Devosyon Nwèl
Benediksyon pou patizan lapè yo


Benediksyon pou patizan lapè yo

Devosyon Nwèl 2021 Premye Prezidans lan

Dimanch 5 Desanm, 2021

Yon fwa ankò, Premye Prezidans byenneme nou an envite nou pou nou reyini ansanm pandan n ap kòmanse selebrasyon Nwèl nou an. Byenke tradisyon ak koutim nou atravè nasyon yo varye, nou tout rekonesan ak beni pou nou ini nou—pou n adore Sovè nou an, Jezikri, ansanm, epi selebre nesans Li ki te rive sa gen plis pase de mil ane a.

Youn nan tradisyon prefere nan fwaye fanmi Bassett, tankou nan anpil nan fwaye pa nou yo, se jwe wòl sou istwa nativite a. Pou nou, lè nou li resi Ezayi, Lik, Matye, Nefi, ak Mòmon yo, akonpaye pa kantik Nwèl epi anime pa yon prezantasyon vivan sou Mari, Josèf ak ti bebe Jezi a, sa enspiran ak spirityèl—men, pa tout tan.

Paregzanp, yon lavèy Nwèl, twoupo mouton ki te fòme pa timoun piti nou yo te transfòme pou vin tounen yon koral tibebe ki t ap kriye. Rèl yo te rapidman simaye al jwenn bèje yo ak zanj yo e menm rive jwenn ti bebe ki te vlope nan dra a. Ane apre a, nou pa t gen twoupo. Pèsonn pa t pran chans jwe wòl mouton an, paske nou te pè pou, nan yon fason oswa yon lòt, sa pa t lakoz kriye efreyan e plen kalamite. Yon lòt ane, baton bèje yo te tounen epe limen, epi yon lòt ane ankò, okenn moun pa t dispoze pou yo te wa maj oubyen yon zanj, men, olyesa, yo te mete kostim dinozò ak dofen yo te mete pou Halloween yo. Men petèt, sèn ki te pi memorab la sete lè tibebe ki te fèt nou an te tonbe soti nan etab ki te trè wo ak trè enstab li a, epi l t ap plonje desann ale sou atè an wòch la, epi nou te kouri plonje al prann a sèlman kèk santimèt de atè a. M ap bay tèt mwen merit pou plonje sa a, malgre ke chit la sete totalman erè pa m ki te lakoz li.

Douce nuit! (Yon lannuit dous!)! Tout est bien? (Tout bagay kalm?) Petèt nou te dwe rele nativite nou yo “Dezas nan yon etab.” M dwe admèt ke pandan Nwèl ap apwoche, m souvan apmande tèt mwen si petèt nou pa ta dwe eseye yon tradisyon Nwèl ki reyèlman envite lapè?

Lapè—santiman dousè ak esperans sa a ke nou tout anvi a, non sèlman pandan Nwèl, men, tout tan an. Sepandan, atravè tout mond lan jodia, sanble lapè vin pi difisil pou moun jwenn. Pandan m ap etidye Doktrin ak Alyans la ane sa a, m te reli yon revelasyon ki dekri epòk nou an:

“Epi, nan jou sa a … tout tè a pral nan gwo boulvès, epi kè lèzòm pral kite yo.” 1

Nan sityasyon boulvès sou tè a jodia, ki kote nou ka jwenn pi gwo lapè tout moun vle a?

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

Levanjil Jezikri a se egzakteman sa nou bezwen nan mond plen konfizyon, kontwovès, ki fatigan sa a.

Chak pitit Bondye merite gen opòtinite pou l tande ak aksepte mesaj gerizon ak redanmtè Jezikri a. Okenn lòt mesaj pa pi enpòtan pou bonè nou pase li—kounyea epi pou tout tan. 2

Mesaj Retablisman an se Mesaj Nwèl la. Limyè etwal ki te gide bèje yo al nan etab ti bebe a paralèl avèk kolòn limyè ki te desann gradyèlman jiskaske l te repoze sou Joseph la—toude te fèt anvan yon bòn nouvèl ki te pote anpil lajwa ki anonse Kris la nan mond lan.

Mesaj Ezayi pou mond twouble nou an rete menm nan: “Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt, Bondye ba nou yon gason: se limenm ki pral chèf nou: epi ya rele l Mèveye, Konseye, Bondye Toupuisan an, Papa etènèl La, Prens Lapè a.” 3

Elder Quentin L. Cook te anseye, “Yonn nan tit Senyè ak Sovè nou an, Jezikri genyen, se se ‘Prens Lapè‘ [Ezayi 9:6]. … Wayòm Li a pral etabli epi l ap ranpli lapè ak lanmou. 4

Pandan n ap li pawòl ki nan Lik yo ane sa a, mwen espere pou nou ta konsidere pawòl “miltitid zanj nan syèl yo ki te louwe Bondye,” lè yo te di, “Glwa pou Bondye ki anlè nèt la, ak lapè sou latè a, bòn volonte pami lèzòm.” 5 Mwen medite sou pawòI sa yo epi m panse ke sa ta petèt apwopriye pou nou ta konsidere sa kòm yon deklarasyon ke “Gen lapè sou tè a kounyea.” Yo ta ka di byen fò “Lapè Vini!” Paske, literalman, nan jou swa sa a nan enb etab la, “Prens Lapè a” te vin sou tè a.

