Devosyon Nwèl
12nielson


12NIELSON-0

Devosyon Nwèl 2020 Premye Prezidans lan

6 Desanm 2020

Prens Lapè a

Ezayi 9:6

Èldè Brent H. Nielson

Nan Prezidans Swasanndis yo

Nan yon lòt tan ak yon lòt kote trè, trè lwen de isit la, papa m, Norman Nielson, te yon jèn gason ki t ap pase dezyèm ane li nan katran l ta pral pase ap batay nan Pasifik la nan dezyèm Gè Mondyal la. Men foto l devan tant li, li sete yon espesyalis nan defans anti ayeryèn ki t ap viv nan jeng (jungle) Papouasie yo nan Nouvelle Guinée. Jou Nwèl 1943 a, li te ekri lèt sa a voye bay manman l ki te vèv: “Jan w pral remake lè w ap li dat la, jodia se Nwèl. M te leve a 7 tè maten an, m pran dejene, epi m te travay jiska 3 zè nan aprèmidi epi m te ale nan rivyè a pou m te lave rad mwen epi pou m te benyen. Nan dine a aswè sa a, nou te manje yon ti moso kodenn, kèk patat, mayi, ak pen rezen. M t ap kontan anpil si m te ka lakay avèk ou avèk fanmi an ap mete pye m anba tab la pou m manje tout bagay nou te konn abitye manje yo lè nou te ansanm, sa gen plizyè ane a. Nou desi paske bwat Nwèl nou yo pa t rive anvan Nwèl. Gen anpil nan pami nou ki pa t resevwa anyen pou Nwèl la. M sonje w te konn di m plizyè fwa ke se lè pi a seche yon moun vin pran konsyans ki valè dlo genyen.”

Ane k sot pase a, mandanm mwen, Marcia ak sè m nan, Susan, te ekri istwa katran sèvis papa m yo pandan Dezyèm Gè Mondyal la. Yo te konpile tout lèt li te konn ekri voye lakay bay manmanm l yo. M dwe di ke, lè m te li lèt Nwèl tris sa a, m te yon tijan pa t ka kwè. Byenke sa ka parèt banal pou nou, paske sete papa m, ke m renmen, m te swete ke m ta ka yon ti jan chanje evenman jou Nwèl sa yo. M te kriye nan kè m, “Ki kantite soufrans jenòm ki soti Idaho sa a ka andire?” Papa m te pèdi papa l anba yon kriz kadyak lè l te gen 12 zan sèlman. Sete manman l ki te elve li, apresa li te anwole nan militè, epi kounyea li t ap viv nan jeng lan nan mitan yon lagè terib. Èske l pa ta ka omwen resevwa yon kado pou Nwèl? Pandan m t ap panse a sitiyasyon papa m nan, m te santi Lespri a ki t ap di mwen: “Brent, ou konn kijan istwa sa a fini. Papa w te finalman resevwa kado ki pi enpòtan an, epi li te kontinye mennen yon vi plen lafwa , avèk Nwèl kòm epòk prefere li nan ane a.”

Pandan m t ap li plis sou istwa papa m nan, m te rive sou yonn nan dènye lèt li te voye bay manman l an Fevriye 1945. Pandan katran sèvis li yo, sou direksyon Jeneral Douglas MacArthur, li te batay soti Darwin, an Ostrali, rive nan Papouasie nan Nouvelle-Guinée, pase pa Gòlf Leyte a nan Filipin, epi finalman nan Manila, kote l te fini sèvis militè li epi l te retounen lakay li. Pandan pifò tan l te pase ap sèvi pandan lagè a, pa t gen okenn reyinyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou, men, lè l te rive Filipin, nan fen sèvis li a, li te vin ka jwenn yon reyinyon Legliz la. Apre l te fin ale nan reyinyon sa a, li te ekri lèt enteresan sa a voye bay manman li: “M t al Legliz yè, men, diskou a pa t tèlman enterese m. Manman, anpil bagay ki te parèt si enpòtan pou mwen oparavan parèt ensiyifyan pou mwen jodia. M pa p pale de kwayans mwen nan Bondye, ki vin pwobablema pifò pase l jan l te ye anvan, men, m konsidere Bondye kòm yon moun ki eman e ki konpreyansif olye ke m wè l kòm yon moun [ki] toujou pare pou pini nou pou chak erè nou fè.”

