Devosyon Nwèl
13Soares


Yon Lame Zanj Modèn

Bonswa, frè m ak sè m yo. Mwen santi m beni pou okazyon sa a pou m adrese nou aswè a pandan n ap selebre evenman ki pi gloriye nan istwa limanite a—vini Pitit Gason Bondye a nan mond lan. Nesans Kris la, lavi li, ak Ekspyasyon l lan, se kado Papa nou ki nan Syèl la pou nou tout.

Pandan n ap selebre nesans Sovè a nan bèl sezon sa a nan ane a, amou enfini Bondye sanble l penetre nan nanm nou avèk plis abondans, pandan l ap ede nou vire kè nou sou fanmi nou, zanmi nou, ak pwochen nou, epi ede nou vin pi sansib a moun ki ka santi yo solitè oubyen ki bezwen rekonfò ak lapè yo.

Mwen toujou enpresyon dèske, nan resi sou evanman yo ki te antoure nesans Jezi a, levanjil Lik la pataje plizyè egzanp sou rekonfò ak lapè yo te ofri sila yo ki te twouve yo nan sikonstans sa yo. Nou ka wè kèk nan egzanp sa yo kote Papa nou ki nan Syèl la te voye zanj li yo vizite bèje ki te sosyalman izole yo pandan nuit la pou te anonse yo nesans Pitit Gason l lan, ak lè bèje yo, yomenm, te kouri al vizite Mari ak Joseph, ki t ap pran swen yon tibebe ki te fèk fèt nan fwaye yo nan Galile a.

Vwayaj long Joseph ak Mari a soti Nazarèt pou al Betleyèm nan pou yo t al fè resansman an se pa t yon kowensidans, paske, depi dè syèk, pwofèt ansyen tan yo te predi ke Sovè mond lan t ap gen pou l te fèt nan Betleyèm, Lavil David la.1 Nou wè ke Papa nou ki nan Syèl la te trè konsyan e trè enplike nan chak detay ki te antoure nesans Sèl Pitit Gason Literal li a. “Epi sete konsa, pandan yo te la a, jou a te rive pou Mari te akouche”2

Lè m panse a bèje yo ak jèn koup sa a, Marie ak Joseph, m ap mande m nan ki pwen aparisyon lame zanj sa a devan bèje yo nan jaden yo ak rive bèje yo devan Marie ak Joseph la dwe te pote rekonfò, lapè, ak lajwa nan lavi chak nan moun sa yo.

Pou bèje yo, siman zanj yo te pote rekonfò yo te bezwen an pou yo te konnen ke Bondye konsyan de egzistans yo epi li wè valè yo paske li te chwazi yo kòm premye temwen Mouton Bondye a ki te fèk fèt la. Pou Marie ak Joseph, bèje yo siman te pote rekonfò yo te sitèlman bezwen an pou te montre yo ke lòt moun te okouran mirak diven yo t ap viv la.3

Asireman, nou gen bèje modèn pami nou—gason ak fi k ap travay byenta lannuit ak bonè nan maten pou yo ka pran swen fanmi yo. Kèk nan bèje modèn sa yo ka enkli ajan sekirite, pèsonèl k ap travay nan sèvis ijans ak nan lopital, anplwaye nan magazen ki ouvè tout lannuit ak nan estasyon gaz, oubyen ekip jounalis k ap bay nouvèl. Pafwa moun k ap travay lannuit yo ka petèt santi yo izole e san relasyon sosyal avèk moun ki tipikman ap travay nan lè travay nòmal lajounen yo. Epitou, gen anpil Joseph ak Marie modèn ki oblije kite peyi natal yo epi k ap eseye ajiste yo a yon nouvo lavi pandan y ap selebre jou enpòtan tankou Nwèl, anivèsè nesans, maryaj, ak lanmò yo.

Pandan Nwèl ap pwoche a, m ap mande m si nou ta ka plis sanble ak lame zanj la pou nou vizite bèje modèn yo pou n ka pote bòn nouvèl Kris la, lapè, ak rekonfò pou yo. Epi, m ap mande m tou si nou ta ka vin plis tankou bèje yo nan reponn apèl pou nou vizite ak sèvi Joseph ak Mari modèn nan vwazinaj nou ak kominote nou yo pou pote pou yo asirans ke Bondye renmen yo epi l ap veye sou yo epi li sousye pou yo.