Nan premye jou Nwèl sa a sete zanj anonsyatè yo ki te deklare ke lapè te vini. Anvan yo, Jakòb te deklare, “Nou te konnen konsènan Kris la, e nou te gen espwa nan laglwa li anpil santèn ane anvan aparisyon l; e se pa sèlman nou te gen yon espwa nan laglwa l pou tèt pa nou, men tou, tout pwofèt ki sen yo ki te la anvan nou yo.” 6

Ankò, Ezayi te pwofetize, kounyea, sou epòk nou an, jan l te ekri a, “Pye moun oubyen [moun yo] ki pote bòn nouvèl avèk anpil lajwa sou mòn yo, ki pibliye lapè yo bèl anpil.” 7

Konsa, kiyès ki se bèl moun sa yo ki pibliye lapè a? Sovè a te deklare disip Li yo ni nan Galile ak nan peyi Bountiful la ke “patizan lapè yo ap beni: paske yo pral rele pitit Bondye.” 8

Anplis, Wa Benjamen te anseye, “Epi kounyeya, poutèt alyans nou te fè a, yo ap rele nou pitit Kris la, pitit gason ak pitit fi l; paske gade, jodi a li te ba nou nesans espirityèlman; paske nou di konsa kè nou chanje pa mwayen lafwa nan non l; se poutèt sa li te ba nou nesans e nou vin tounen pitit gason ak pitit fi l.” 9

Oumenm avèk mwen se pitit alyans Jezikri yo, nou chak se pitit Li. Sonje, Li te deklare ke yo pral rele patizan lapè yo pitit Bondye. Sepoutèt sa, noumenm—pitit Bondye yo—nou dwepatizan lapè. Sa se devwa alyans nou. Oumenm avèk mwen, nou fè yon diferans nan mond twouble jodia lè nou eseye vin patizan lapè—lakay nou, nan kongregasyon nou yo, nan kominote nou, menm atravè mond la, atravè jantiyès nou, bon zèv nou, ak bon pawòl nou—fasafas osi byen ke a distans. An nou fidèlman “pibliye lapè” pandan n ap temwanye de Li, nan pawòl ak aksyon.

Ankò, nou li nan Lik:

“Epi sete konsa, pandan zanj yo te soti devan yo, monte nan syèl la, bèje yo te di yonn lòt, an nou ale nan Betleyèm, pou nou wè bagay ki pral fèt la, bagay Senyè a te fè nou konnen an.

“Epi yo te vini byen vit, epi yo te wè Mari ak Jozèf, ak tibebe a kounche nan etab la.

“Epi lè yo te wè sa, yo te gaye nouvèl la bagay yo te di yo a konsènan timoun sa a.” 10

Konsa tou, “an nou ale kounyea” epi “annou simaye” mesaj lapè a “konsènan timoun sa a.” Se mesaj sa a misyonè yo anseye byenneme nou yo ak zanmi nou yo: se mesaj vivan sa a misyonè sèvis yo pataje pandan y ap sèvi tankou Sovè a ta fè. Se mesaj sa a nou deklare pandan n ap renmen, pataje, ak envite moun ki bò kote nou pou yo pataje nan esperans ak lapè nou jwenn nan bòn nouvèl Jezikri a.

Konsa, pou retounen nan sèn nativite fanmi Bassett la ke nou eseye jwe andezòd chak sezon Nwèl la—poukisa nou ensiste pou nou kenbe tradisyon sa a, epi ankouraje pitit ak pitit pitit nou yo pou yo rekreye bèl nuit pase tout lòt nuit sa pou nou, kote zanj yo te vini avèk bòn nouvèl ki pote anpil lajwa a?

Repons la senp e mèveye: “Nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, epi nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.” 11

Wi, nou wè ke tout tè a nan boulvès epi kè lèzòm febli. Men, malgre difikilte yo, anfas lopozisyon, epi nan mitan boulvès la, annou pèsevere nan pibliye lapè, pou sezon sa a ak pou tout tan, pandan n ap prepare tèt nou ak tout moun bò kote nou pou gran retou Prens Lapè a, Senyè, Sovè, ak Redanmtè a, Jezikri. Pou repete pawòl Prezidan Nelson yo, “Chak pitit Bondye merite gen opòtinite pou l tande ak aksepte mesaj gerizon ak redanmtè Jezikri a.

Ke nou se moun k ap pibliye lapè pandan n ap selebre nesans, lavi, ak misyon Sovè nou an pandan sezon Nwèl sa a epi pou tout tan, se priyè m, nan non Jezikri, amèn.

Enprime