Devosyon Nwèl
15nelson


Kado diven

Prezidan Russell M. Nelson

6 Desanm 2020

Chè frè m ak sè m yo, sete yon bèl sware. Bèl mizik ak bèl mesaj yo te elve lespri nou. Sè Craven te fonn kè nou avèk refleksyon li te fè sou akolad selès ak dra rekonfò yo. Èldè Nielson te touche nou lè l te rakonte lavi papa l, ke devwa militè te anpeche fete Nowèl pandan twazan youn apre lòt. Èldè Holland te enspire nou pandan l t ap anseye sou lavi sakre Sovè mond lan.

Kite m pwofite opòtinite sa a pou m di nou mèsi pou repons nou te bay a envitasyon m te fè nou resamman pou nou te inonde medya sosyal yo avèk ekspresyon gratitid pou bann benediksyon nou yo. Dè milyon moun te reponn. Epi mwen espesyalman rekonesan dèske nou kontinye ap priye Papa nou ki nan Syèl la chak jou, pou di L mèsi pou gidans Li, pou pwoteksyon, enspirasyon Li, e sitou pou kado Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri.

Nwèl evoke souvni mèveye. Sa gen sèlman enan, Wendy avèk mwen te gen opòtinite pou nou te selebre sezon an avèk yon tifi adorab, Claire Crosby, ki te chante yon chante Nwèl trè popilè pou nou. Kite m pataje yon pati nan anrejistreman sa a nou te fè pou inisyativ “Eklere Mond lan.”1

Jan Èldè Holland te raple nou an, vrèman, nuit beni sa a ki te pase depi plis pase de milenè a sete yon nuit ki te sanktifye pa nesans Moun ki te pre-òdone pou L te pote lapè sou tè sa a ak enspire bòn volonte pami lèzòm nan.2 Jezikri te fèt pou L te beni tout limanite, pase, prezan, ak fiti.

Men, menm lè nou chante “Douce Nuit” an, nou konnen lavi ti Bebe Betleyèm nan pa t kòmanse la a, ni li pa t fini sou Kalvè a. Nan yon domèn premòtèl, Jezi te resevwa onksyon nan men Papa L pou L te vin Mesi a, Kris la, Sovè ak Redanmtè tout limanite. Li te pre-òdone pou rachte nou. Se pou transgresyon nou yo ak inikite nou yo ke yo te mete san l deyò epi mètri Li.3 Li te vini pou fè imòtalite tounen yon reyalite epi pou lavi etènèl tounen yon posiblite pou tout moun ki t ap janm viv.4

Sa vle di nou chak ap resisite—enkli moun ki chè pou nou yo ki ale pandan ane tèt chaje sa a, e ki ap viv kounyeya sou lòt bò vwal la. Sa vle di nou chak kapab kontinye pwogrese. Sa vle di nou kapab espere ke gen bagay pi bon ki gen pou vini.

Èske w janm mande w poukisa Senyè a te chwazi pou L te pran nesans kote L te pran nesans lan? Li te kapab pran nesans nenpòt lòt kote sou tè a. Men, Li te chwazi tè Li te sanktifye a.

Jezi te fèt nan Betleyèm. Nan lang ebre mo sa a, bet lehem, vle di “kay pen.” Ala sa apwopriye ke Limenm, “pen lavi a,”5 te soti nan “kay pen” an.

Nesans Li te fèt nan sikonstans enb pami zannimo yo. Nan kote sa a “Mouton Bondye a”6 te pran nesans pandan sezon Pak la pami zannimo ke yo t ap prepare pou sakrifis Paskal la. Epi yon jou, Li t ap vin “ yon mouton yo t ap mennen nan labatwa.”7 Li te an menmtan Moutan an ak Bèje a.

Nan moman nesans Moun yo rele “bon bèje,” a8 bèje yo sete premye moun ki te resevwa anons nesans sakre L la.9

Nan moman nesans Moun yo rele “etwal ki ap briye nan maten an,”10 gen yon nouvo etwal ki te parèt nan syèl la.11

Nan moman nesans Moun yo rele “limyè mond lan,”12 tenèb te bani nan mond lan kòm yon siy nesans sakre L la.13

Jezi te batize nan rivyè dlo frèch ki te pi mal la sou tè a, sa ki senbolize ki pwofondè Li t ap gen pou l te desann pou L te ka sove nou, ak kote Li t ap soti pou L te monte pi wo pase tout bagay la—ankò, pou sove nou.14 Atravè egzanp Li, Li te anseye ke noumenm tou, nou kapab monte soti nan pwofondè pwoblèm endividyèl nou yo—tristès, feblès, ak enkyetid nou yo, pou nou atenn wotè potansyèl gloriye ak destine diven nou. Tout sa posib gras ak mizerikòd Li ak gras Li.

Nan mitan rejyon sovaj sèch ak ranpli pousyè yon dezè, Senyè a te anseye leson ki ta kapab apresye sèlman pa moun ki te konn kisa sa te vle di pou yon moun ap deseche anba swaf.

