Devosyon Nwèl
Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa


Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa

Devosyon Nwèl 2022 Premye Prezidans lan

Dimanch 4 Desanm 2022

Jwaye Nowèl! Mèsi pou tout moun ke mesaj yo ak mizik yo ak sèvis yo pwoklame “bon nouvèl gwo lajwa” nan sezon Nwèl sa a.

Plizyè santèn milyon moun ap selebre nesans Jezikri pandan sezon Nwèl sa a. Tout mond lan ta dwe fè sa. Lavi Li sete epi l rete pi gwo lavi yon moun te janm viv.

I.

Menm nan tèm monden, lavi terès Jezi, nonm Nazarèt la, gen yon pi gwo enpak sou mond sa a ak istwa li pase lavi nenpòt lòt moun ki te janm viv. Li se sijè prensipal pwofèt ak powèt yo depi plizyè milye ane. Pi gwo bagay atistik ak mizikal mond oksidantal la te konsakre pou selebre nesans ak lavi ak misyon Jezikri a. Filozòf ak teyolojyen pase vi yo ap etidye ansèyman L yo. Ansèyman sa yo enspire anpil anpil zèv charite, manifestasyon lanmou pur Kris la.

Pa gen okenn moun ki gen plis moniman pou komemore lavi L ak ansèyman L yo pase Senyè a, Jezikri. Natirèlman, sa enkli gran katedral ki simaye nan peyizaj an Ewòp ak an Amerik yo, anpil ladan yo te pran plis pase yon syèk pou yo te konstwi. Pi resamman, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen 171 tanp ki konsakre e ki ap fonksyone ak 129 lòt ki nan faz restorasyon, konstriksyon orijinal, konsepsyon, oubyen ki pral konstwi dapre anons Prezidan Russell M. Nelson te fè nan konferans jeneral ki sot fèt an Oktòb la. Tanp sa yo ki se kay Senyè a twouve yo sou tout kontinan ak nan 74 nasyon nan mond lan. Ladan yo nou konsakre lavi nou nan suiv Jezikri.

Dè milyon moun te bay lavi yo—e, sa ki pi enpòtan toujou, dè milyon moun te pran kòm modèl pou lavi yo—Senyè Bondye Izrayèl la, Jewova, Jezikri, Sovè nou an. Prezidan Gordon B. Hinckley pa t egzajere lè l te proklame: “Egzanp enkonparab Li [sete] pi gran pouvwa bonte ak lapè nan tout mond lan.”1

II.

Nou ka wè yon objektif ak yon senbòl enpòtan nan anons divin nesans Sèl Pitit Gason Bondye a. Nou aprann nan resi ki nan Nouvo Testaman an ke anons nesans timoun ki te Kris la nan emisfè oryantal la te fèt a twa gwoup diferan, chak avèk karasteristik trè diferan. Moun ki te resevwa anons selès nesans lan sete moun ki te trè enb yo, trè sen yo ak trè saj yo.

Premye anons lan se te pou bèje yo nan mòn ki te toupre Betleyèm yo. Yon zanj ak yon koral selès te pwoklame “bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil … yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a.”2 Pwobableman, yo te chwazi bèje yo pou yo te resevwa bon nouvèl sa yo paske yo te dou e enb. Konsa, yo te patikilyèman reseptif pou mesaj syèl la, ke yo te konfime lè yo t al vizite nouvo ne a. Apresa, dapre sa ekriti yo rapòte, yo te “tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit sa a.”3 Travay yo kòm bèje ak mouton yo t ap okipe yo te antisipe egzanp Sovè a te reprezante nan ansèyman L yo. Epi tou, lè Jezi te vin devan Jean Batis nan kòmansman ministè L la, pwofèt sa a te deklare: “Men ti mouton Bondye a k ap wete peche moun sou tout latè.”4

Dezyèm anons nesans Mesi a te fèt nan tanp lan nan Jerizalèm devan de sèvitè sen ke lavi yo te kalifye yo pou yo te resevwa temwayaj Sentespri a. Lè Mari ak Jozèf te pote tibebe Jezi nan tanp lan pou sakrifis yo te preskri pou premye ne yo, Simeyon ak Àn te temwaye ke L se te Mesi a. Ekriti a di ke Simeyon te kenbe timoun nan nan bra l epi li te beni Bondye poutèt Li te pèmèt li wè “sali a,“ yon “limyè pou eklere Janti yo, ak glwa pèp ou a, Izrayèl.” Epi Àn, “yon pwofetès,” te “vin rive, li t ap di Bondye mèsi. Li t ap pale sou Jezi bay tout moun ki t ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm.”5

Gen yon twazyèm gwoup ki te aprann nesans remakab sa a. Bib la, jan Joseph Smith te modifye l lejèman an, rapòte ke “te gen dè zòm saj ki te soti nan lès Jerizalèm, ki t ap di: Kote timoun ki sot fèt la e ki se Mesi Juif yo? paske nou te wè etwal li nan lès, e nou vini pou nou adore l.”6

Lè nou baze sou sa yo te deklare a, nou pa ka doute ke se Senyè a ki te dirije yo pou bi sakre Li. Bib la ansenye ke: “Pèsonn pa konnen bagay Bondye yo, eksepte moun ki gen Lespri Bondye a.”7 Wa Maj sa yo te soti nan yon lòt peyi ak yon lòt kilti, donk yo se yon temwayaj pou raple nou ke Mesi a te ne pou tout moun. Anplis de sa, te gendwa gen yon lòt bi tou. Valè bann kado wa maj yo te prezante a te petèt ede Mari ak Jozèf fè vwayaj rapid yo a pou yo t ale an Ejip epi rete la pou yo te kapab sove Kris, timoun nan, la lè lòd mechan Wa Ewòd la te menase Lavi Li.8

