Devosyon Nwèl
Don Ki Mwen Evidan Yo


Don Ki Mwen Evidan Yo

Devosyon Nwèl 2021 Premye Prezidans lan

Dimanch, 5 Desanm 2021

Entwodiksyon

Lè m te jèn, pi gwo evènman Nwèl lakay mwen sete lè granmè ak granpè Lundgren te konn vin vizite nou. Chak ane yo te konn pran yon wout ki long nan ansyen machin yo a pou yo te ka vin vizite nou. Nou te renmen granparan nou yo, epi nou te renmen krèp Swedwa Granmè nou te kon prepare yo—ki te fèt avèk krèm frèch li te konn achte nan men machann nan lokalite kote l te abite a. Li te kon pase anpil tan kanpe devan dife a, ap prepare krèp yo jiskaske vant nou te plen epi nou pa t ka manje ankò. Jodia, de jenerasyon timoun anplis ap grandi pandan y ap fè festen avèk krèp Swedwa sa yo. Epi chak fwa n ap prepare yo, nou sonje Grandmè Lundgren ansanm ak kado lanmou l lan.

Pi bon kado yo se kado tan nou ak talan nou. Mwen kwè kado sa yo se kado sakre yo ye.

Kado

Sezon sa a se yon sezon kote moun ap tann kado. Men aswè a, annou pran yon ti poz pou nou konsidere kado nou resevwa deja ak—kiyès ki ba nou yo epi poukisa.

Bondye bay nou chak kado. Ou gendwa pa santi w gen don patikilye, men ou gen don espirityèl Bondye ba ou pou w ka beni lòt moun epi pou w ka pwoche plis bò kote Li 1

Ki don Bondye ba ou?

Franchman, mwen pa t janm konn santi m kòm yon moun ki gen don. Mwen pa tèlman konn chante, ni danse, mwen pa yon atlèt, ni yon atis, mwen pa fò nan matematik, ni … ni … oswa … mwen se jis yon moun trè … òdinè.

Gen de fwa mwen gade gwo don lòt moun genyen epi sa fè m santi m tou piti. Men m ap aprann kijan konparezon sa yo pa itil epi yo menm destriktè. Pi enpòtan ankò, mwen vin wè pouvwa sakre ki genyen nan “don ki mwen evidan” Bondye bay yo epi mwen rejwi m nan yo kòm prèv lanmou Bondye ak konfyans Li nan mwen.

Èldè Marvin J. Ashton te anseye kijan don espirityèl Bondye yo enkli “don mwen aparan” yo, tankou “don pou mande; don pou koute; don pou tande ak itilize yon ti vwa dous; don pou n ka kriye; don pou evite kontansyon; don pou nou emab; don pou nou evite repetisyon initil; don pou n chèche sa ki jis; don pou n pa pote jijman; don pou n gade vè Bondye pou gidans; don pou n se yon disip; don pou n sousye pou lòt; don pou n kapab medite; don pou n ka ofri priyè.” 2

Èske sa ede w wè don w yo nan yon nouvo pèspektif? Sa ede m.

Don diskrè sa yo fè osi efikas pou edifye pitit Bondye yo ke lòt don nou rekonèt epi selebre pi souvan yo 3 —don diskrè ki ede nou akonpli objektif ki pi enpòtan nan lavi nou yo. Men, malerezman, gen de fwa nou toufe don nou yo epi nou evite apresye oubyen pataje yo, paske nou pè pou yo pa osi poli, osi pafè, oubyen osi bèl ke jan nou ta renmen an.

Lè nou pa apresye don mwen evidan sa yo, nou rate chans pou nou edifye pitit Bondye yo, epi nou rate chans pou nou santi lanmou Bondye. 4

Jwe Chante Don w Yo.

Kite m montre w yon lòt kado—yon kado Granpè Lundgren te bay. Granpa m te toujou anvi jwe vyolon. Sepandan,vyolon sa a pa t janm itilize epi li te ret chita plen pousyè sou etajè lakay li, li , pandan dèzane—mizik nan kòd vyolon sa yo te rete an silans.

An nou konpare sa avèk vyolon pitit pitit fi m nan, Scarlett, ki gen sizan. Li gen yon don pou l pataje avèk nou aswè a.

[Scarlett ki ap jwe vyolon]

Mèsi, Scarlett. Sa te bèl! Mwen renmen w.

