Devosyon Nwèl
Pou Jis yo, Nwèl Vledi Tout Bagay Pral Byen


Pou Jis yo, Nwèl Vledi Tout Bagay Pral Byen

Devosyon Nwèl 2022 Premye Prezidans lan

Dimanch, 4 Desanm 2022

Mwen remèsye Prezidan Nelson ak Premye Prezidans la pou privilèj pou m pale aswè a. Fanmi mwen te konn selebre tradisyon Nwèl yo nan peyi dorijin nou ak an Frans, Almay ak Brezil. Kèlkeswa kote n ap viv, pou nou tout ki kwè nan Jezikri epi ki ap suiv Li, gen yon bèl verite ki pa p janm chanje: nou rejwi dèske Moun ki te aple depi nan kòmansman an, Limenm ke tout moun t ap tann depi dè syèk la, Limenm ki se Sèl Pitit Literal Papa a, Li te vini—nan midi tan yo, nan kondisyon ki pi enb yo—Li te vini. Epi, paske Li te vini, dè milya moun ki te viv sou tè sa a pral reviv epi, si yo chwazi sa, yo pral ka eritye lavi etènèl, ki se pi gran nan tout don Bondye yo.

Andedan bèl istwa nesans Li nan epòk Nwèl la, gen anpil leson nou ka aprann.

Men leson m ta vle pataje avèk nou aswè a: Avèk tout enkyetid ak tout ensètitid, difikilte ak pwoblèm k ap suiv isit la nou nan lavi mòtèl sa a, pou moun ki jis yo—ki gen lafwa epi ki mete konfyans yo nan Senyè a—alafen, tout bagay pral byen.

Reflechi sou bèl egzanp sa yo.

Yon fi jis ki rele Elizabèt ak mari li, Zakari, ki te nan ane vyeyès yo, te tris paske yo pa t gen pitit. Sepandan, yo te fidèl epi yo te fè Senyè a konfyans.

Malgre ekriti yo pa rapòte kisa Zakari ak Elizabèt gendwa te santi epi di youn lòt, prezantasyon mizikal Sovè Mond lan ede nou reflechi sou sa yo te petèt genyen nan kè yo. Zakari te deklare bay Elizabèt: “Yo pa t chwazi nou pou nou te gen pitit. Men nou kontinye ap fè Senyè a konfyans.” Epi apresa yo chante: “Ma p toujou sèvi Bondye, men se pa pou fè volonte pa m. … Si sa pa rive fèt, sèvi Li pou tout tan vledi ke m ap ret tann epi m ap gade pou m wè. … Mwen pral … kite Li dirije m nèt … jiskaske lè mwen, jiskaske jou m yo, jskaske ane m yo fin pase.”1

Epi lè sa a, yon mirak te fèt. Ekriti yo rakonte ke nan tanp lan, anj Gabriyèl te parèt devan Zakari. Zanj lan te deklare: “Elizabèt pral ansent yon pitit gason pou ou, epi ou pral rele non li Jan. … Epi li pral … travay pou prepare yon pèp ki pare pou Senyè a.”2

Zakari te reponn, “Mwen fin vye granmoun, epi madanm mwen antre nan laj.”3

Gabriyèl te reponn, “Paske ou pa kwè pawòl mwen yo,” “ou pral bèbè, epi ou pa p ka pale, jiska jou kote bagay sa yo pral rive … akonpli a.”4

Panse a sa Elizabèt ak Zakari te siman santi. Pandan dèzane yo t ap priye pou yo te gen pitit, men yo pa t fè okenn. Yo te kontinye respekte kòmandman yo ak fè Senyè a konfyans. Epi yon zanj te parèt devan Zakari, men palasuit, li pa t ka pale. Siman li te kòmanse doute de pozisyon l devan Senyè a. Men lè moman an te rive, tibebe a te fèt. Zakari te rejwenn lapawòl li ankò. Epi tibebe a te vin tounen Jan pwofèt la, ki te prepare wout la pou Sovè a. Avèk tout ensètitid ak difikilte yo, tout bagay pral byen, alafen, pou jis yo.

Apresa, nan istwa Nwèl la, nou rankontre byenneme Mari, ki te chwazi pou l te vin manman Pitit Gason Bondye a. Epoutan te gen enkyetid ak ensètitid nan lavi li. Gabriyèl te parèt devan Mari, pou te pale l de apèl nòb li a. Mari te mande, “Kijan sa pral fè fèt, puiske m pa nan relasyon konsa ak okenn gason?”5 Gabriyèl te eksplike l ke pouvwa Sentespri a t ap desann sou li, epi pouvwa Moun ki pi Gran an t ap kouvri li, epi li ta pral ansent Pitit Gason Bondye a, epi yo ta pral rele Li Jezi.

Panse ak lajwa ak bonè li dwe te santi lè l te resevwa vizit yon zanj Bondye. Ala li te santi l enb lè l t ap imajine ke l pral manman Mesi a tout moun t ap tann depi lontan an. Epoutan, lè l te rakonte Joseph sa, bagay yo te toujou pa t regle. Joseph sete yon nonm jis epi li pa t vle pou Mari te kouvri anba lawont, men li pa t sèten ki bon wout pou l te suiv. Nan mitan pwoblèm ak ensètitid li, yon zanj te vizite l nan yon rèv: “Joseph, … pa pè pran Mari pou madanm ou: paske sa ki nan vant li a se fwi travay Sentespri a . Epi li pral akouche yon pitit gason, epi ou pral rele non li Jezi: paske li pral sove pèp li a anba peche yo.”6

Sètènman nou ka konprann ke Mari te twouble ak ensèten, pandan l t ap mande kijan benediksyon ekstraòdinè sa a ta pral rive. Joseph, tou, te enkyè ak twouble. Men kounyea sa te klè ke yo te dwe pran wout sa a ansanm. Ala Mari dwe te kontan lè l te aprann ke yon zanj te parèt devan Joseph. Ala Joseph dwe te kontan pou konnen ke sa sete volonte Bondye. Avèk tout ensètitid ak difikilte yo, tout bagay pral byen, alafen, pou jis yo.

