Devosyon Nwèl
Lespri Nwèl la


Lespri Nwèl la

Devosyon Nwèl Premyè Prezidans lan

Dimanch, 5 Desanm, 2021

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m avèk nou nan reyinyon Devosyon Nwèl mondyal sa a. Bèl mizik ak pawòl yo te touche kè nou. Yo te pote vrè lespri Nwèl la, ki se lajwa ki soti nan adore ak renmen Senyè a, Jezikri. Nou lye ansanm nan lanmou nou ak devosyon nou pou Li.

Santiman adorasyon sa a grandi chak fwa m li ekriti ki ede m konnen kimoun Li te ye ak kimoun Li ye. Gras avèk lekti m ekriti yo ak priye, mwen vin konnen ke Jezi se te Jewova, ki, sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la, te Kreyatè tout bagay. Pòl dekri l fason sa a:

“Bondye ki, otrefwa ak nan divès fason, te pale nan tan lontan an avèk zansèt yo atravè pwofèt yo,

“Li pale avèk nou nan dènye jou sa yo palentèmedyè Pitit Gason L lan, ke Li te etabli kòm eritye tout bagay, e atravè Limenm tou li te fè mond lan;

“Limenm ki, kòm reflè laglwa Li, ak ekspresyon imaj pèsòn Li, epi k ap soutni tout bagay pa pawòl puisans Li, lè Limenm poukont li te pirifye peche nou yo, Li chita adwat Majeste a anwo a;

“Li vin siperyè lontan pase zanj yo, paske li resevwa pa eritaj yon non pi ekselan pase yo.

“Paske kiyès nan zanj yo Bondye janm di, Ou se Pitit Gason mwen, jodia mwen fè ou? Epi ankò, M ap yon Papa pou Li, epi L ap yon Pitit Gason pou Mwen?

“Epi ankò, lè L t ap entwodui premye pitit la nan mond lan, Li te di, Se pou tout zanj Bondye yo adore Li.” 1

Jou nesans Jezi nan Bètleyèm nan, zanj yo te chante epi yon nouvo etwal te parèt nan syèl la, ki t ap onore antre Pitit Gason Bondye an nan lavi mòtèl la.

Li anlè nou, men evenman ki te antoure nesans li nan mòtalite a ede nou santi yon santiman ke Li pwòch de nou. Li te chwazi desann soti sou twòn Li adwat Papa a pou L te pran mòtalite sou tèt Li. Li te fè sa pa amou pou chak pitit gason ak pitit fi lespri Papa L yo ki t ap gen pou fèt nan mond lan. Li te fè sa pa amou pou oumenm avèk mwen.

Li te kapab pran nesans nan nenpòt sikonstans. Men Jezi te fèt nan sikonstans enb nan yon ti vilaj. Bèje te akeyi Li. Apresa, kèk Wa Maj te jwenn enspirasyon pou yo te vin adore Li. Dirijan politik epòk la te òdone pou yo te touye Li. Yo te oblije mennen L nan yon peyi etranje pou te prezève lavi Li. Lè yon anj te di paran terès Li yo ke yo te ka retounen nan peyi yo, yo te mennen L Nazarèt. Li te pase prèske 30 an la, li te grandi e L t ap travay kòm chapantye, anvan ministè piblik Li a te kòmanse.

Ou ta ka mande tèt ou, menmjan avèk mwen, poukisa l te nesesè pou yo te voye Pitit Gason pafè Bondye a nan yon misyon konsa. Sonje kijan Li dekri fason L te enbleman aksepte apèl Li a:

“Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m nan.

“E se volonte Papa a ki voye m, li vle pou m pa pèdi anyen nan sa li ban mwen yo, men pou m fè yo leve ankò nan dènye jou a.

“Men volonte Limenm ki voye m nan, se pou tout moun ki wè Pitit Gason an, ki kwè nan li, ka gen lavi ki p ap janm fini an: e Mwen gen pou m fè yo leve nan dènye jou a.” 2

Jezi te montre lanmou Li ak imilite Li. Malgre pozisyon puisans ak majeste Li bò kot Papa L la, Jezi te chwazi moun òdinè kòm disip Li sou tè a, enkli pechè pwason, yon kolèktè taks, ak yon fanatik.

Li te preche epi asosye L avèk moun ki te gen lèp, moun ki te malad, enfim, ak moun yo te meprize. Li te renmen ak aksepte sa k te pi senp yo nan pami yo, malgre L te soti nan lakou wayal anwo a. Li te sèvi yo, Li te renmen yo, e L te leve yo wo.

Bonte plen lanmou Li ak konpòtman remakab Li te ogmante menm nan fen misyon terès Li a. Li te afwonte opozisyon ak rayiman Li te konnen ki t ap fè pati misyon Li te aple pou L te fè a, ke Li te aksepte a. Misyon sa a sete pou L te soufri pou peche ak enfimite tout moun ki vini nan lavi nan mòtalite a.

Ou sonje pawòl Jakòb lè l t ap ansenye konsènan Ekspyasyon Jezikri a:

“O, sentete Bondye nou an gran anpil! Paske li konnen tout bagay e pa gen anyen li pa konnen.