Don Bondyen bay nou yo la pou nou pataje. Vyolon Scarlett la pa chè, epi yon zòrèy ki antrene kapab tande defo nan enstriman an oubyen nan teknik li, men paske l te mete kè l nan mizik li t ap jwe a, Scarlett ba nou yon kado epi li te pote lajwa.

Pa kite don Bondye ba ou yo, menm sa ki mwen evidan yo, rete gaspiye oubyen rete san apresye. Retire don L ba ou yo sou etajè a. Si w kache yo paske w timid oubyen ou manke konfyans nan tèt ou, souke pousyè a epi eseye. Ofri yo bay Bondye ak pitit Li yo. Don nou resevwa nan men Papa nou ki nan syèl la, yo la pou nou itilize yo ak pataje yo. Tout don nou resevwa nan men Bondye, kèlkeswa enpèfeksyon yo, ka pote lajwa epi, lè nou ofri yo ba Li, yo se yon kantik louwanj.

Pran don w genyen pou koute avèk lanmou an epi al vizite yon zanmi ki solitè. Èske w gen don pou w evite kontansyon ak pou w agreyab? Pa t janm te gen yon tan kote nou bezwen don sa a pi plis pase kounyea. Ofri fanmi w, zanmi w, ak vwazen w don sa yo. Di yon etranje ke w renmen l, epi envite l vin chita sou tab lakay ou. Ansenye yon leson enspire. Ekri yon mo janti. Rasanble lòt moun epi itilize don w pou lonje lamen pou bati Siyon an ak pou edifye moun ki bò kote w. Bondye bezwen tout kalite moun. Li bay tout don pou nou ka edifye pitit Li yo. Pa kite mizik ki andedan w lan fini san w pa chante l, ni akolad ou rete san pataje, ni padon w rete san ofri l.

Resevwa Kado Li

Pandan sezon Nwèl 1832 a, premye Sen yo t ap lite anba pwoblèm sivil ak politik. Pwofèt Joseph te fèk pwofetize sou yon gè sivil. 5 Se pa yon nouvèl ki trè rejwisan.

Men, nan 27 Desanm, Joseph te resevwa yon lòt revelasyon—yon “mesaj lapè” nan men Senyè a. 6 Nan moman difisil sa yo, Senyè a te raple Joseph don Li te bay Sen L yo—pi enpòtan, don Sovè nou Jezikri a ak espwa pou lavi etènèl avèk yon Papa ki nan Syèl la ki renmen nou.

Fason pou yo te rejwi nan sezon Nwèl sa a sete pou yo te wè epi resevwa kado Bondye yo; toudabò e anvan tout, “kado enkonparab” 7 yon Sovè a. Sa se vre pou sezon Nwèl sa a tou.

Nan revelasyon Joseph te resevwa a, Senyè a te poze l kesyon sa a:

“Paske kisa sa ki itil yon moun si yo te ba li yon don, epi li pa resevwa don an? Gade, li pa rejwi l nan bagay yo te ba li a, ni tou moun ki te ba l don an pa rejwi tou.” 8

Konklizyon

Mwen espere nou tout ka ak resevwa tout don Bondye ba nou—men espeysalman mwen espere nou chak ka rejwi nou nan Bondye, ki bay tout don yo.

Mwen rekonesan pou kado enkonparab pitit Li a—yon Pitit ki te vini sou tè a tankou yon tibebe, vlope nan men yon jèn manman epi kouche nan yon krèch. Yon tibebe ki te aprann liy apre liy epi ki te grandi lagras apre lagras jiskaske li te bay lavi l kòm ofrand pou peche pa m. Pou peche pa w. Pou peche tout moun ki te janm viv sou tè a ak pou tout moun ki ap janm viv sou tè a.

Nou chante pawòl sa yo ki nan yon kantik byeneme:

“Oh, quel bonheur! Jésus viendra! La terre attend son Roi!” 9

Jezikri deja bay kado a, men a ki pri! Kesyon an se, èske nou ap resevwa Li? èske nou ap kite L rantre epi kite L dirije? Kijan?

Mwen temwaye ke lè nou resevwa Wa nou an ansanm ak kado L yo, sa ap pote gran lajwa—lajwa pou mond la ak lajwa nan mond la.

“Ann di Bondye mèsi pou kado ki pa gen parèy sa a” 10 don pitit Gason l lan, nan non sakre Jezikri, amèn.

Enprime