Men, jan nou konnen, te gen difikilte toujou pi devan; toujou genyen. Lè moman akouchman Mari te pre rive, Women yo te oblije Joseph retounen nan vil Betleyèm. Mari ak Joseph te detèmine pou yo te ale ansanm. Nou tout renmen bèl istwa Nwèl la. Rive Betleyèm, pa t gen okenn chanm nan otèl la. Ala Joseph dwe te santi l enkyete. Kijan sa te fè posib?” Poukisa Mari, ki te chwazi pami tout lòt fi yo, te dwe akouche Pitit gason Moun ki pi Gran an nan senplisite yon etab? Èske akouchman an ta pral fèt san pwoblèm ni konplikasyon?

Sa ka te parèt sitèlman etonan, sitèlman enjis. Men tibebe a te fèt; Li te an sante. Jan bèl melodi Nwèl la rakonte a, “Au loin dans l’Etable, sans drap ni berceau, Dormait l’enfant Jésus, si calme et si beau.”7

Avan nuit la te pase, yon zanj te parèt devan bèje yo nan chan yo pou te pote bòn nouvèl gwo lajwa a. Epi zanj yo te chante, “Louwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.”8

Bèje yo te ale Betleyèm, kote yo te wè tibebe Jezi. Epi lè yo te jwenn Kris bebe a, ala rekonfò ak reyasirans Joseph ak Mari dwe te santi pandan yo te reyalize ke te gen yon rezon pou tout difikilte yo te rankontre yo. Zanj yo te pwoklame vini Li ak misyon nòb Li a. Apre tout difikilte ak ensètitid yo, tout bagay pral byen, alafen, pou jis yo.

Nan nouvo mond lan, difikilte, ensètitid, ak enkyetid te anvayi jis yo tou. Pwofèt Samyèl te pwofetize ke Sovè a ta pral fèt senk ane apre epi ta pral gen yon siy sou fòm yon nuit antye san fènwa. Lè jou a t ap apwoche, bagay inimajinab la te nan plan yo. “Yon jou [te deja] chwazi selon enkwayan yo [ki te deklare ke moman an te pase,] kote tout moun ki te kwè [ke Sovè a ta pral vini] te dwe sibi lanmòm kòm santans eksepte si siy lan te akonpli.”9 Enkwayan yo te ridikilize kwayan yo, “Lajwa ak lafwa nou konsènan bagay sa te anven.”10 Imajine malèz ak enkyetid moun jis yo. Ekriti yo rakonte ke Nefi “te bese tèt li atè a, li te rele fò nan pye Bondye li a pou pèp li a.”11 Epi pandan Nefi t ap priye, “vwa Senyè a te fè tande l, li te di: Leve tèt ou e fè kè w kontan; paske gade, lè a prèske rive e aswè a siy yo pral akonpli e demen m ap vini nan mond lan.”12

Ekriti yo pwoklame, “pawòl Nefi te resevwa yo te akonpli, … paske gade, lè solèy la t ap pral kouche pa t gen fènwa. … [Epi] tout moun yo … te tèlman etone anpil ke yo te tonbe atè. … [Epi] pat gen fènwa pandan tout nuit sa a, men li te fè klè tankou sete midi. … Epi yo te konnen ke sete jou sa a ke Senyè a te dwe pran nesans.”13

Avèk tout difikilte ak ensètitid yo, pou jis yo—pou moun ki fè Bondye konfyans yo—alafen, kit se nan lavi sa a oswa lè nou ajenou nan pye Li, tout bagay pral byen.14

Lè n ap panse a moman sakre nesans Sovè a, poukisa Senyè a ta rete tann jis nan dènye nuit la pou L te di Nefi ke Li ta pral pran nesans nan demen? Li te ka di l sa kèk semèn oswa mwa alavans. Poukisa Li te kite Elizabèt ak Zakari grandi vin granmoun avan l te konfime ke se yo ki ta pral paran pwofèt Jan? Epi poukisa Mari te bezwen ap enkyete l konsènan evenman ki te devan l yo e poukisa Joseph te kesyone plas li nan pi gran istwa nan tout istwa yo? Poukisa wòl yon etab ak bèje ak zanj yo te rete enkoni jiskaske evenman sa yo te dewoule?

Nan liv Abraham nan, Senyè Bondye a te deklare: “Epi nou pral pase yo anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”15 Epi nan Pwovèb: “Konfye w nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.” Toujou sonje li nan tout sa w ap fè, epi l ap montre ou chemen w.”16

Nan moman ensètitid nou yo, nan jou pwoblèm ak difikilte nou yo, nan konba nou yo, an nou rete fidèl. Jezi te vini nan nuit sakre sa a. Li se Sovè mond lan, Prens Lapè a, Wa tout wa yo. Li vivan, epi “espwa ak krent tout ane yo jwenn repons nan [Li] aswè a.”17 Mwen temwaye ke si nou rete jis, tout dlo chagren nou yo, difikilte ak ensètitid nou yo ap jwenn repons epi korije nan Limenm, Pitit Gason Byenneme Bondye a. “Oh Quel Bonheur, Jésus viendra.”18 Nan non Jezikri, amèn.

Enprime