Fanmi m avèk mwen te fè eksperyans santiman rekonfò ak lapè ke yon lame zanj modèn ka pote a nan plizyè okazyon diferan. Aswè a m ta renmen pale de youn nan okazyon sa yo. An 2003, nou te demenaje kite peyi nou pou nou te vin abite Utah. Ivè sa a, nou te gen youn nan pi gwo tanpèt nèj Utah te janm genyen depi dèzane. Nou pa t janm te konn wè bagay konsa nan lavi nou, paske nou te grandi nan pami palmye ak plaj plen sab. Kay nou an te sitiye nan yon kafou sou yon kolin nan Bountiful ki te gen yon twotwa byen long. Lè nèj la te kòmanse tonbe, madanm mwen te kourajezman kòmanse netwaye nèj nan ale a ak sou twotwa a paske, kèlke jou anvan sa, m te glise sou glas la pandan m ta pral vizite youn nan vwazen nou yo epi ponyèt mwen te kase. Aksidan sa a te lakoz yo te opere m epi yo te mete yon gwo anplak nan bra m pandan kèk mwa. Lè l te kòmanse netwaye nèj la, madanm mwen pa t konnen ke li te dwe chanje direksyon bouch aparèy la lè l te fin netwaye yon bò twotwa a. Konsa, lè l t al nan lòtbò a pou l te netwaye l, li te wè ke tout nèj li te netwaye a te ateri nan bò sa a. Li t ap fè ale vini, initilman. Ala yon dezas! Paske l te rete twòp nan fredi a, li te vin gen yon enfeksyon nan toulède zòrèy li epi li te prèske totalman soud pandan de mwa. Nan menm tan an, pitit gason sèzan nou an te blese do li pandan l t ap fè glisad sou nèj la epi l te oblije ret kouche pou blesi a te ka geri. Konsa, vwala noumenm, youn malad sou kabann, youn soud, ak youn nan anplak, epi nou tout frèt. Mwen sèten nou te yon bèl spektak pou vwazen nou yo. Nan youn nan jou maten frèt sa yo, byen bonè, apeprè 5:00 dimaten, m te reveye pa bri yon aparèy ki t ap pouse nèj tou pre fenèt mwen an. M te gade nan fenèt la epi m te wè vwazen ki tap viv anfas nou an, Frè Blain Williams. Li te gen plis pase swasanndizan, epi, li te soti kite kay cho byen konfòtab li a epi san bri, li te vin netwaye ale nou an ak twotwa nou an, paske l te konnen nou pa t kapab fè l noumenm. Epi, menmjan l te vini nan fason diskrè ak senp la, yon lòt frè tou, Brè Daniel Almeida, te vin lakay nou pou l te vin chèche m mennen m nan travay nan Salt Lake, paske m pa t ka kondui machin nan avèk gwo anplak mwen an. Jantiman e san bri, yo te la pou mwen chak maten jiskaske fanmi m te geri epi nou te vin kapab fonksyone ankò. Pandan sezon Nwèl frèt sa a, an 2003 a, frè sa yo te vini kòm zanj nou, menmjan ak zanj yo te voye bay bèje izole sa yo otrefwa a. De frè sa yo te suiv egzanp Sovè nou an epi yo te panse a bezwen nou anvan pa yo.

Chè frè m ak sè m yo, lavi Sovè a sete egzanp pafè sou lanmou ak bòn volonte anvè tout moun. Li te toujou bliye tèt li pou l te sèvi lòt moun. Aksyon san egoyis li te reflete nan tout sa l t ap fè chak jou nan lavi li epi yo pa t limite a yon sezon ni yon fèt byen espesifik. Si nou vire kè nou sou lòt moun jan Sovè a te fè a, mwen pwomèt ke nou ka pi byen fè eksperyans sou siyifikasyon Nwèl la. Si nou fè sa, m ka asire nou ke n ap jwenn opòtinite san limit pou nou devwe tèt nou trankilman e jantiman pou moun ki bezwen nou. Sa ap ede nou vin pi byen konn Sovè a epi n ap jwenn lapè pou tèt nou sou tè a ak bòn volonte anvè moun, sa ki, an gran pati, pral detèmine lanmou, lapè, ak fòs renouvle nou ka santi ak pataje avèk lòt moun nan. Pandan n ap suiv tras Sovè a, se pou nou koute bri pye li epi lonje lamen pou nou ka pran men fèm ak asire Chapantye a. Mwen asire nou ke Nwèl p ap jis yon jou oubyen yon sezon men l ap vin yon etadespri pou nou, epi lajwa ak lanmou nou te santi nan Nwèl la ap toujou rete avèk nou. Mwen temwaye ke Jezikri, tibebe ki te fèt nan Betleyè nan, se anfèt Sovè ak Redanmtè mond lan.

Jwaye Nowèl a nou tout. M di bagay sa yo nan non Jezikri, amèn.

Enprime