Devosyon Nwèl
Kite Latè resevwa Wa Li a


Kite Latè resevwa Wa Li a

Devosyon Nwèl 2022 Premye Prezidans lan

Dimanch 4 Desanm 2022

Ovri Kè Nou pou Resevwa

Lapè ak chalè mizik enspire yo ranpli nanm nou.

Jwaye Nowèl!

Sete Desanm 1943, epi mond lan te plonje nan Dezyèm Gè Mondyal la. Tout moun te enkyete pou fanmi yo ki te byen lwen yo, epi te preyokipasyon lakay yo te agrave akoz rate lajan ak manje. Avèk resous familyal ke yo te oblije ap byen siveye, sa te etonan pou papa m, Harold Hillam, ki te yon tigason nevan lè sa a, pou l te resevwa yon kado Nwèl mirakile—yon tren. Se pa t nenpòt ansyen tren; tren sa a te deplase sou ray yo poukont li. Ou pa t bezwen pouse li. Sa te sanble l enposib pou yon kado mèveye konsa te reyèl. O, ala Harold te renmen tren sa a.

Kèk ane apre, pandan Nwèl t ap apwoche, mond lan te kòmanse ap sòti anba lagè a. Men, kondisyon ekonomik nan St. Anthony, Idaho, yo pa t amelyore, epi pou fanmi papa m, sa te vin pi mal. Papa Harold te malad grav, li te prèske pèdi lavi li. Pa ta pral gen okenn kado pou okenn moun—enkli Harold ak ti frè l la, Arnold.

Kèk jou anvan Nwèl la, papa Harold te vin kote l epi li te mande l tou dousman, “Harold, èske w ta dispoze pou w bay Arnold tren w lan pou l ka gen yon kado Nwèl ane sa a?”

Èske l te byen tande sa papa l te di a? Tren li te renmen anpil la? Sete yon demann ki te pi difisil pase tout lòt demann.

Jou maten Nwèl la te rive, epi Arnold te pouse kri lajwa lè l te resevwa yon tren menmjan ak pa Harold la.

Men byen vit, Arnold te remake ke Harold pa t jwe avèk tren pa l la ankò. Alafen, Arnold te vin reyalize ke kado ki te presye pou li sa a pa t “sèlman sanble” avèk tren Harold la—men se te tren Harold la! Lè Arnold te konprann enpòtans ki te dèyè kado a, tren sa a te vin gen pi gwo valè pou li.

Pou mwen, istwa fanmi sa a an limenm se yon kado--e se pa paske li raple m papa byeneme mwen ak frè l li te adore a. Menm pi enpotan toujou, li raple m sakrifis—sakrifis ak lanmou Pitit Gason Byeneme Bondye a—ke n ap selebre nesans Li a.

Li sete epi Li se premye kado Nwèl nou pou tout tan an. Mwen temwaye konsènan verite sa a: Li te fèt, Li te viv epi L te mouri pou nou, epi Li vivan—toujou!

Ala yon benediksyon pou nou se moun ki resevwa bon kado sa a. Nan pawòl yon chan Nwèl prefere mwen: “Oh, quel bonheur! Jesus viendra; La terre attend son Roi!”1

Èlder Neal A. Maxwell te anseye: “Etandone tout sa Bondye ba nou, nou ta dwe bon sifizamman nan resevwa, men, nou pa bon nan sa. Noumenm ki konsidere tèt nou kòm moun ki ase otonòm ak endepandan yo, nou souvan twouve ke resevwa se yon bagay ki anbarasan, ki menm difisil. …

“[Men] kado Bondye yo, kontrèman a kado pou yon sezon yo, yo etènèl, yo pap janm peri, yo se yon Nwèl k ap kontinye, ki pa janm fini!”2

Konsa, kòman pou nou byen resevwa yon kado siblim konsa? Kòman pou nou kotidyènman chwazi kado Sovè nou an, amou Li, ak Sakrifis enfini Li a?

Annou fè yon ti bliye vit byen dekore yo ak sirèt tout koulè yo, epi annou tire leson nan wòl enb ak semèl sandal premye moun yo ki te resevwa Kris la.

Annou Resevwa Sentete Li

Pandan nesans Sovè a t ap apwoche, Mari ak Jozèf te fè tout sa yo te kapab nan ajitasyon pakèt moun nan Betleyèm yo, men, otèl yo te chaje. Èske pèsonn pa t gen plas pou yo? Èske pa t gen pèsonn pou te ba yo repo? Mari te konnen kado li t ap pote a, men, pèsonn pa t gen plas pou yo te resevwa kado a, pou yo te resevwa Li.

Nou pa ka reyèlman konn kisa Mari ak Jozèf te santi nan pwen sa a, men, m toujou imajine yomenm k ap mache an avan avèk yon fòs ak yon konfyans trankil. Apre yo te fin resevwa envitasyon zanj la pou yo “pa pè”3 a epi kounyea, yo t ap prepare pou nesans Jezi a, yo te vin kapab abandone espwa pou yo te jwenn yon lojman konfòtab la epi yo te aksepte yon ti etab trankil e enb. Sa ki te sanble avèk yon sityasyon sonb lan pa t apral rete konsa. Senyè a ta pral byenvit ranpli vid sa a avèk sentete.

Jan Lik 2:7 te di a, “Epi Mari te fè premye pitit gason li a, yon tigason, epi li te vlope l nan kouchèt, epi l te mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje; paske pat gen plas pou yo nan otèl la.”

