Devosyon Nwèl
“Ou Ka Konnen L Tou”


“Ou Ka Konnen L Tou”

Devosyon Nwèl Premyè Prezidans lan

Dimanch, 5 Desanm 2021

Chè frè m ak sè m yo, Nwèl nan fwaye anfans mwen te enfliyanse anpil pa tradisyon peyi dorijin paran mwen. Manman m sete imigran ki te antre Etazini soti nan peyi Suède epi papa m te soti Finlande. 1 Kòm preparasyon pou Nwèl, nou te konn dekore Abdenwèl nou an avèk òneman ki te fèt alamen, epi manman m te konn fè anpil anpil manje ak gato. Selon sa m konnen, li te gen yon lyen parante avèk Lundgren, granmè Sè Craig. Selebrasyon lavèy Nwèl nou yo te konn kòmanse avèk melanj espesyalite tradisyonèl ekstraòdinè manman m konn te prepare yo—boulètvyann; diri olè; ak anpil pen, gato, ak ponnkèt. Festivite lavèy Nwèl yo te konn fini avèk arive Jultomten—Tonton Nwèl—ki te pote kado pou tout timoun yo. Men avan Jultomten te rive, manman m te toujou rasanble frè m yo, sè m yo, avèk mwen pou nou koute papa m k ap li istwa Nwèl la nan Nouvo Testaman an.

Papa m sete yon mesye poze, yon mesye ki pa t konnen anpil ni nan lang manman l ni nan Anglè ke l te aprann nan laj granmoun. Li te toujou onèt epi li pa t janm renmen anpil lwanj. Li pa t janm fantezis, epi li pa t janm nan egzajerasyon. Pou lavèy Nwèl, li te konn li nan Lik 2. Li te konn li istwa vwayaj Joseph ak Marie k aprale Betleyèm nan, aparisyon anj yo devan bèje yo, nesans Jezi, ak Marie k ap medite sou tout sa k te rive yo nan kè li. Men papa m pa t konn kanpe nan vèsè 19la; li toujou kontinye avèk resi Marie ak Joseph k ap pote Jezi tibebe a nan tanp lan nan Jerizalèm pou yo te fè yon ofrann an konfòmite avèk lwa Moyiz la.

Papa m te konn li:

“Epi, se te konsa, te gen yon nonm nan Jerizalèm, ki te rele Simeyon.

“Epi li te jwenn revelasyon atravè Sentespri a, ke li pa t ap mouri pazavan li te wè Kris Senyè a

“Epi Lespri a te mennen li nan tanp lan, epi [Marie ak Joseph] te mennen Jezi tibebe a, …

“Apresa [Simeyon te pran Jezi] nan bra li, epi beni non Bondye, epi li te di,

“Senyè, kounya kite sèvitè ou ale anpè, dapre pawòl ou:

“Paske je m te wè sali ou,

“Ke ou te prepare devan je tout moun.” 2

Rive nan pwen sa a, papa m te toujou kanpe. Apresa li te rann temwayaj li. Toujou nan men m fason brèf la, li te konn deklare, “M gendwa pa gen posiblite pou m kenbe Jezi tibebe a nan bra m, menm m konnen, egzakteman jan Simeyon te konnen an, ke tibebe sa a se Pitit Gason Bondye, Sovè m ak Redanmtè mwen. Li reyèl, epi li vivan.” Apre deklarasyon puisan sa a, li te konn gade nou chak avèk limyè pèsan je ble l yo epi souke tèt li pou l di, “E nou ka konnen sa tou.”

Papa m ak manman m te konnen kiyès tibebe Betleyèm sa a te ye ak kisa Li ta pral grandi pou L te akonpli. Konesans sa a te transfòme yo. Yo te gen dezi non sèlman pou noumenm timoun yo te kwè nan pawòl yo 3 men pou nou te vin konnen pou tèr pa nou pou sa te ka vin transfòme nou tou. Motive pa temwayaj paran m yo, mwen te anbake sou wout alyans lan avèk yon dezi pou m “konnen sa tou.”

Lè m te gen 11 zan, fanmi nou t ap viv nan Göteborg, nan Suède. Prezidan misyon an te envite tout jèn yo pou yo te li Liv Mòmon an. Teknikman mwen pa t enkli nan envitasyon an, men frè m nan sete yon dyak nan moman an, epi li te aksepte defi a. M te toujou anvi tankou frè m nan ak fè sa l te konn fè, donk m te patisipe. Paran m te bay nou chak timoun yo pwòp liv ekriti pa nou, epi m te kòmanse li chak swa.

Kèk mwa apre, Prezidan Gosta Malm, yon konseye nan prezidans misyon an, papa Elder Per G. Malm, ansyen Otorite Jeneral, 4 te ankouraje jèn yo ki t ap li Liv Mòmon an pou yo te mande Bondye si l se verite. M te deside m t ap fè sa tou. Jou swa sa a, mwen te rete tann jiskaske dòmi te pran frè m nan. M te desann kabann nan, m te mete m ajenou sou planche frèt la, epi m te kòmanse priye. Lamenm m te santi tankou yon moun t ap di m, “Sa gen anpil tan depi m ap di w ke li vrè.” Epi avèk sa, yon lapè endeskriptib te anvayi m. M te vin konnen pou tèt pa m pa pouvwa Sentespri a ke Liv Mòmon an vrè. 5

Selon jan yon pwomèt nan Entwodiksyon Liv Mòmon an, mwen menm tou “[te vin] konnen pa [pouvwa Sentespri a] ke Jezikri se Sovè mond lan, ke Joseph Smith se revelatè Li ak pwofèt Li nan dènye jou sa yo, epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Senyè a ki etabli yon lòt fww ankò sou tè a, an preparasyon pou Dezyèm Vini Mesi a.” 6 Konesans sa a, konbine avèk temwayaj annapre yo, te transfòme m, jan l te fè pou paran m yo.