Sa Lespri a te anseye m sèke, atravè moman ki te ekstrèmeman difisil, pandan l t ap patisipe nan yon lagè tèrib kote anpil sòlda, enfimyè, maren, aviyatè, ak moun sivil ki inosan nan toulède bò yo te pèdi lavi yo, papa m te jwenn kado a—li te dekouvri vrè espri Nwèl la. Li te aprann ke l te gen yon Papa eman ki nan Syèl la ki te konprann li epi ki t ap voye je sou li. Leson vital ki pi enpòtan li te aprann nan sete sa a: “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”1 Nan ekstrmite l yo, lè yo te pouse l nan limit li te ka rive pèsonèlman, papa m te dekouvri yon Pè Selès eman ak bon. Sa l te dekouvri a te pote lapè ak lajwa ak bonè ba li nan yon mond ki te chaje avèk konfizyon ak doulè ak soufrans. Lè l te kite lagè a dèyè, li te pote kado a lakay avèk li.

M pa kwè m t ap ka siviv anba difikilte papa m te rankontre yo pandan twa Nwèl sa yo lwen lakay li a, men, m konnen ke leson li te aprann, ke m te aprann tou sèke, vrè kado Nwèl la, sa Papa nou ki nan Syèl la bay la, se Sovè a, Jezikri. Pou Nwèl sa a, etandone kondisyon ki nan mond lan, kèk nan pami nou twouve nou lwen fanmi nou oubyen separe de yo, menmsi yo abite tou pre. Kèk nan nou, ane sa a, ka petèt santi nou menmjan papa m te santi l nan Nwèl 1943 a. Nou ka menm mande tèt nou poukisa nou pa t resevwa okenn kado oubyen okenn vizit. Men, si nou leve tèt nou epi nou gade Bondye pou nou viv, n ap dekouvri ke Jezikri se pi gwo kado a. Lè nou ouvri kado sa a, sa ba nou kle pou yon lavi mèveye ki pote lapè.

Nan Mak chapit 4 nan Nouvo Testaman an, disip Sovè a yo te fè yon eksperyans efreyan. Yo te nan yon bato avèk Sovè a sou Lanmè Galile a lè yon gwo tanpèt te leve. Disip yo te pè, epi Sovè a te pale avèk yo, li te di, “Poukisa nou pè konsa? Kote lafwa nou?”2 Avèk yon vwa kòmandman, Sovè a te fè van yo ak vag lanmè yo fè silans. Apresa, disip yo te poze tèt yo kesyon pwofon sa a ke m ap mande nou pou nou medite pou Nwèl sa a: “Ki kalite moun li ye, pou menm van an ak lanmè a obeyi l?”3 M ap eseye reponn kesyon sa a. Jezikri se “[Konseye Mèveye] a, Bondye Toupuisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.”4 “Nan li, epi atravè li, de limenm, mond yo egziste epi yo te kreye.”5 Li se Sovè nou ak Redanmtè nou; Li se Premyene Papa a.

Ezayi dekri Sovè a nan fason sa a: “Èske ou pa konnen? èske ou pa tande, ke Bondye etènèl la, Senyè a, Kreyatè tout kwen tè a, pa febli, ni fatige?… Moun ki konfye yo nan Senyè a, fòs yo pral renouvle; yo pral gen zèl tankou ègl; yo pral kouri, epi yo pa p fatige; yo pral mache epi yo pa p febli.”6

Se nan kontèks sa a Sovè a envite nou tout nan sezon Nwèl sa a epi pou tout tan, “Vini jwenn mwen, nou tout ki fatige anba chay lou, epi m ap ban nou repo. … Paske mwen dou e enb nan kè: e konsa na viv ak kè poze. Paske jouk mwen fasil, epi fado m lejè.”7 Envitasyon Li fè nou se “vini.”

M espere ke pandan sezon Nwèl sa a, kèlkeswa sikonstans nou, kèlkeswa kote nou ye, epi kèlkeswa fason nou ka separe avèk fanmi nou ak zanmi nou, na sonje ke Li menm, Sovè a, Jezikri, se kado a; si nou vini jwenn Li, L ap soulaje fado nou yo; epi nou ka dekouvri L, jan papa m te dekouvri l nan mitan lagè tèrib la. Sovè a te di, “M ap ban nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Pa kite anyen fè kè nou twouble, ni pa kite anyen fè nou pè.”8 Si nou fè L konfyans, n ap jwenn lapè ak bonè, kèlkeswa sikonstans aktyèl nou.

M swete nou tout Jwaye Nowèl epi m priye pou, ane sa a, pandan mond fatige a ap rejwi, nou ka resevwa epi rekonèt kado yon Papa eman ba nou an kote L te pèmèt sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Li a. Mwen rann temwayaj pèsonèl mwen konsènan Papa eman sa a ak Pitit Gason Pafè L la, Prens Lapè a. Nan non Jezikri, amèn.

Enprime