Devosyon Nwèl
Mete Aksan sou Nwèl


Mete Aksan sou Nwèl

Mwen renmen peryòd sa a nan ane a kote nou reyini avèk fanmi nou ak moun ki chè pou nou pou n sonje nesans Sovè nou an, Jezikri, epi remèsye li pou lavi li ak sakrifis ekspyatwa enfini l la. Mwen renmen souvni inonbrab yo sou sezon espesyal sa a tout kote a epi m toujou kontinye santi menm antouzyas ak antisipasyon Nwèl anfans mwen yo, keseswa sete nan fredi Angletè oubyen nan chalè Arabie saoudite.

Pwobableman menmjan an anpil lòt, semèn pase a, m t ap goumen avèk limyè Nwèl yo, pou m te chèche jwenn grenn limyè a ki te lakoz tout lòt yo bese a. Lè m te finalman jwenn ni epi m te ranplase li, tout limyè yo te limen, epi m te santi soulajman ak kontantman ki soti nan ti triyonf piti sa a.

Youn nan bagay m pi renmen fè lè Nwèl prèske rive se chita bòkot abdenwèl nou an, pandan tout lòt limyè yo etenn, jiskaske m vin wè twoub pandan m ap gade abdenwèl la ki kouvri ak ti limyè blanch yo. Pandan je m flou a, klate chak grenn limyè ogmante epi adousi pandan y ap voye reflè yo sou dekorasyon wouj k ap briye yo. Efè a ravisan. Nou souvan jwe yon mizik anba anba, ki pwoklame: “Oh Quel bonheur, Jesus viendra!”1 epi “Yo pral rele li Mèvèye, Konseye, Bondye puisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.”2

Pandan je m ap kite limyè sou abdenwèl yo soti nan klè pou vin flou a, yon fwa ankò, mwen raple m misyon divin Sovè nou an, ki parèt klèdevan je m nan moman trankil sa yo. Li di: “Mwen se limyè mond la; moun ki suiv mwen, li p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”3 Mwen medite sou nuit sakre sa a kote l te fèt la, ranpli ak gratitid pou kado lajwa, lesperans, ak lanmou Papa a te voye sou tè a nan Pitit gason Byenneme l la.4

Li ra anpil pou nou fè ekperyans kalite moman meditasyon ak refleksyon pezib sa yo nan mitan tout aktivite yo ki presede jou Nwèl la. Desanm mache avèk anpil fèt, konsè, rasanbleman ak kado. Ajanda nou chaje epi pafwa presyon nou mete sou tèt nou yo an reyalite retire tout lajwa sezon an olye yo ogmante li.

Konsa ansèyman Prezidan Nelson an vital: “Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann de kisa nou fè vin fokis lavi nou. Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan limenm e gras avèk li. Li se sous tout lajwa.”5

Sa se okazyon pafè pou nou reflechi sou kisa nou fokis. Ki espwaespwa w genyen pou sezon Nwèl sa a? Kisa w sensèman dezirepou tèt ou ak pou moun ki chè pou ou yo pandan n ap reyini pou jou ki pi sakre sa a pami tout lòt yo?

Nan de semèn edmi, jou Nwèl la ap rive sou nou. Reflechi sou sa w genyen nan ajanda ou pou de semèn edmi ka p vini yo. Ou ka petèt santi w depase paske w pran twòp angajman epi ak tout bagay ki rete pou w fè yo. Èske ajanda w twò chaje? Èske gen kèk tradisyon ak presyon kiltirèl ki lakoz strès ki pa nesesè epi ki anpeche w resevwa ak reflete lajwanesans Kris la? Kijan w ka senplifye ajanda ou pou Nwèl sa a epi pi byen planifye pou pwochen an?

Nou dwe fè atansyon pou nou pa sitèlman okipe ak fatige nan eseye fè twòp bagay ke nou pase akote rezondèt sezon an epi nou figirativman pa kapab mete nou ajenou devan krèch la, adore Wa nouvone a, epi ofri li kado pèsonèl pa nou.

Jèn manman, ak nou tout, èske nou santi nou depase? Kisa ki fokis nou? Petèt pou ane sa a, nou pa ta voye okenn kat Nwèl, ni pa sousye w de kèk lòt egzijans Pinterest enpoze w yo. Pri w ap peye ni nan tan ni nan lajan an ap retire yon pati nan kapasite w pou w konsantre sou Sovè a epi santi lajwa Nwèl li a.

