Devosyon Nwèl
11craven


12craven-1

Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan

6 Desanm, 2020

Yon Anvlopman ak Yon Akolad Selès 

Sè Becky Craven 

Dezyèm Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi yo 

Youn nan souvni Nwèl prefere m yo te pase lè m te gen sizan. Se te lavèy Nwèl, e m t ap dòmi sou kabann anlè nan kaban de etaj m te pataje avèk ti sè m nan lakay nou nan Berlin, Almay. M te kontan anpil pou jou maten Nwèl la te rive—m te tèlman eksite ke petèt m pa t ap dòmi pwofondeman, paske pandan nuit la son klòch ki t ap sonnen te reveye m. Apresa m te tande pòt chanm nou an ouvri tou dousman. Lè limyè nan lòt sal la te ateri sou mwen, m te chita byen rapid e m te gade nan direksyon pòt la. Sa m te wè a sete yon bagay enkwayab! Tonton Nwèl te kanpe nan pa pòt la. Se tout bon wi—sete limenm! Li te di, “Ho, ho, ho,” epi li te mande m si m te vle suiv li al nan salon an pou m te gade abdenwèl ki te limen an. M te sezi e m pa t ka pale, men m te desann echèl kabann mwen an epi m te suiv li al devan sal kote manman m ak gran frè m nan te kanpe bò abdenwèl la. Men, lè m te gade nan sal la, m pa t wè papa m—kijan l te fè ap rate bagay sa a? Manman m te di li t al jete fatra, men li te pran anpil tan! Rive jis jodia, m santi m tris paske l pa t gen chans pou l te rankontre tonton Nwèl. Tonton Nwèl te mande m si m te janti, e m te kontan di ke wi m te janti. Apre nou te fin asire nou ke li te goute bonbon ak lèt nou te kite pou li yo, m te retounen nan kabann mwen, epi apre kèlke èdtan, m te reveye nan yon maten Nwèl ki te chaje lajwa.

Granpè mari mwen, Heaton Lunt, te gen yon maten Nwèl ki te diferan lè l te yon ti gason ki t ap viv nan koloni Meksik yo nan fen ane 1800 yo. Li pataje istwa sa a nan istwa l ekri sou li: “Nwèl te rive, epi nou te mete mouton yo nan yon espas anba etab la, kote l te fè cho, paske te gen nèj atè a lè sa a. Premye bagay m te fè maten Nwèl lan se te al gade pou m te wè si mouton m yo te byen. M te tande vwa yon ti kri mouton nan etab la ki te parèt piti anpil. M t al andedan epi m te wè ke Nelly te gen fè ti mouton—jimo. M te kouri antre nan kay la osi vit m te kapab … [epi I m te bat men m epi m te di manman m, ‘M gen pi bèl Nwèl pase nou tout la a: O’ Nelly fè de ti mouton.’ Tout timoun yo te kouri kite zoranj yo ak lòt bagay ki te sou tab la, epi yo te kouri al nan etab la pou yo te wè ti mouton sa yo Nelly te fè a. Se te pi gwo mèvèy nou te janm resevwa nan yon jou Nwèl.”1 Avèk etònman, ane apre a ak ane ki te suiv yo, mouton Heaton yo te kontinye fè lòt ti mouton nan jou maten Nwèl.

Lè m te premye tande istwa sa a, imedyatman, kè m ak lespri m te atire sou panse yon lòt ti mouton ki te fèt premye jou Nwèl la: Jezikri, Ti Mouton Bondye a. Menmjan Heaton te kouri al wè nouvo ti mouton l yo, m imajine bèje yo ki t ap kouri al wè ti bebe sa a ki te Pitit Gason Bondye a. Èske nou ka imajine sa yo te wè nan andwa enb ak sakre sa a? M imajine yon Joseph plen lanmou ki t ap pran swen madanm li, Mari, pandan yo t ap reflechi sou nesans Mesi ki te pwomèt la. Istwa Mari ki te vlope ti bebe l la nan twal la patikilyèman touchan pou mwen.