Sovè nou an, kado glorye lavi sa a, esperans, ak pwomès sa a—te vini sou tè a.

Èske nou ka prepare plas nan kè nou pou resevwa L epi pèmèt sentete Li ranpli plas vid nou yo? Tankou Mari ak Jozèf, èske n ap gen kouraj pou nou fè L konfyans menm nan mitan sikonstans ki pafwa akablan yo? Gidans—menm mirak—ki vini nan lavi nou yo, se pwobableman p ap nan ajitasyon ak animasyon an, ni sou sèn oubyen nan estad yo, men nan andwa trankil kote nou viv ak travay—kote nou ale pou nou jwenn èd yo. Kèlkeswa kote bezwen enb nou yo prezante, nou kapab epi n ap resevwa repons pou priyè nou chichote yo.

Resevwa Envitasyon L pou Aji a

Èske sa pa mèveye ke kèk nan premye moun ki te resevwa Mouton Bondye a sete bèje yo?

Lannuit te kouvri tè a lè bèje etone yo te rasanble anba yon reyon limyè briyan pandan syèl la ak tè a te mete ansanm nan evènman transandan nesans Sovè a.

“Epi zanj lan te di yo, … M pote ban nou, bòn nouvèI ki pote lajwa. …

“Paske jodi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fèk fèt, ki se Kris la, Senyè a.”4

Nou renmen lefèt ke bèje devwe sa yo pa t pran delè pou yo te resevwa L la, men, yo te prese al rankontre Wa yo a. Nan men yo, nou aprann ke resevwa se yon mo aksyon. Lik di nou ke bèje yo “te vini vit, epi yo te jwenn … tibebe a kouche nan yon etab.”5

Sa posib ke, anpil fwa, nou gen dwa pa resevwa ti enpresyon Senyè a petèt ba nou yo paske yo pa tonbe pafètman nan kalandriye nou, nan plan nou, oswa nan ajanda nou. Istwa Nwèl la raple nou pou nou tankou bèje devwe sa yo ki pa t pran delè pou yo te fè sa k te bezwen fèt pou yo te ka resevwa Wa yo a.

Kounyea, èske nou remake ke Lik glise nan istwa Nwèl li a yon bèl enspirasyon ki di ke resevwa Li se pataje Li, epi li eksplike, “Lè yo te wè [Jezi],yo te fè moun deyò konnen pawòl yo te di yo konsènan pitit sa a”?6 Bèje sa yo te resevwa mesaj sa a soti nan syèl la, yo te kouri ale, epi imedyatman epi nan apre yo te vin tounen mesaje syèl la, ki tap pwoklame “lajwa pou mond lan,” epi envite tout moun pou yo “resevwa Wa [yo] a!”7

Resevwa avèk yon Lafwa Dirab

Kounyea annou pote atansyon nou sou Wa Maj yo. Wa Maj yo kanpe nan pami moun ki t ap pi plis chèche Jezikri yo. Yo te pase lavi yo ap veye avèk dilijans pou yo te wè manifestasyon selès la, epi lè l te vini, yo te kite konfò fwaye yo, djòb yo, fanmi, ak zanmi pou yo te suiv etwal la epi jwenn Wa yo a.

Kontrèman a vwayaj bèje yo’, vwayaj wa maj yo sete yon vwayaj kontinyèl ki te pran anpil tan. Yo te oblije chèche, mande, ak ret tann ak mache, epi refè sa ankò, jiskaske yo te finalman rive wè tibebe a avèk Mari, manman Li. Yo te ofri kado ki te presye anpil epi yo te pwostène epi yo te adore Li.8

Mwen souvan mande tèt mwen: Lè n ap resevwa Kris la, èske nou chèche L avèk dilijans epi apresa nou aksepte pou L dirije vwayaj nou al andwa nou pa konnen ak al jwenn moun nou pa konnen? Èske nou ka eksprime gratitid nou atravè kado ak adorasyon nou ofri yo?

Moun ki Resevwa L yo Beni

Donk, men li—gran istwa Nwèl la.

Zanmi byeneme m yo, benediksyon pou moun ki resevwa L yo. Osi bèl ke kado tren papa m te resevwa a ak bèl kado tan ak trezò fanmi toupatou ap bay yo, yo pa vledi anyen an konparezon avèk resevwa vrè kado Nwèl la—ki se Jezikri.

“Paske kisa sa itil yon moun si yo te ba li yon kado, epi li pa resevwa kado a?”9

Leson vital ki pi enpòtan li te aprann nan sete sa a: “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”10

Mwen renmen pwomès ki di ke kèlkeswa moun ki vrèman resevwa kado Kris la te bay nan nuit sakre sa a, y ap gen lavi etènèl.

Konsa, nou wè ke atravè efò chak jou nou pou nou pi totalman resevwa Kris la, n ap vin jan pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson envite nou pou nou ye a: yon pèp ki kapab, ki pare, epi ki diy pou resevwa Senyè a lè L vini ankò, yon pèp ki deja chwazi Jezikri.”11

O, ala sa gloriye pou nou imajine jou sa a kote nou pral pwoklame, “Oh, quel bonheur! Jesus viendra; La terre [epi nou chak ak chak grenn nan nou] attend son Roi!”12 Nan non Jezikri, amèn.

Enprime