Jèn papa yo, ak nou tout nèt, sou kisa nou fokis? Petèt ane sa a nou ka senplifye Nwèl la avèk plis kado nou prepare lakay ak kado sèvis paske, presyon ak pri pou nou eseye achte tout bagay la twòp—epi li pa nesesè—epi l ap retire yon pati nan kapasite nou pou n konsantre sou Sovè a epi santi lapè Nwèl li a.

Sèvis nan tanp nan sezon Nwèl ka gen yon siyifikasyon espesyal. Tanp lan ede nou kadre fokis nou, mayifye lajwa nou, epi ini fanmi yo isit la ak sou lòt bò vwal la. Konsidere sèvi nan tanp nan plas yon lòt aktivite Nwèl ki ka petèt pa ede nou nan chèche jwenn trankilite sezon Nwèl la. Òdonans sakre sa yo—lapè ak pouvwa prètriz tout moun ki cheri yo ka jwenn nan yo a— sèlman posib gras ak Pitit Gason Byenneme Papa a, “Anyo sa a ki te imole depi nan fondasyon mond lan,”6 ke n ap selebre nesans li kounyea.

Pandan Nwèl sa ap apwoche a, annou fè plis nan sa ki enpòtan yo ak mwens nan sa ki pa enpòtan yo. Annou chèche fè travayJezi, moun Nazarèt la—konsole moun ki chagren, geri kè ki brize, vizite prizonye yo, nouri moun ki grangou, abiye moun ki toutouni, epi leve vwa nou pou moun ki pa ka pale yo, moun ki majinalize, moun yo bliye, ak moun yo meprize yo.7

Pou noumenm k ap travèse yonmoman kriz nan Nwèl sa a, se pou nou jwenn kado lanmou Sovè a ki disponib pou nou espesyalman an. Gen anpil moun, nan moman sa a, ki anba doulè pou yo pèdi moun ki chè pou yo akoz maladi, laj avanse, oswa kèk aksidan terib. Gen anpil nan nou k ap sonje moun nou te pèdi nan yon epòk Nwèl, epi sa pral yon anivèsè chaje doulè pou nou. Gen moun k ap kriye poutèt chwa moun ki chè pou yo ap fè nan moman an. Gen lòt moun ki poukont yo, san fanmi, ki nan mitan tribilasyon, oubyen, pou kèlkeswa rezon an, k ap fè fas ak yon Nwèl trè diferan de sa yo konn selebre nan lepase yo.

Kwèke gen yon kado patikilye nan sezon sa a pou nou Chèche jwenn moman trankil, nan solitid, pou nou ka medite, priye, ak santi bonte eman Moun sa a ke nesans li rann toutlajwa nan toutlavi posib la. Pwomès la sèke yon jou, “p ap gen lanmò ankò, p ap gen lapenn ankò, ni kriye, ni p ap gen doulè ankò.”8 “Pa p gen grangou ankò, ni p ap gen swaf ankò ditou. … Paske Anyo a ki nan mitan twòn nan pral nouri yo, epi l pral dirije yo al nan anpil fontèn dlo yo: epi Bondye pral efase tout dlo ki nan je yo.”9

Imaj
Jezikri ki kenbe yon lanp aluil

Pran tan pou nou poze, pou nou respire, pou nou reflechi. Gade anlè. Fikse rega w sou gwo kado l la—konesans sou kiyès ou ye toutbon vre, ak konprann ke eprèv yo isit la pasaje epi lajwa isit la se sèlman kòmansman lajwa ki gen pou vini an. “Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè ak sikonstans lavi nou men li depann de kisa nou fè vin fokis lavi nou.

“Epi kounyeya, m kòmande w pou w chèche Jezi sa a ke pwofèt ak apot yo te pale a, pou lagras Bondye, Papa a, ak Senyè a, Jezikri, ak Sentespri a ki rann temwayaj konsènan yo a, kapab avèk nouepi pou l rete avèk nou pou tout tan.”10u, epi pou l rete avèk ou pou tout tan. Pou nou kapab di: “Envoyé du Père, tu viens vivre parmi nous, pour notre joie. … Nous chantons tes louanges!”11

Nan non Jezikri, Amèn.

Enprime