbe anba tantasyon an, espesyalman paske te gen yon pake anba abdenwèl la ki te gwosè yon balon foutbòl, avèk non l sou li.

Men, kado a te parèt lejè pandan l t ap pote l an kachèt nan chanm ni an. Li te devlope l avèk pridans epi l te wè l vid, eksepte yon ti nòt ki te ladan l. Nòt te di: “M konnen kisa w ap fè la a. Pa gate Nwèl ou. Avèk amou, Manman w” Li te aprann yon leson, epi sete fen gran avanti Nwèl ki rele, fè ti gade a.

Annou reflechi sou souvni, bèl peyizaj, mizik anjelik, ak bon sant inoubliyab ki vin nan panse nou lè n ap panse ak Nwèl yo. Gen pi bèl souvni danfans anpil nan nou genyen nan kè nou sou sentete Nowèl la—se Selebrasyon nesans Sovè nou an. Santiman sakre sa yo pa janm kite nou.

Imaj
Mari, Joseph, ak Jezi tibebe

Nou santi yo chak fwa nou panse a ti etab sa a nan Betleyèm nan kote pakèt pwofesi ki te fèt nan syèk pase yo, te vin akonpli anba syèl plen zetwal la—lè Sovè ak Redanmtè nou an te vin nan mond la kòm Wa tout wa ak Senyè tout senyè yo.

Nou souvan tande yo di Nwèl se pou timoun, men èske nou tout pa timoun nan kè nou? Yon jou, yon manman ak yon pitit fi nevan te okipe ap fè acha pou Nwèl. Pandan yo t ap prese pase nan yon ranje magazen bijou, pitit fi a te remake yon gwo afich ki te kwoke anlè yon vitrin. An gwo lèt wouj, afich la te pwoklame: “Kado Ki Pa Janm Sispann.”

Pitit fi a te li afich la, li te kontanple l pandan yon ti yon moman, epi l te souri. Avèk fyète, li te di manman l, “Manman, m konnen ki kado ki pa janm sispanm nan.”

Pandan yo t ap deplase nan mitan foul moun yo, manman l te mande, “O, kisa?”

Inosamman, pitit fi a te reponn: “Se Jezi!”

Manman l te reponn, avèk erè: “Non, Cheri. Se dyaman.

Ezayi raple nou, “Epi yon timoun piti pral dirije yo.”1

Pandan m tap chèche sou entènèt, m te jwenn dè milye ak milye machandiz ki te itilize fraz sa a kòm piblisite. “Kado ki p ap Janm sispann nan.” Nou mèt eseye jan nou vle, onkenn kado materyèl nou bay pa ka dire pou tout tan.

An kontras, kite m pataje avèk nou yonn nan souvni NwèI ki chè pou mwen, ki konsène de moun m kwè, ki pa t janm sispann bay. Sete paran mwen, Aldo ak Eleonor Harmon.

Imaj
Fanmi Smith

Sete yon sezon ivè ki te pote anpil nèj nan ti vil nou an, nan ane sa a. Men, sa pa t anpeche papa m mennen fanmi an al chèche yon abdenwèl pafè. Osito abdenwèl la te rantre nan kay la epi l te kanpe nan plas li, nou te kouri mete boul limyè, dekorasyon, ak gilann byen bèl sou branch li yo. Ti kay nou an te ofisyèlman pare pou Nwèl te kòmanse.

Lapòs te pote katalòg jwèt yo, epi mwenmenm ak frè m, ak sè m yo t ap vire paj yo avèk kè kontan, ak espwa pou n jwenn trezò Nwèl. Bon sant bonbon jenjanm ak ti gato fwi te chaje kay la, epi Desanm t ap avanse dousman sou kalandriye aktivite a. Nou te kite kèk sipriz dèyè pòt vwazen yo, epi nou te eseye sèvi kèk fanmi ki te bezwen yon ti koutpous pou Nwèl la.

Chak swa, apre m t al kouche, manman m te pase yon pakèt tan fèmen nan chanm ni. Sèl bagay m te ka tande, sete bri machin akoud li a. Li te tèlman abitye koud rad pou nou ke sa pa t menm atire atansyon m ankò.