Èske sa pa enteresan ke evenman mirakile nesans Kris la ak yon bagay ki gen gowsè siyifikasyon konsènan evenman sa a, sete sèlman moun ki te trè enb, trè sen ak trè saj yo ke yo te revele li? Jan Èldè James E. Talmage te anseye nan Jesus le Christ la, “Anfèt, Bondye te prepare temwen pou Limenm pou te satisfè moun tout klas ak tout kondisyon—temwayaj zanj yo pou pòv yo ak enb yo; temwayaj wa maj yo pou wa oten an ak prèt Jide ògeye yo.”9

Lè nou sonje Simeyon ak Àn, sa ka enspire nou pou nou menmjan avèk yo, epi ajoute temwayaj nou konsènan nesans sakre a ak bi li nan sezon Nwèl sa a.

III.

Pou noumenm, pa gen anyen ki nouvo nan selebrasyon nesans Kris la. Mesaj la fèt pou tout peryòd tan epi li familye. Yo te anseye Adan li. Yo te preche timoun Izrayèl yo li. Yo te revele l bay desandan Pè Leyi yo. Ankò epi ankò, pwofèt yo te deklare verite santral ki nan ansèyman ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Ankò epi ankò, yo te deklare misyon Li epi yo te anseye kòmandman L lan ki di pitit Bondye yo dwe renmen ak sèvi Bondye epi pou youn ede ak sèvi lòt la. Deklarasyon sa yo ke yo repete atravè tout peryòd tan yo se mesaj ki pi enpòtan nan tout letènite. Pou moun ki ap suiv Kris la, deklarasyon sa yo pa la pou yo revize. Yo la pou yo renouvle nan lavi nou chak.

Nwèl enspire nou pou nou gen yon dezi pou nou depase limit nòmal demonstrasyon lanmou ak amitye nou yo. Pwoklamasyon selès “kè poze sou latè pou tout moun li renmen”10 an pa t limite a moun nou deja gen santiman lanmou ak afeksyon pou yo. Li te dirije bòn volonte anvè zanmi ki pa tèlman pwòch, anvè etranje, e menm anvè ènmi. Nwèl se yon tan tou pou moun padone, yon tan pou moun geri ansyen blesi epi retabli relasyon ki pa mache byen yo.

Nwèl se yon tan pou moun elimine awogans ak pwovokasyon, pou evite kritike moun, pou pratike pasyans, epi retire fokis sou diferans ant moun. Nou ta dwe manifeste kamaradri sensè anvè tout moun, moun ki nan menm relijyon avèk nou menm jan avèk moun ki nan lòt relijyon, ki respekte kòmandman Bondye te mande pwofèt Moyiz pou l bay timoun Izrayèl yo.

“Si yon etranje vin sejoune avèk ou nan peyi w, ou pa dwe ofanse l.

“Men ou dwe konsidere etranje ki abite avèk ou a kòm pitit ou, epi ou dwe renmen li menm jan ak tèt ou.”11

Nwèl se yon tan pou moun sonje ke nou tout se pitit yon Papa Selès ki te bay sèl Pitit Gason L lan pou nou tout ka sove anba lanmò e ki ofri tout moun benediksyon sali ak egzaltasyon selon menm kondisyon an.

Antanke disip Kris la, nou dwe moun ki pi amikal ak moun ki gen plis konsiderasyon nan pami tout pèp tout kote. Nou dwe anseye timoun nou yo pou yo janti epi pou yo gen konsiderasyon pou tout moun. Natirèlman, nou ta dwe evite tip asosyasyon ak aktivite ki ap konpwomèt konduit nou oubyen febli lafwa nou ak adorasyon nou. Men sa pa dwe anpeche nou kolabore avèk moun tout pèsyazyon—kwayan ak non kwayan.

Sa gen kèk deseni, Prezidan Monson te pale konsa:

“Bèje otrefwa yo t ap chèche Jezi ki te timoun nan. Men, noumenm n ap chèche Jezi, Kris la, Gran Frè nou an, Medyatè nou bò kot Papa a, Redanmtè nou an, Otè sali nou an; limenm ki te avèk Papa a nan kòmansman an; limenm ki te pran peche mond lan sou tèt li a epi ki te aksepte mouri pou nou ka viv pou tout tan an. Se Jezi sa a n ap chèche.”12

Sen Dènye Jou yo kalifye yon fason san parèy pou selebre mesaj redanmsyon Jezikri a pandan tout ane a. Nou gen don Sentespri a ki gen kòm misyon pou rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an.13 Nou tout se pitit yon Papa ki nan Syèl la ki te deklare: “Sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”14 Epi pwofèt Sovè nou an, Jezikri, yo, ki se Senyè Bondye Izrayèl la, deklare levanjil Li a:

“Li te vini nan mond lan, Jezi menm, pou mond lan te kapab krisifye L epi pou L pote peche mond lan, epi pou L sanktifye mond lan, epi pou L netwaye l anba tout enjistis.

“Pou tout moun kapab sove atravè Li, tout moun Papa a te mete anba pouvwa L yo, epi ki te kreye pa mwayen Limenm;

“Ki glorifye Papa a epi ki sove tout zèv men li yo.”15

Se poutèt sa, nan Legliz retabli L la, nou deklare “ke akoz Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove si yo obeyi lalwa ak òdonans Levanjil yo.”16 Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.

Enprime