Konesans sa a—ke Jezikri se Pitit Gason Bondye a epi yo te krisifye L pou peche mond lan—se yon kado espirityèl. 7 Kado sa a pa mare avèk yon ofis patikilye nan prètriz la ni a yon sèks an patikilye, okontrè, li disponib pou tout moun ki kalifye pou li. Yo pa mande nou pou n pote kado lò, lansan, ak lamyr bay Sovè a pou nou ka kalifye pou bèl kado espirityèl sa a. Yo mande n pou nou bay noumenm. 8 Amalèk, pwofèt Liv Mòmon an, te sipliye moun yo, li te di, “Epi kounyeya … m vle pou nou ta vin jwenn Kris la, ki se Sen Izrayèl la, pou nou patisipe nan sali l ap bay la, ak pouvwa redanmsyon li a. Wi, vin jwenn li, e ofri tout nanm nou kòm yon ofrann ba li … ; e menm jan Senyè a vivan, l ap sove nou.” 9

Pandan m t ap vin pi gran, m te wè paran m te renmen ak sèvi lòt moun. M te wè yo kenbe alyans yo te fè avèk Bondye yo. M te wè yo akonpli vizit ansèymnan nan fwaye yo avèk dilijans, nan efò pou sèvi moun yo t ap sèvi yo. M te wè yo patisipe nan òdonans tanp epi aksepte apèl nan Legliz la. Epi chak ane, lavèy Nwèl, papa m te konn temwaye avèk Simeyon de Sovè a, Jezikri. Ane te pase, epi papa m te lanse envitasyon l pou “konnen sa tou” a bay bofis ak bèlfi avèk pititpitit.

Dè dizèn ane apre eksperyans anfans mwen an avèk Liv Mòmon an, yo te aple m kòm yon Swasanndis Otorite Jeneral epi yo te chwazi m pou m te pale nan konferans jeneral Oktòb la. Sè m yo te asire yo ke papa m, ki te gen 92 zan lè sa a, te ka gade konferans la—espesyalman diskou m nan. Apre konferans jeneral la m te ale lakay li. M te mande, “Papi, èske w te gade konferans la?” Li te reponn, “Ja.” [Wi] M te mande, “èske w te tande m pale?” Li te reponn, “Ja.” Avèk yon ti iritasyon, m te di, “Bon, papa, kisa w te panse?” Li te reponn, “O, sa te anfòm. M te preske fyè.”

Apre yon bon moman li te di, “Dale, m gen yon bagay m bezwen di w.” Lè sa a m te reyalize ke, pandan m t ap chèche jwenn yon konpliman an, papa m limenm te preyokipe pa yon bagay ki te pi enpòtan pase konplimante mwen. Li te kontinye, “Yèswa m te fè yon rèv. M te wè m mouri, epi m te wè Sovè a. Li te pran m nan bra Li epi L te di m peche m yo te padone. Epi m te santi m byen anpil.” Se sa sèlman li te di awotvwa. Men ekspresyon sou vizaj li te pale fò; li te konnen Jezikri. Li te konnen ke tibebe Betleyèm nan, ki “t ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t ap aji yon jan ki fè ni Bondye ni lèzòm” 10 nan, sete pou sove li, ke Pitit Gason Bondye a te grandi epi Li te ekspye pou peche l yo. Epi papa m te konnen sa lontan avan rèv sa a. Rèv la sete senpleman yon mizerikòd plen tandrès—yon kado—yon Pè Selès eman te ofri yon gason aje, ki te mouri de mwa apresa. Nan tout kado Nwèl m te jan konn resevwa yo, mwen plis cheri kado temwayaj ak lafwa papa m ak manman te banou kòm egzanp la.

Pou Nwèl sa a, mande Pè Selès la pou ba nou kado espirityèl pou n konnen reyalite vivan Sovè mond lan. Sezon Nwèl la se yon moman tou natirèl ak bèl pou etidye lavi Li e fè efò pou nou imite karaktè ak kalite L yo. Si w fè sa, w ap ka konnen ke Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a, epi Li te ekspye pou peche w yo. Konesans sa a pi bon e li dire pi lontan pase nenpòt lòt kado Jultomten ap janm ka pote pou ou, paske li ka transfòme ou. W ap aprann ke Sovè a renmen retabli sa w pa kapab retabli, geri blesi ou pa ka geri, fikse sa ki kraze definitivman, pote konpansasyon pou tout enjistis ou te sibi, epi repare kè ki brize ajamè.

Menmjan ak papa terès mwen an, m konnen ke m p ap gen posiblite pou m kenbe Jezi tibebe a nan bra m, men m konnen, menmjan Simeyon te konnen an, ke tibebe sa a sete Pitit Gason Bondye, Sovè m ak Sovè w, Redanmtè m ak Redanmtè ou. Li reyèl, epi li vivan.” “Ou Ka Konnen L Tou” Nan non Jezikri, amèn.

Enprime