Men, pandan Nwèl t ap avanse, Manman m te totalman fatige. Jou anvan Nwèl la, li te malad epi l te oblije rete kouche. Lè doktè a te di papa m ke manman m ta dwe ret kouche pou omwen yon semèn, m te enkyete—men, m te desi anpil tou. Kòman pou n ta fè pase Nwèl san manman m? Kòman pou nou ta menm santi se Nwèl? Epitou, kimoun ki t ap prepare dine Nwèl la?

Pandan papa m t ap pran swen manman m avèk amou, li te reyalize ke tach pou fè manje Nwèl la te tonbe sou li. M te pi enkyè toujou! Malgre li te yon moun saj ki te gen talan, kuit manje se pa t yon bagay li te metrize.

Lavèy Nwèl te jwenn mwen sou jenou m, ap priye pou manman m te ka geri mirakilezman epi pou jou maten Nwèl sa a ta jan l te konn toujou ye a—avèk fanmi an rasanble alantou abdenwèl la. Desepsyon te anvayi nou nan jou maten Nwèl sa a lè nou te wè ti manman cheri nou an te toujou malad sou kabann ni. Lè nou te ouvri kado nou yo, m te etone wè ke kado espesyal mwen an sete yon bèl pake rad poupe manman m t ap koud pou mwen pandan tout nuit sa yo nan mwa Desanm nan. M pat ka ret tann pou m te kouri al jwenn ni pou m te pase men nan kou l. Ala l te sakrifye l pou mwen.

Chè papa nou te fè tout sa k te posib pou jou Nwèl la te pase nòmal ane sa a, osi nòmal li te ka ye san manman m. Epi l te reyisi. Apre dine a, papa cheri m nan te tonbe dòmi sou chèz la, bòkot kwendife a, pandan m t ap jwe avèk frè m ak sè m yo, avèk poupe m nan ak rad tou nèf li yo. Manman m te vin refè apre anpil repo epi tout bagay te byen. Nan lavi m, paran m yo sete pou mwen yon kado ki p at janm sispann.

An nou konsidere fraz sa a pandan yon ti moman. Èske yon kado ki pa p janm sispann pa ta dwe konsidere kòm yon kado pafè? Premyèman, yon kado pafè ta dwe revele yon bagay sou moun ki bay li a. Dezyèmman, li ta dwe revele yon bagay sou bezwen moun ki resevwa kado a. Epi finalman, kado sa a, si l vrèman yon kado pafè, ta dwe kenbe valè li, non sèlman pandan tan ap pase, men, pou tout tan.

Èske Sovè byenneme nou an, ki se Sovè mond la, pa ranpli twa kondisyon sa yo? Èske kado nesans Jezikri a, ministè li, ak sakrifis ekspyatwa l la pa revele yon bagay sou Moun ki bay kado a? Natirèlman. “Paske Bondye sitèlman renmen mond la, Li te bay sèl Pitit Gason Literal Li a.”2 Papa nou ki nan Syèl la te sakrifye Pitit Gason l la akoz amou pur li pou noumenm, pitit li yo.

Èske kado Jezikri a pa demontre ke Papa nou ki nan Syèl la te konnen egzakteman kisa nou te bezwen? Ankò, yon lòt gwo wi! Nou te tonbe akoz nati nou, epi nou te dezespereman bezwen yon Sovè ak yon Redanmtè. Jan Nefi anseye a, Jezikri “pa fè anyen si se pa pou benefis mond la; paske li renmen mond la.”3

E dènye kondisyon pou yon kado pafè a? Li dwe kenbe valè l pou tout tan. Liv Mòmon an anseye nou klèman ke Ekspyasyon Jezikri a enfini ak etènèl.4

Èske nou sonje afich la nan magazen bijou a? Ti jènfi sa a te konnen tou natirèlman kisa ki vrè kado a. Nan mond fènwa sa a, nou gade pi lwen pase bijou, nou gade sou Limyè Mond la. Sovè a limenm te anseye:

Imaj
Jezikri

“Se poutèt sa, leve limyè nou an anlè pou l kapab klere mond lan. Reyèlman m’ se limyè nou dwe leve anlè a.”5

“M se limyè ki klere nan fènwa a.”6

Mwen temwaye ke Jezikri se kado pafè a—kado ki pa janm sispann bay la. Mwen swete pou nou tout kenbe verite sa a nan kè nou pou Nwèl sa a ak pou tout tan. Li vivan. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Enprime