Sa pa gen twò lontan nou te akeyi yon nouvo pitit pitit fi nan fanmi nou. M te gade yon jou pandan manman l t ap anvlope l nan yo ti dra ki te dou e byen cho, epi l te kenbe l toupre l. Anvlope a vle di vlope sere. Atravè listwa, yo te toujou itilize twal ak dra pou rekonfòte ak kalme, e menm pou kalme yon ti bebe ki rechiya. Pandan m t ap gade bèlfi m vlope nouvo pitit li a, m t ap panse a lòt moun ki ta ka bezwen yon vlope, menm si se yon vlope imajinab (virtuel). Yon mo janti, yon zòrèy k ap koute, oubyen yon kè ki konprann ka rekonfòte ak kalme nanm yon pwochen ki twouble.

Sa gen prèske twazan, bofis nou an te sibi yon kriz maladi grav. Pou yo te chèche repons, li te oblije fè plizyè tès ak operasyon ki te finalman fè wè ke l te bezwen yon operasyon nan kè. Pandan l t ap antre nan sal operasyon an, pitit fi m nan te voye yon mesaj bay bòpè ak bèlmè li pou l te ba yo nouvèl sou pitit gason yo a. De byen lwen nan yon lòt peyi kote yo t ap sèvi yon misyon, bèlmè a te reponn avèk mo rekonfòtan sa yo: “M voye akolad selès ba nou.”

Jis kèk ti moman apre, yon enfimyè t ap pase men li te retounen. Li te gade nan zye pitit fi m nan ki te plen dlo epi l te mande l si l ta renmen yon dra, men, pitit fi m nan te di non, li te di ke l te anfòm. Enfimyè a te ale, men, imedyatman li te retounen avèk yon dra cho. Li te vlope pitit fi m nan avèk dra a epi l te di l, “M santi w bezwen yon akolad selès.”

Ti Mouton Bondye a, ke nou rekonèt kòm Bon Bèje a tou, konnen chak nan twoupo L yo. Nan moman bezwen nou, Li souvan ba nou zanj terès, tankou enfimyè sa a ki te plen konpasyon pou pitit fi m nan, pou vlope nou ak ansèkle nou nan bra lanmou Li.2 Li te vin sou tè a pou L te pote lapè ak bòn volonte pou tout moun.3 Li rekonfòte moun ki bezwen rekonfò e Li kriye avèk moun k ap kriye.4

Pandan m ap konsidere plizyè fason Senyè a renmen epi pran swen nou chak la, m santi yon dezi pou m fè plis pou pataje lanmou sa a avèk lòt moun. M vle pi byen rekonèt akolad selès m konn resevwa, men, ke m te lan pou m rekonèt tou.

Nan yon mond ki sitèlman bezwen lapè, pawòl dous nou, ak zak konpasyon ak jantiyès nou kapab se fason nou vlope yon lòt moun nan yon ti dra byen cho. M vin konprann ke plis nou aji sou enpresyon nou resevwa pou nou sèvi lòt moun, se plis Senyè a ap ba nou dra selès pou nou pataje. Kisa enspirasyon ou resevwa? Kiyès ou konnen ki ta bezwen yon akolad selès? Touch pèsonèl oubyen vityèl nou ka fè tout diferans nan lavi yon pwòch nou, oubyen menm yon etranje.

Mwen priye ke pandan n ap selebre nesans Sovè nou an, pou non sèlman nou santi lanmou L, konpasyon L, ak lapè Li, men pou nou pataje benediksyon sa yo avèk lòt moun tou. Pandan m ap reflechi sou don Ti Mouton Bondye a, ti bebe ki te vlope epi kouche nan yon krèch la, m ap repete pawòl jèn Heaton te di yo. Li se “pi gwo mèvèy nan tout sa nou janm [oubyen p ap janm resevwa] nan yon jou Nwèl.”5

Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Heaton Lunt, “Pacheco, nan the Colonies of Mexico—Lamb Story.” Istwa pèsonèl.

  2. Gade 2 Nefi 1:15.

  3. Gade Lik 2:14.

  4. Gade nan Mozya 18:9.

  5. Heaton Lunt, “Pacheco, nan the Colonies of Mexico—Lamb Story.” Istwa pèsonèl.

Enprime