Jezi te anseye fi a bò pi a:

“Moun ki bwè dlo sa a, l ap swaf ankò:

“Men, moun ki bwè dlo m ap ba li a, li p ap janm swaf ankò; paske dlo m ap ba li a ap tounnen yon sous dlo nan li k ap ba li lavi ki pap janm fini an.”15

Ekriti sa a raple m yon bèl eksperans mwen te fè avèk Èldè Mark E. Petersen.16 Lè sa a li te yon manm Kolèj Douz Apot yo, e sete anvan apèl mwen kòm manm kowòm sa a, mwen te gen privilèj pou m te akonpaye l ale nan Tè Sent la, nan sa ki t ap vin dènye vwayaj li nan mòtalite a.

Èldè Petersen t ap soufri anpil anba kansè. Pandan yon nuit ki te long ak douloure pou li, mwen te eseye fè sa m te kapab pou rekonfòte li. Mwen te wè ke l te kapab manje ak bwè yon vyep tikras bagay sèlman. Nan demen yo te pwograme l pou l te fè yon gwo diskou.

Maten te rive. Bravman, Èldè Petersen te ale nan riv nò Lanmè Galile a, kote yon gwo kongregasyon t ap tann ni. Li te chwazi pou l te anseye sou Diskou sou Mòn nan Sovè a te bay la. Lè Èldè Petersen te resite pasaj ki di, “Benediksyon pou moun ki grangou ak swaf pou lajistis”17 yo, dlo te koule nan je li. Li te mete sa l te ekri yo akote, li te gade anlè, epi li te mande, “Èske nou konn kisa sa reyèlman vledi pou yon moun grangou ak swaf?” Mwen te konnen ke l te vrèman konnen. Apre sa li te anseye, “Lè w ka vrèman grangou ak swaf pou lajistis, se lè sa a w ap ka vin pi sanble avèk Kris la.” Èldè Petersen sete yon egzanp vivan sou sa. Yon tikras tan apre sa, li te kite lavi mòtèl sa a.18

Kèlkeswa lè m ap reflechi sou grangou ak swaf pou lajistis, mwen toujou panse a Apot venerab sa a ki te konsakre youn nan dènye diskou l yo pou anseye kisa sa reyèlman vle di pou yon moun chèche Senyè a, Jezikri, pou yon moun grangou ak swaf pou lajistis, pou yon moun vin plis sanble avèk Li.

Ane sa a, Sè Nelson avèk mwen te kòmanse travay byen bonè sou kado plen lanmoun pou nou bay fanmi nou nan okazyon Nwèl la. Nan kòmansman Novanm, Wendy te anonse ke nou te pare pou Nwèl. Repons imedyat mwen sete , “Oh, sa bon! Kounyeya nou ka konsantre sou Sovè a.”

Pandan ane san presedan sa a, kote pratikman chak moun nan mond lan soufri efè yon pandemi global la, pa gen anyen ki pi enpòtan nou kapab fè nan okazyon Nwèl sa a pase konsantre nou sou Sovè a ak sou kado sa lavi L vrèman vle di pou nou chak la.

Papa eman nou an ki nan syèl la “ sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl Pitit Gason Literal Li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”19

Pitit Gason Bondye a te pwomèt nou apre sa ke “kèlkeswa moun ki viv e ki kwè nan mwen, li p ap janm mouri.” 20 Ala kado enkwayab ak enkonparab nou rresevwa nan men Papa a ak Pitit Gason an!

Mwen di Bondye mèsi pou kado Pitit Gason Byenneme L la. E mwen remèsye Senyè nou an, Jezikri, pou sakrifis enkonparab Li a ak misyon L lan. Nan premye vini L lan, Jezi te vini prèske an sekrè. Men nan Dezyèm Vini an, glwa Senyè a “ap revele epi tout chè ap wè l ansanm.”21 Lè sa a, Li pral “reye kòm Wa tout wa yo epi La reye kòm Senyè tout senyè yo.”22

Kounyeya, antanke sèvitè otorize Sovè a, mwen ta renmen envoke yon benediksyon sou nou chak, frè ak sè byennenme m yo. Se pou noumenm ak fanmi nou beni avèk lapè, avèk yon ogmantasyon nN kapasite nou pou nou tande vwa Senyè a, ak resevwa revelasyon avèk yon kapasite ogmante pou nou santi kijan Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan renmen nou, kijan Yo sousye pou nou, epi Yo pare pou gide tout moun k ap chèche Yo. M ap mete pawòl mwen sou pawòl Mowoni yo pou m “kòmande nou pou nou chèche Jezi sa a ke pwofèt ak apot yo te pale a, pou lagras Bondye, Papa a, ak Senyè a, Jezikri, ak Sentespri a , … kapab avèk nou epi pou l rete avèk nou pou tout tan.”23 Konsènan sa mwen priye, nan non Jezikri, amèn.

Enprime