“Epi li vini nan mond lan pou l kapab sove tout moun ki koute vwa l; paske gade, li soufri doulè tout moun, wi doulè tout kreyati vivan, ni gason, ni fi, ak timoun ki fè pati nan fanmi Adan an.

Epi li soufri sa a pou rezirèksyon an kapab vini pou tout moun, pou tout moun kapab kanpe devan l nan gran jou jijman an.” 3

Ti bebe nan krèch Betleyèm nan sete Pitit Gason Bondye, Papa a te voye pou te vin tounen Sovè nou. Li sete Sèl Pitit Gason Literal Papa a nan lachè. Li se Ekzanp nou.

Pou nou ka gen lespri Nwèl la, nou dwe eseye renmen jan L te renmen an. Pawòl Li pou oumenm avèk mwen se “pou youn renmen lòt, jan m te renmen nou an.” 4

Nou ka santi lespri Nwèl la, menm jan m santi li, nan pawòl sa yo. Mwen santi limyè ak optimis ki soti nan enfliyans Sentespri a chak fwa m sonje, medite, epi fè efò pou m imite Sovè mond lan.

Pou mwen, pi bèl souvni an sèke Senyè a kanpe pare pou L ede nou kèlkeswa sa k ap pase nou. Jan Mòmon te anseye:

“Bondye konnen tout bagay depi nan letènite jouk nan letènite, gade, li te voye zanj li yo pou preche pitit lèzòm, pou pale konsènan aparisyon Kris la; e se nan Kris la tout bon bagay pral vini.

“Epi tou, Bondye te deklare pwofèt yo, avèk bouch pa l, Kris la te gen pou l vini.

“Epi gade, te gen anpil fason li te fè pitit lèzòm konnen bagay ki bon; e tout bagay ki bon sòti nan Kris la; san sa, lèzòm t ap tonbe, e yo pa t ap kapab resevwa onkenn bon bagay.

“Se poutèt sa, avèk ministè zanj yo, e avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye, lèzòm te egzèse lafwa nan Kris la; epi konsa, avèk lafwa, yo te aksepte tout bon bagay; e se konsa sa te ye jistan Kris la te vini.

“Epi apre li te vini tou, lèzòm te sove pa lafwa nan non l; e pa lafwa, yo te tounen pitit Bondye. Epi menm jan Kris la vivan toutbon an se konsa li te pale zansèt nou yo pawòl sa yo, li te di: Nenpòt bagay ki bon, nou mande Papa a nan non m, avèk lafwa, si nou kwè n ap resevwa l, gade n ap resevwa l.” 5

Nan Sezon sa a, anpil nan nou ap priye pou nou ka jwenn fòs pou nou andire eprèv k ap teste nou rive nan sa nou gen dwa santi ki se limit nou. Mwen temwaye ke Sovè a ak Papa a tande petisyon nou fè L pou mande L sekou ak pou mande L sa k bon pou nou ak pou moun nou renmen ak sèvi yo.

Repons yo ap vini menmjan yo te vini pou Pwofèt Joseph Smith la. N ap rekonèt priyè Joseph te fè pou èd la kòm priyè pa nou tou. E n ap santi lanmou Senyè a pou Joseph ak pou nou nan repons rekonfòtan L pou priyè detrès Joseph la. Joseph te priye:

“O Bondye, Ki Kote W Ye?” “E kote paviyon ki kouvri kote w kache a?

”Pou konbyen tan men ou ap poze, ak je ou, wi je pi ou a, pou ou gade pandan ou nan syèl etènèl la, mechanste y ap fè pèp ou a ak sèvitè ou yo, epi pou zòrèy ou penetre avèk kriye yo?” 6

Epi Senyè a te reponn jan L te ka reponn oumenm avèk mwen:

“Lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti tan;

Epi apre sa, si ou te sipote l byen, Bondye ap leve ou anlè; w ap triyonfe sou tout ènmi ou yo.

Zanmi ou yo kanpe bò kote ou, epi yo pral louwe ou ankò avèk bon kè epi avèk men amikal.” 7

Mwen konnen pou tèt pa m ke pwomès sa yo asire pou oumenm, pou mwenmenm, ak pou tout moun nou renmen yo. Senyè a te santi lapenn nou yo. Li te chwazi sa pa amou pou nou. Li konn kijan pou L ede nou santi lapè nan advèsite, menm pandan ke tès la ap kontinye. L ap voye zanmi kòm zanj pou vin kanpe bò kote nou “avèk kè plen chalè ak men amikal.” Pwòp kè pa nou ap chanje pou l vin pi bon amezi n ap andire eprèv pèsonèl nou yo atravè lafwa nan Li. 8 Epi, avèk chanjman sa a, n ap vin tounen zanmi Senyè a ka voye kòm zanj pou lòt moun.

Antan ke temwen Li, mwen temwaye ke ti bebe ki te fèt Bètleyèm nan se Jezikri, Pitit Gason Byeneme Bondye an. M pwomèt ke si nou mande Papa nou ki nan Syèl la avèk lafwa nan non Jezikri, Lespri a ap pote santiman lapè pou noumenm ak moun ki pwòch nou.

Mwen eksprime lanmou m pou nou avèk souwè m pou nou gen yon bèl sezon Nwèl—ane sa a ak pou tout tan. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Enprime